SEKSYON DE
“Nou te derespekte kote mwen genyen ki sakre a” adorasyon ki pwòp la vin kòwonpi
IDE KLE: Jida ak Jerizalèm vin kòwonpi nan domèn espirityèl ak nan domèn moral.
Jewova renmen Izrayelit yo e li te pran swen yo antanke “yon byen ki gen anpil valè” pou li (Egz. 19:5, nòt). Men, anretou, yo te adore fo dye nan tanp li an! Yo te fè Jewova lapenn e yo te sal repitasyon l. Ki sa k te fè Izrayelit yo tonbe ba konsa? Ki sa nou ka aprann nan pwofesi Ezekyèl konsènan destriksyon Jerizalèm nan? E ki leson nou ka aprann nan fason Izrayèl te boule ak nasyon ki te ozalantou l yo?