BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/1 p. 14-15
  • Èske nou dwe priye Jezi?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou dwe priye Jezi?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KIYÈS JEZI TE APRANN NOU PRIYE?
  • KIYÈS PREMYE KRETYEN YO TE KONN PRIYE?
  • Jezi aprann nou priye
    Koute gran Anseyan an
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ki jan pou n priye Bondye pou l koute nou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/1 p. 14-15

Èske nou dwe priye Jezi?

SA PA gen lontan, gen yon moun ki te fè yon ankèt sou plis pase 800 jèn ki nan plis pase yon douzèn relijyon. Li te mande yo si wi ou non yo kwè se Jezi ki reponn priyè yo. Plis pase 60 pousan nan yo te di yo gen fèm konviksyon se Jezi ki reponn priyè yo. Sepandan, gen youn nan jèn ki te patisipe nan ankèt la ki te retire non Jezi epi l te ekri “Bondye” nan plas li.

Ki sa w panse? Èske nou dwe priye Jezi oswa Bondyea? Pou n jwenn repons lan, toudabò ann egzamine fason Jezi te anseye disip li yo pou yo priye.

KIYÈS JEZI TE APRANN NOU PRIYE?

Jezi te aprann nou e l te montre kiyès nou dwe priye.

Jezi ap priye Papa l[Foto nan paj 14, 15]

Jezi te konn priye Papa l ki nan syèl la, li kite yon bèl egzanp pou nou suiv.

ANSÈYMAN LI TE BAY: Lè youn nan disip Jezi yo te di l “Seyè, montre nou ki jan pou nou priye”, men repons Jezi te ba li: “Lè n ap priye, men sa pou nou di: ‘Papa.’” ​(Lik 11:1, 2). Mete sou sa, nan Sèmon sou montay la, yon sèmon anpil moun konnen, Jezi te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo priye. Men sa l te di: “Priye Papa w.” Li te ba yo asirans tou lè l te di yo: “Papa nou, konnen ki sa nou bezwen anvan menm nou mande l.” ​(Matye 6:6, 8). Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, men sa l te di disip li yo: “Si nou mande Papa a yon bagay nan non mwen, l ap ban nou l.” ​(Jan 16:23). Konsa, Jezi te aprann nou priye Jewova, Bondye ki alafwa Papa l ak Papa nou an. — Jan 20:17.

EGZANP LI TE BAY: Ann amoni ak fason Jezi te aprann lòt moun pou yo priye, men ki priyè Jezi te fè pèsonèlman: “Papa, ou menm ki Seyè syèl la ak tè a, m ap ba w louwanj devan tout moun.” ​(Lik 10:21). Nan yon lòt okazyon, “Jezi leve je l gad syèl la, li di: ‘Papa, mwen remèsye w poutèt ou tande m.’”(Jan 11:41). Epi pandan Jezi t apral mouri, men priyè li te fè: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.” ​(Lik 23:46). Piske Jezi te konn priye Papa l ki nan syèl la, li menm ki “Seyè syèl la ak tè a”, Jezi te kite yon bèl egzanp pou tout moun suiv (Matye 11:25; 26:41, 42; 1 Jan 2:6). Èske se fason sa a premye disip Jezi yo te konprann enstriksyon l te ba yo a?

KIYÈS PREMYE KRETYEN YO TE KONN PRIYE?

Kèk semèn apre Jezi te fin retounen nan syèl la, opozan yo t ap maltrete disip li yo e yo t ap menase yo (Travay 4:18). Natirèlman, yo te priye pou yo ka jwenn èd, men kiyès yo te priye? “Yo met tèt yo ansanm pou yo priye Bondye”, yo te priye l pou l ka kontinye ede yo “nan non Jezi, sèvitè [l] la ki sen”. (Travay 4:24, 30.) Kidonk, disip yo te suiv enstriksyon Jezi te ba yo sou lapriyè. Yo te priye Bondye, yo pa t priye Jezi.

Plizyè ane apre, apot Pòl te dekri fason li menm ansanm ak konpayon l yo te priye. Lè l t ap ekri kretyen parèy li yo, men sa l te di: “Nou toujou di Bondye, Papa Jezi Kris Seyè nou an, mèsi lè n ap priye pou nou.” ​(Kolosyen 1:3). Anplis de sa, Pòl te ekri kwayan parèy li yo sou nesesite pou yo “toujou remèsye Bondye nou an, ki Papa nou, pou tout bagay, nan non Jezi Kris, Seyè nou an”. (Efezyen 5:20.) Nan pawòl sa yo, nou wè Pòl te ankouraje lòt moun pou yo priye “Bondye nou an, ki Papa nou, pou tout bagay”, men, natirèlman, yo te fè sa nan non Jezi. — Kolosyen 3:17.

Menm jan ak premye kretyen yo, nou ka montre nou renmen Bondye lè nou suiv konsèy Jezi bay sou lapriyè (Jan 14:15). Toutpandan n ap priye Papa nou ki nan syèl la, piske se li menm sèlman nou dwe priye, pawòl nou jwenn nan Sòm 116:1, 2 a (NW) ap vin gen plis sans pou nou. Men sa nou li: “Mwen renmen Jewova paske li tande vwa mwen [...]. M ap rele l toutotan m ap viv.”b

a Dapre Ekriti yo, Bondye ak Jezi pa egal. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 4 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

b Pou Bondye koute priyè nou yo, nou dwe fè efò sensè pou nou viv ann amoni ak sa l mande yo. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 17 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a.

Èske se Jezi yo te priye?

Bib la rapòte kèk sitiyasyon kote gen moun ki fidèl ki te pale ak Jezi apre Jezi te fin retounen nan syèl la, e pafwa moun sa yo te konn pale ak zanj (Travay 9:4, 5, 10-16; 10:3, 4; Revelasyon 10:8, 9; 22:20). Men, èske se kreyati ki nan syèl la mesye sa yo t ap priye? Non. Nan tout egzanp yo, se kreyati ki nan syèl la ki te pran inisyativ pou yo kominike ak mesye yo. Se Bondye sèlman gason ak fi ki fidèl yo te konn priye. — Filipyen 4:6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje