BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 52 p. 126-p. 127 par. 1
  • Lame Jewova a tankou flanm dife

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lame Jewova a tankou flanm dife
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Elicha te wè yon pakèt cha dife — E ou menm?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • 2 Wa — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Li te vle ede
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Kantite moun ki avèk nou an plis pase kantite moun ki avèk yo a
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 52 p. 126-p. 127 par. 1
Lame peyi Siri a ki ansèkle Elize ak sèvitè l la.

LESON 52

Lame Jewova a tankou flanm dife

Bennadad, wa peyi Siri a, te kontinye atake peyi Izrayèl. Men, chak fwa yo pral atake, pwofèt Elize avèti wa Izrayèl la. Konsa, wa a te gentan chape poul li. Se sa k fè, Bennadad te vle kidnape Elize. Yo te di l Elize nan yon vil ki rele Dotan, e l te voye lame Siri a al met men sou li lòtbò a.

Moun peyi Siri yo te rive Dotan nan nuit. Nan demen maten, sèvitè Elize a te sot deyò e l wè yon gwo lame antoure vil la. Li te pè anpil e l te di byen fò: ‘Elize, ki sa pou n fè?’ Elize di l: ‘Kantite moun ki avèk nou an plis pase kantite moun ki avèk yo a.’ Menm kote a, Jewova fè sèvitè Elize a wè mòn yo toutotou vil la ki chaje ak cheval ak chadegè ki tankou dife.

Elize ak sèvitè l la wè lame zanj ki antoure yo a.

Lè sòlda lame peyi Siri yo te eseye vin pran Elize, Elize te priye, li te di: ‘Jewova, tanpri, fè yo pa wè ankò.’ Lapoula, byenke sòlda yo te kapab wè, yo pa t konn ki kote yo te ye. Elize di sòlda yo: ‘Nou pa nan bon vil la. Suiv mwen, mwen pral montre nou moun n ap chèche a.’ Yo te suiv Elize rive jis Samari, kote wa Izrayèl la te ye a.

Lè moun Siri yo resi wè kote yo ye, li te twò ta pou yo. Wa Izrayèl la mande Elize: ‘Èske m mèt touye yo?’ Èske Elize te tou pwofite okazyon sa a pou l fè sòlda sa yo peye paske yo t ap chèche fè l mal? Non. Elize di: ‘Pa touye yo. Ba yo manje, epi voye yo ale.’ Se konsa, wa a te fè yon gwo resepsyon pou yo, apre sa li te voye yo nan peyi yo.

Sòlda peyi Siri yo k ap manje nan Samari.

“E men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” — 1 Jan 5:14.

Kesyon: Ki jan Jewova te pwoteje Elize ak sèvitè l la? Èske w panse Jewova kapab pwoteje w menm jan an tou?

2 Wa 6:8-24.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje