Pou jèn yo
Jezi te etone moun ki t ap koute l yo
Enstriksyon : Fè egzèsis sa a yon kote w ap kapab konsantre w. Pandan w ap li vèsè yo, imajine w ap patisipe nan sa k ap fèt la. Imajine sèn nan. Tande vwa yo. Eseye santi santiman k ap travèse pèsonaj prensipal yo. Fè istwa a vin vivan.
ANALIZE SÈN NAN. — LI LIK 2:41-47.
Selon sa ki di nan vèsè 46 la, de ki sa w panse moun yo ap pale la a ?
․․․․․
MEDITE PLIS TOUJOU.
Dapre ou, sa k fè Jezi te ka gen konvèsasyon sa a ak chèf relijye yo, alòske se yon timoun li te ye ? Èske se sèlman paske li te pafè, oswa èske gen yon lòt rezon ?
․․․․․
ANALIZE SÈN NAN. — LI LIK 2:48-52.
Ki atitid ou panse Jezi te genyen lè l te mande paran l yo : “ Poukisa pou n’ap chache m’ konsa ? ”
․․․․․
Sa k fè nou ka sèten Jezi pa t pale ak paran l yo yon fason pou l pase yo nan rizib oswa pou l derespekte yo ?
․․․․․
MEDITE PLIS TOUJOU.
Sa k fè li nòmal pou Jozèf ak Mari te enkyete yo ?
․․․․․
Malgre Jezi te pafè, sa k fè li te dwe kontinye obeyi paran l ?
․․․․․
Èske w panse Jezi te jennen paske yo te blame l devan moun ki te admire l ?
․․․․․
APLIKE SA W SOT APRANN YO. EKRI SA W TE APRANN KONSÈNAN...
Obeyisans.
․․․․․
Enpòtans sa genyen pou yon moun chèche gen konesans depi lè l timoun.
․․․․․
KI SA K PLIS TOUCHE W NAN ISTWA BIBLIK SA A, E POUKISA ?
․․․․․