BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 51 p. 124-p. 125 par. 2
  • Yon sòlda ak yon tifi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon sòlda ak yon tifi
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Li te vle ede
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Yon tifi ede yon gwo chèf
    Liv istwa biblik mwen an
  • Timoun ki fè kè Bondye kontan
    Koute gran Anseyan an
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 51 p. 124-p. 125 par. 2
Naaman k al vizite Elize pou l ka geri.

LESON 51

Yon sòlda ak yon tifi

Te gen yon tifi izrayelit nan peyi Siri ki te lwen lakay li. Se lame peyi Siri a ki te pran l e kounye a, li se yon sèvant lakay madan Naaman, yon chèf nan lame Siri a. Tifi a te konn adore Jewova, malgre moun ki te bò kote l yo pa t konn fè sa.

Naaman te gen yon vye maladi sou po l, e l te toujou ap soufri. Tifi a te vle ede l toutbon. Li te di madan Naaman: ‘Mwen konnen yon moun ki ka ede mari w. Ann Izrayèl, gen yon pwofèt Jewova ki rele Elize. Li kapab geri mari w.’

Madan Naaman te di Naaman sa tifi a te di l la. Naaman te vle eseye tout sa yo di l. Se sa k fè l t al ann Izrayèl, lakay Elize. Naaman te panse Elize t apral byen resevwa l kòm yon moun ki enpòtan. Men, olye Elize te soti al pale ak Naaman, li te voye sèvitè l la al salye Naaman, epi ba l yon mesaj ki di: ‘Al nan Rivyè Jouden an, benyen ladan l sèt fwa. Apre sa, w ap geri.’

Naaman pa t kontan ditou. Li di: ‘Mwen te panse pwofèt sa a t ap rele Bondye l la e l t ap balanse men l sou mwen pou l geri m. Olye de sa, li voye m al nan yon rivyè ann Izrayèl. Nou gen pi bon rivyè nan peyi Siri! Poukisa m pa annik al lòtbò a?’ Naaman te fache anpil, epi l kite kay Elize.

Naaman k al benyen nan Rivyè Jouden an, epi l geri.

Sèvitè Naaman yo te pale ak Naaman. Yo di l: ‘Èske w pa t ap fè nenpòt bagay pou w geri? Sa pwofèt la di w fè a tou senp, poukisa w pa annik fè sa l di a?’ Naaman te koute yo. L al nan Rivyè Jouden an e l plonje sèt fwa nan dlo a. Sou setyèm fwa a, Naaman sot nan rivyè a tou geri. Li te kontan anpil, e l te retounen al di Elize mèsi. Naaman di: ‘Kounye a, mwen konnen se Jewova ki vrè Dye a.’ Ki jan w panse tifi izrayelit la te santi l lè l wè Naaman retounen tou geri?

“Se nan bouch timoun piti ak tibebe ou fè louwanj soti pou ou.” — Matye 21:16.

Kesyon: Èske w panse l te fasil pou tifi izrayelit la t al pale ak madan Naaman? Ki sa w panse ki te fè l gen kouraj konsa?

2 Wa 5:1-19; Lik 4:27.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje