BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w08 1/6 p. 24-25
  • Li te vle ede

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li te vle ede
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Yon sòlda ak yon tifi
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yon tifi ede yon gwo chèf
    Liv istwa biblik mwen an
  • Timoun ki fè kè Bondye kontan
    Koute gran Anseyan an
  • Lame Jewova a tankou flanm dife
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
w08 1/6 p. 24-25

Anseye pitit ou

Li te vle ede

ÈSKE W deja wè yon moun ki malad anpil? — Èske w pa t anvi fè yon bagay pou ede l? — E si l soti nan yon lòt peyi oswa l pa nan menm relijyon avè w? Èske w t ap ede l kanmenm? — Sa gen prèske 3 000 an, gen yon tifi ki t ap viv nan peyi Izrayèl ki te fè sa. Ann fè yon ti pale sou sa k te rive a.

Nan epòk sa a, te toujou konn gen lagè ant Izrayèl, peyi tifi a t ap viv la, ak peyi Siri, yon peyi ki te tou pre (1 Wa 22:1). Yon jou moun peyi Siri yo te atake Izrayèl e yo te pran tifi a kòm prizonye. Yo te mennen l nan peyi Siri e l te vin sèvant madanm chèf lame Siri a ki te rele Naaman. Naaman t ap soufri ak yon maladi grav ki te rele lèp, yon maladi ki t ap wonje tout chè nan kò l.

Yon sèvant ap pale ak madan Naaman.

Tifi a te fè madan Naaman konnen ki jan mari l, Naaman, te ka geri. Li te di l: ‘Si Naaman al Samari, Elize, pwofèt Jewova, t ap geri lèp li a.’ Fason tifi a te pale de Elize a te konvenk Naaman pwofèt la t ap kapab geri l toutbon. Konsa, avèk otorizasyon Bennadad, wa peyi Siri a, Naaman ansanm ak kèk sèvitè te fè yon vwayaj byen long sou yon distans anviwon 150 kilomèt pou y l kot Elize.

Toudabò, yo t al kot Jeworam, wa peyi Izrayèl la. Yo te montre l lèt Bennadad te voye a kote l mande pou yo ede Naaman. Men, Jeworam pa t gen lafwa ni nan Jewova ni nan pwofèt Elize. Li te panse se pwovoke Bennadad t ap chèche pwovoke l pou l fè lagè avè l. Kou Elize tande sa, li di wa Jeworam: “Tanpri, voye mesye a kote m.” Elize te vle montre Jewova gen pouvwa pou l geri Naaman anba vye maladi l la. — 2 Wa 5:1-8.

Lè Naaman rive kay Elize ak cheval li yo ak charyo l yo, Elize voye yon mesaje al di l: ‘Ou dwe al lave kò w sèt fwa nan Rivyè Jouden an e w ap geri.’ Sa fè Naaman fache anpil. Li te atann pou Elize soti vin kote l e pou l pase men l pa anlè sou lèp la pou l geri l. Olye de sa, li sèlman wè mesaje sa a! Pou rezon sa a, Naaman vire do l tou an kòlè e l kòmanse retounen lakay li. — 2 Wa 5:9-12.

Ki jan w t ap reyaji si w te youn nan sèvitè Naaman yo? — Ebyen, men ki kesyon sèvitè l yo te poze l: ‘Si l te di w fè yon gwo bagay, èske w pa t ap fè l? Donk, poukisa w pa fè senp bagay sa a: annik benyen pou w ka geri?’ Naaman koute yo. Li “desann e li [kòmanse] plonje sèt fwa nan Rivyè Jouden an [...]. Epi, chè l vin nòmal ankò tankou chè yon tigason.”

Naaman tounen kot Elize epi l di l: “Kounye a, mwen konnen pa gen Bondye okenn lòt kote sou tè a sof ann Izrayèl.” Apre sa, li te pwomèt Elize li pap janm “ofri okenn lòt dye sakrifis yo boule nèt oswa nenpòt lòt sakrifis ankò. Sof pou Jewova”. — 2 Wa 5:13-17.

Èske w ta renmen ede yon moun aprann konnen Jewova ansanm ak sa l ka fè menm jan tifi Izrayelit la te fè sa a? — Lè Jezi te sou tè a, men ki sa yon mesye ki te gen lèp e ki te kwè nan li te di l: ‘Si w vle ede m toutbon, ou ka geri m.’ Èske w konn ki repons Jezi te ba li? — “Wi, mwen vle.” Epi Jezi te geri l menm jan Jewova te geri Naaman nan. — Matye 8:​2, 3.

Èske w tande pale de monn nouvo Jewova pral kreye a kote tout moun pral an sante e y ap ka viv pou toutan? — (2 Pyè 3:13; Revelasyon 21:3, 4.) Donk, se setèn w ap vle fè lòt moun konnen tout bèl bagay sa yo!

Kesyon:

  • Ki jan yon tifi, sèvitè Naaman yo te pran kòm prizonye, te ede Naaman?

  • Poukisa Naaman pa t obeyi Elize okòmansman, men, ki sa k te fè l chanje lide?

  • Ki sa w dwe fè toutbon pou w imite tifi sa?

  • Ki sa Jezi te vle fè, e ki sa k fè lavi a pral bèl nan monn nouvo Bondye a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje