TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JEREMI 39-43
Jewova ap bay chak moun sa yo merite selon aksyon yo
Sedesyas te dezobeyi lòd Jewova te ba l pou l rann tèt li bay Babilòn
Yo te touye pitit gason Sedesyas yo devan de je l. Apre sa, yo te pete je l e yo te mare l ak chenn ki fèt an kuiv epi yo te mete l nan prizon Babilòn pou tout rès vi l
Ebèdmelèk te montre l gen lafwa nan Jewova e li te gen sousi pou Jeremi, pwofèt Jewova a
Jewova te pwomèt li t ap pwoteje Ebèdmelèk lè yo t ap detwi Jida
Jeremi te preche avèk kran pandan anpil ane anvan yo te detwi Jerizalèm
Jewova te pwoteje Jeremi lè yo te anvayi Jerizalèm, e li te fè yon fason pou moun Babilòn yo libere l