BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w08 1/1 p. 26
  • Pyè te nye Jezi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pyè te nye Jezi
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Destriksyon Sodòm ak Gomò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Jezi te etone moun ki t ap koute l yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Yon mirak nan fèt Pannkòt la!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Yon frè ki te an kòlè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
w08 1/1 p. 26

Pou jèn yo

Pyè te nye Jezi

Enstriksyon : Fè egzèsis sa a yon kote w ap kapab konsantre w. Pandan w ap li vèsè yo, imajine w ap patisipe nan sa k ap fèt la. Imajine sèn nan. Tande vwa yo. Eseye santi santiman k ap travèse pèsonaj prensipal yo.

ANALIZE SÈN NAN. — LI MATYE 26:31-35, 69-75.

Dapre ou menm, konbyen moun ki te nan sèn nan ?

․․․․․

Ki jan w panse moun ki te poze Pyè kesyon yo te ye ? Èske yo te amikal, yo te kirye, yo te fache oswa yo te gen lòt bagay ki te pouse yo poze l kesyon ?

․․․․․

Ki jan w panse Pyè te santi l lè yo t ap akize l ?

․․․․․

Poukisa Pyè te nye Jezi ? Èske se lanmou li te manke pou li oswa se te yon lòt bagay ?

․․․․․

MEDITE PLIS TOUJOU. — LI LIK 22:31-34 ; MATYE 26:55-58 ; JAN 21:9-17.

Poukisa se gendwa twòp konfyans Pyè te gen nan kapasite l ki fè li te fè erè li te fè a ?

․․․․․

Ki jan Jezi te montre li fè Pyè konfyans byenke li te konnen Pyè t apral trebiche pou yon ti moman ?

․․․․․

Byenke Pyè te nye Jezi, ki jan li te montre li gen plis kouraj pase lòt disip yo ?

․․․․․

Ki jan Jezi te montre li te padone Pyè ?

․․․․․

Jezi te mande Pyè pandan twa fwa : “ Èske w renmen m ? ” Poukisa w panse li te mande l sa ?

․․․․․

Ki jan ou panse Pyè te santi l apre Jezi te fin fè ti pale sa a avè l, e poukisa ou panse sa ?

․․․․․

APLIKE SA W SOT APRANN YO. EKRI SA W TE APRANN KONSÈNAN...

Lakrentif pou lòm.

․․․․․

Konpasyon Jezi te genyen pou disip li yo menm lè yo te fè erè.

․․․․․

Ki sa w jwenn nan pasaj sa a ki gen plis siyifikasyon pou ou, e poukisa ?

․․․․․

․․․․․

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje