BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 69
  • Yon tifi ede yon gwo chèf

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon tifi ede yon gwo chèf
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Li te vle ede
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Yon sòlda ak yon tifi
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Timoun ki fè kè Bondye kontan
    Koute gran Anseyan an
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 69
Tifi izrayelit la ap pale ak madan Nàmàn de pwofèt Elicha.

ISTWA 69

Yon tifi ede yon gwo chèf

ÈSKE w konnen ki satifi a ap di la a ? L ap pale ak madanm nan de pwofèt Elicha. L ap di l bagay estrawòdinè Jewova bay pwofèt la pouvwa pou l fè. Madanm nan pa konn anyen sou Jewova paske li pa Izrayelit. Kounye a, ann wè ki jan tifi a fè twouve l lakay madanm nan.

Madanm nan se yon Siryèn. Mari l rele Nàmàn. Nàmàn se chèf lame Siryen an. Siryen yo te ale ak tifi Izrayelit sa a. Yo mennen l bay madan Nàmàn pou l vin domestik li.

Nàmàn trape yon vye maladi yo rele lèp. Maladi sa a ka manje tout chè yon moun. Men ki satifi a di madan Nàmàn : ‘ Mwen swete pou mèt mwen an ale ann Izrayèl, bò kote pwofèt Jewova a. Li kapab byen geri maladi lèp la. ’ Apre sa, yo fè Nàmàn konnen sa tifi a di.

Nàmàn ta byen kontan geri. Li deside ale ann Izrayèl. Lè l rive, l al lakay Elicha. Elicha fè sèvitè l la soti al di Nàmàn pou l al plonje sèt fwa nan rivyè Jouden an. Sa fè Nàmàn fache anpil. Li di : ‘ Rivyè ki gen nan peyi m yo vo plis pase nenpòt rivyè ki gen ann Izrayèl ! ’ Lè l fin di sa, l al fè wout li.

Men, youn nan sèvitè l yo di l konsa : ‘ Mèt, si Elicha te mande w fè yon bagay ki difisil, ou t ap fè l, pa vre ? Poukisa ou pa annik al benyen jan l di w la ? ’ Nàmàn koute sèvitè l la, l al plonje sèt fwa nan rivyè Jouden an. Lè l fini, po l vin lis, li refè !

Se pa ti kontan Nàmàn kontan. Li retounen al di Elicha konsa : ‘ Kounye a, mwen gen asirans se Bondye Izrayèl la ki sèl Bondye toutbon sou tout tè a. Tanpri, aksepte kado sa a. ’ Men Elicha reponn : ‘ Non, mwen pa bezwen kado. ’ Elicha konnen li pap bon pou l pran kado a, paske se Jewova ki geri Nàmàn. Men, Elicha gen yon sèvitè l ki rele Geyazi, ki ta renmen jwenn kado a.

Sa Geyazi fè, li tann kou Nàmàn vire, li kouri dèyè l. Lè l rive, li di l : ‘ Elicha voye m di w konsa, li gen detwa zanmi ki fèk vin kote l la a, li ta renmen ba yo kèk nan kado w yo. ’ Se yon manti Geyazi fè la a. Men, Nàmàn pa konnen si se manti Geyazi ba li, se sa k fè li ba l kèk kado.

Lè Geyazi retounen, Elicha te deja konnen sa l fè a paske Jewova te gentan di l sa. Elicha di Geyazi konsa : ‘ Piske w fè kalite bagay sa a, lèp Nàmàn nan ap tonbe sou ou kounye a. ’ Menm kote a, kò Geyazi vin plen lèp !

Ki sa istwa sa a aprann nou ? Premyèman, nou dwe pale de Jewova menm jan tifi a te fè l la. Sa kapab bay anpil bon rezilta. Dezyèmman, nou pa dwe fè ògèy menm jan Nàmàn te fè okòmansman an, men nou dwe obeyi sèvitè Jewova yo. Twazyèmman, nou pa dwe fè tankou Geyazi pou nou bay manti. Èske nou pa gen anpil bagay nou kapab aprann lè nou li Bib la ?

2 Wa 5:1-27.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje