BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 97 p. 226-p. 227 par. 2
  • Kònèy resevwa lespri sen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kònèy resevwa lespri sen
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Pyè al kay Kònèy
    Liv istwa biblik mwen an
  • “Bondye pa gen patipri”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Bondye pa gen patipri
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Jewova “pa gen patipri”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 97 p. 226-p. 227 par. 2
Kònèy k ap resevwa Pyè lakay li.

LESON 97

Kònèy resevwa lespri sen

Te gen yon gwo chèf nan lame women an ki t ap viv Sezare ki te rele Kònèy. Byenke li pa t yon Juif, Juif yo te respekte l. Li te renmen ede moun ki pòv yo ak moun ki te nan bezwen yo. Kònèy te kwè nan Jewova e li te priye l toutan. Yon jou, yon zanj te parèt devan Kònèy, li di l: ‘Bondye tande priyè w yo. Kounye a, voye kèk mesye nan vil Jope, kote Pyè rete a, epi mande l vin kote w.’ Lapoula, Kònèy voye twa mesye al Jope, ki nan anviwon 50 kilomèt nan direksyon sid.

Pandan tan sa a, Pyè ki te nan Jope te fè yon vizyon. Li te wè kèk bèt Juif yo pa t gen dwa manje e li te tande yon vwa ki di l manje. Pyè te refize e li te di: ‘Mwen pa janm manje okenn bèt ki pa pwòp nan vi m.’ Lè sa a, vwa a di l: ‘Pa di bèt sa yo pa pwòp. Bondye fè yo vin pwòp.’ Men yon lòt bagay li te di Pyè: ‘Gen twa mesye devan pòt ou. Ale avèk yo.’ Pyè ouvri pòt la e li mande mesye yo ki sa yo bezwen. Yo reponn: ‘Se Kònèy, yon gwo chèf nan lame women an, ki voye nou. Ou dwe vini lakay li nan Sezare.’ Pyè envite mesye yo ret dòmi lakay li. Nan demen, li ale avèk mesye yo nan Sezare e li mennen kèk nan frè Jope yo ansanm avèk li.

Lè Kònèy resi wè Pyè li mete ajenou. Men Pyè di: ‘Leve! Mwen se yon moun menm jan avè w. Bondye mande m pou m vin lakay ou byenke Juif pa konn al lakay moun lòt nasyon. Kounye a, tanpri, di m poukisa w voye rele m.’

Kònèy di Pyè: ‘Sa gen kat jou, m t ap priye Bondye e yon zanj te di m pou m voye chèche w. Tanpri, anseye nou pawòl Jewova.’ Pyè di: ‘Mwen aprann Bondye pa gen patipri. Li aksepte nenpòt moun ki vle adore l.’ Pyè anseye yo anpil bagay sou Jezi. Apre sa, lespri sen desann sou Kònèy ansanm ak moun ki te avèk li yo, e yo tout te batize.

“Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — Travay 10:35.

Kesyon: Poukisa Pyè te refize manje bèt ki pa pwòp yo? Poukisa Jewova te di Pyè pou l al lakay yon mesye ki se yon moun lòt nasyon?

Travay 10:1-48.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje