BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 82 p. 192-p. 193 par. 2
  • Jezi montre disip li yo ki jan pou yo priye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi montre disip li yo ki jan pou yo priye
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Èske nou dwe priye Jezi?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Pwoche kote Bondye grasa lapriyè
    Ki sa Bondye vle nou fè?
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 82 p. 192-p. 193 par. 2
Yon Farizyen k ap priye an piblik e moun yo kanpe ap gade l.

LESON 82

Jezi montre disip li yo ki jan pou yo priye

Tout sa Farizyen yo te fè, yo te fè l pou moun ka fè lwanj pou yo. Si yo te fè yon bon bagay, yo te fè l pou fè moun wè. Yo te konn priye an piblik pou tout moun ka wè yo. Farizyen yo te aprann yon seri priyè byen long e yo te konn resite yo nan sinagòg yo ak nan kafou gran wout yo kote lòt moun te kapab tande yo. Se sa k fè moun yo te sezi lè Jezi te di yo: ‘Pa priye tankou Farizyen yo. Yo te panse Bondye t ap sezi tande tout pawòl y ap di yo, men, sa pa t fè Bondye sezi. Lapriyè se yon bagay ki konsène ou menm ak Jewova. Pa repete menm pawòl yo toutan. Jewova vle w di l jan w santi w toutbon.

Yon tigason ki met ajenou pou l priye.

‘Men ki jan nou dwe priye: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.”’ Epitou, Jezi te di yo pou yo priye pou manje y ap bezwen pou jounen an, pou yo mande padon pou peche yo e pou kèk lòt bagay y ap bezwen.

Jezi te di: ‘Pa janm sispann priye. Kontinye mande Jewova, Papa w, pou l ba w bon bagay. Tout papa ak manman vle bay pitit yo bon bagay. Si pitit ou mande w yon pen, èske w t ap ba li yon wòch? Si l mande w yon pwason, èske w ap ba li yon koulèv?’

Apre sa, Jezi esplike yo leson an: ‘Si w konnen fò w bay pitit ou bon kado, alewè pou Jewova, Papa nou, l ap ban nou lespri sen tou. Sèl sa w bezwen fè se mande l li.’ Èske w suiv konsèy Jezi te bay la? Ki bagay konsa ou mande Bondye lè w ap priye l?

“Kontinye mande, e y ap ban nou. Kontinye chèche, e n ap jwenn. Kontinye frape, e y ap ouvri pou nou.” — Matye 7:7.

Kesyon: Ki sa Jezi te di disip li yo pou l montre yo fason pou yo priye? Èske w priye pou bagay ki enpòtan pou ou?

Matye 6:2-18; 7:7-11; Lik 11:13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje