BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 58 p. 140-p. 141 par. 2
  • Yo detwi Jerizalèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo detwi Jerizalèm
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Pwofesi konsènan Mesi a: Gwo pye sèd la
    Jewova retabli vrè adorasyon an!
  • Jewova ap bay chak moun sa yo merite selon aksyon yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Ezekyèl — Lavi l ak epòk li t ap viv la
    Jewova retabli vrè adorasyon an!
  • Jeremi — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 58 p. 140-p. 141 par. 2
Jerizalèm ak tanp lan k ap boule.

LESON 58

Yo detwi Jerizalèm

Moun Jida yo t ap plede kite Jewova pou y al adore fo dye. Pandan plizyè ane, Jewova te kontinye chèche ede yo. Se pa de pwofèt li te voye al avèti yo, men, yo pa t koute. Okontrè, yo te pase pwofèt yo nan rizib. Ki jan Jewova te fè yo sispann adore zidòl?

Nebikadneza, wa Babilòn nan, t ap pran yon nasyon apre yon lòt. Premye fwa li te pran Jerizalèm, li te ale ak wa Jewoyakin, prens yo, sòlda yo ak atizan yo, epi l mennen yo tout Babilòn. Mete sou sa, li te pran tout trezò ki te nan tanp Jewova a. Epi, Nebikadneza te met Sedesyas wa nan peyi Jida.

Okòmansman, Sedesyas te obeyi Nebikadneza. Twouve, nasyon ozalantou yo ak fo pwofèt yo te bay Sedesyas konsèy pou l revòlte kont Babilòn. Men, Jeremi te avèti l, li di: ‘Si w fè rebèl, ap gen zak asasinay, gwo grangou ak epidemi nan Jida.’

Lè Sedesyas te gen uit an sou pouvwa a, li te deside leve kont Babilòn. Li te mande lame peyi Ejip la ede l. Epi, Nebikadneza te voye lame l la vin atake Jerizalèm, e yo te ansèkle vil la. Jeremi te di Sedesyas: ‘Jewova di si w soumèt devan Babilòn, ou menm ak vil la ap chape. Si w pa fè sa, sòlda Babilòn yo ap boule Jerizalèm nèt e y ap pran w kòm prizonye.’ Sedesyas di: ‘Mwen pap soumèt!’

Ennan edmi annapre, lame Babilòn nan te pase nan miray Jerizalèm nan, li antre nan vil la, e li met dife ladan l. Yo te boule tanp lan nèt, yo te touye anpil moun e yo te mennen plizyè milye moun kòm prizonye.

Sedesyas te kouri kite Jerizalèm. Men, sòlda Babilòn yo te kouri dèyè l. Yo te pran l toupre vil Jeriko e yo te mennen l bay Nebikadneza. Wa Babilòn nan te fè Sedesyas gade kote y ap touye pitit li yo. Epi, Nebikadneza pete de je Sedesyas, li mete l nan prizon e se la l te mouri. Epi, Jewova te fè moun peyi Jida yo yon pwomès, li di: ‘Apre 70 an, m ap fè nou retounen lakay nou Jerizalèm.’

Ki sa k t apral rive jèn moun yo te mennen Babilòn yo? Èske yo t ap ret fidèl ak Jewova?

“Jewova Dye, ou menm ki Toupisan an, jijman w yo jis, e moun ka fè yo konfyans.” — Revelasyon 16:7.

Kesyon: Kiyès Nebikadneza te ye? Ki sa l te fè vil Jerizalèm? Kiyès Sedesyas te ye?

2 Wa 24:1, 2, 8-20; 25:1-24; 2 Kwonik 36:6-21; Jeremi 27:12-14; 29:10, 11; 38:14-23; 39:1-9; Ezekyèl 21:27.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje