BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w10 1/10 p. 28-29
  • Bondye pa gen patipri

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye pa gen patipri
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Destriksyon Sodòm ak Gomò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Jezi te etone moun ki t ap koute l yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Pyè te nye Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Yo te bay Moyiz fè yon travay espesyal
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
w10 1/10 p. 28-29

Pou jèn yo

Bondye pa gen patipri

Enstriksyon: Fè egzèsis sa a yon kote w ap kapab konsantre w. Pandan w ap li vèsè yo, imajine w ap patisipe nan sa k ap fèt la. Imajine sèn nan. Tande vwa yo. Eseye santi santiman k ap travèse pèsonaj prensipal yo. Fè istwa a vin vivan.

Pèsonaj prensipal yo: Kònèy ak Pyè.

Rezime: Pyè te imite Bondye e li te montre li pa gen patipri menm jan avè l lè l te preche Kònèy, yon moun ki pa t Juif.

1 ANALIZE SÈN NAN. — LI TRAVAY 10:1-35, 44-48.

Sèvi ak imajinasyon w pou w pale sou aparans Kònèy.

․․․․․

Lè Kònèy t ap pale ak zanj lan, ki santiman ou panse ki te anvayi Kònèy (Gade vèsè 3-6)?

․․․․․

Lè Kònèy t ap pale ak sèvitè l yo, de ki sa ou panse yo t ap pale (Gade vèsè 7, 8)?

․․․․․

2 MEDITE PLIS TOUJOU.

Soti nan vèsè 10 pou rive nan vèsè 16, nou jwenn yon egzanp yo te bay Pyè. Poukisa egzanp sa a te efikas? (Men yon ti poul: Pa bliye Pyè se te yon Juif, jan vèsè 14 la fè konprann sa.)

․․․․․

Dapre vèsè 25 lan, ki kalite Kònèy te genyen? Sa k fè kalite sa a se yon kalite ki ra pou jwenn lakay yon moun ki nan pozisyon Kònèy? (Men yon ti poul: Gade vèsè 1 an.)

․․․․․

Sèvi ak mwayen ou genyen pou fè rechèch pou w konnen konbyen moun ki te gen nan gwoup sòlda italyen Kònèy te chèf yo a.

․․․․․

Poukisa konvèsyon Kònèy la vrèman merite pou nou konsantre sou li?

․․․․․

3 APLIKE SA W SOT APRANN YO. EKRI SA W TE APRANN KONSÈNAN...

Fason pou w byen sèvi ak egzanp.

․․․․․

Patipri.

․․․․․

Ki jan w ka montre w pa gen patipri.

․․․․․

4 KI SA K PLIS TOUCHE W NAN ISTWA SA A, E POUKISA?

․․․․․

SI W PA GEN BIB, MANDE TEMWEN JEWOVA YO POU YO BA W YOUN, OUBYEN LI LABIB SOU ENTÈNÈT NAN www.watchtower.org

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje