BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lvs chap. 15 p. 200-212
  • Pran plezi nan travay w ap fè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pran plezi nan travay w ap fè
  • Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Li nan “Lanmou Bondye”
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • DE MOUN KI PLIS KONN TRAVAY YO
  • KI JAN W DWE KONSIDERE TRAVAY OU?
  • KI TRAVAY MWEN KA AKSEPTE?
  • “REKONÈT BAGAY KI PI ENPÒTAN YO”
  • TRAVAY KI PI ENPÒTAN NOU GEN POU N FÈ A
  • Fason pou w renmen travay di
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Rezon ki fè nou dwe travay
    Koute gran Anseyan an
  • Se pou nou gen kè kontan pou tout travay di nou fè
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Travay ansanm ak Bondye bay anpil kè kontan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Fason pou n rete nan lanmou Bondye
lvs chap. 15 p. 200-212
Yon frè k ap bay yon mesye temwayaj nan travay li

CHAPIT 15

Pran plezi nan travay w ap fè

“Se pou tout moun [...] gen kè kontan pou tout travay di yo fè.” — EKLEZYAS 3:13.

1-3. a) Ki jan anpil moun konsidere travay yo? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan chapit sa a?

TOUPATOU sou tè a, moun ap travay di pou yo pran swen tèt yo e pou yo pran swen fanmi yo. Anpil ladan yo pa renmen travay y ap fè a, e gen kèk nan yo ki strese anpil chak jou lè yo pral travay. Si se konsa w santi w, ki sa w ka fè pou w pran plezi nan travay ou? Ki jan w ka vin renmen travay ou?

2 Jewova di: “Se pou tout moun manje, se pou yo bwè e se pou yo gen kè kontan pou tout travay di yo fè. Se kado Bondye bay.” (Eklezyas 3:13). Jewova kreye nou yon fason pou n bezwen travay e pou n anvi travay. Li vle nou renmen sa n ap fè. — Li Eklezyas 2:24; 5:18.

3 Donk, ki sa k ka ede nou pran plezi nan travay nou? Ki kalite travay yon kretyen dwe evite? Ki jan nou ka fè ekilib ant travay nou ak adorasyon n ap bay Jewova a? E ki travay ki pi enpòtan nou gen pou n fè?

DE MOUN KI PLIS KONN TRAVAY YO

4, 5. Ki jan Jewova konsidere travay?

4 Jewova renmen travay. Jenèz 1:1 di: “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” Lè Bondye te fin fè tè a ak tout sa k sou li, li te di sa l te fè yo te “bon anpil”. (Jenèz 1:31.) Kreyatè nou an te satisfè ak sa l te fè. — 1 Timote 1:11.

5 Jewova pa janm sispann travay. Jezi te di: “Papa m kontinye travay jis kounye a.” (Jan 5:17). Se vre nou pa konn tout bèl bagay Jewova fè yo, men gen kèk bagay nou konnen. Li te chwazi moun ki pral dirije ak Jezi Kris, Pitit li a, pou yo vin fè pati Wayòm nan (2 Korentyen 5:17). Mete sou sa, Jewova ap bay lèzòm direksyon e l ap pran swen yo. Grasa travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a, gen plizyè milyon moun ki vin aprann konn Jewova e ki gen espwa pou yo viv pou toutan sou tè a ki pral tounen yon paradi. — Jan 6:44; Women 6:23.

6, 7. Ki jan Jezi konsidere travay?

6 Jezi renmen travay, menm jan ak Papa l. Anvan Jezi te vin sou tè a, li te travay bò kot Bondye e li te “travay byen” lè l t ap patisipe nan kreyasyon tout bagay nan syèl la ak sou tè a (Pwovèb 8:22-31; Kolosyen 1:15-17). Pandan Jezi te sou tè a, li te kontinye travay di. Pandan l t ap grandi, li te aprann metye bòs chapant lan e li te vin fò. Siman li te konn fè mèb e l te konn fè kay. Jezi te tèlman fò nan travay li, sa fè yo te konnen l kòm “bòs chapant lan”. — Mak 6:3.

7 Men, travay ki pi enpòtan Jezi te fè pandan l te sou tè a se te preche bon nouvèl Wayòm nan epi fè moun konn Jewova. Li te gen twazan edmi pou l fè travay sa a, e li te travay di soti bonè nan maten rive byen ta nan aswè (Lik 21:37, 38; Jan 3:2). Jezi te fè plizyè santèn kilomèt ap mache apye nan wout ki chaje pousyè pou l pataje bon nouvèl la ak plis moun posib. — Lik 8:1.

8, 9. Sa k fè Jezi te pran plezi nan travay li?

8 Fè travay Jewova te tankou manje pou Jezi. Travay sa a te ba l enèji ak fòs. Gen jou, Jezi te tèlman travay di, li pa t menm gen tan pou l manje (Jan 4:31-38). Li te pwofite tout posiblite l te jwenn pou l ede lòt moun konn Papa l. Se sa k fè l te ka di Jewova: “Mwen te ba w glwa sou tè a, mwen fini travay ou te ban m fè a.” — Jan 17:4.

9 Li klè, ni Jewova ni Jezi pran plezi travay di e yo jwenn satisfaksyon nan travay yo. Nou vle “imite Bondye” e nou vle “suiv tras [Jezi] pye pou pye”. (Efezyen 5:1; 1 Pyè 2:21.) Se poutèt sa nou ta dwe fè efò pou n travay di e nou bay tout nou menm nan tout sa n ap fè.

KI JAN W DWE KONSIDERE TRAVAY OU?

10, 11. Ki sa k ka ede nou byen konsidere travay nou?

10 Antanke pèp Jewova, nou travay di pou n pran swen ni tèt nou ni fanmi nou. Nou vle pran plezi nan travay nou, men sa ka difisil. Donk, ki sa nou ka fè si nou pa pran plezi nan travay nou?

Yon frè ki kontan fè travay li

Lè nou konsidere travay yon fason ki pozitif, sa ka fè n pran plis plezi nan nenpòt ki travay.

11 Se pou w wè travay la yon fason ki pozitif. Petèt, nou ka pa kapab chanje ni travay n ap fè ni kantite travay n ap fè, men nou ka chanje fason nou wè travay la. Lè nou konprann sa Jewova vle nou fè, sa ka ede nou. Pa egzanp, Jewova vle pou chèf fanmi yo fè tout sa yo kapab pou yo pran swen fanmi yo. Anfèt, Labib fè konnen si yon moun pa bay moun nan fanmi l sa yo gen bezwen, moun sa a “pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa”. (1 Timote 5:8.) Si w se yon chèf fanmi, siman w travay di pou w pran swen fanmi w. Kit ou renmen travay w ap fè a, kit ou pa renmen l, ou konnen lè w pran swen fanmi w, ou fè Jewova plezi.

Yon sè ki kontan fè travay li

12. Nan ki sans lè nou travay di e nou onèt, sa bon pou nou?

12 Se pou w travay di e se pou w onèt. Lè konsa, li ka pi fasil pou w pran plezi nan travay ou (Pwovèb 12:24; 22:29). Toudabò, patwon w ap fè w konfyans. Patwon yo renmen anplwaye ki onèt, paske anplwaye sa yo pap vòlè ni lajan yo, ni materyèl yo, ni sou tan travay la (Efezyen 4:28). Sa k pi enpòtan, Jewova konnen lè nou travay di e lè nou onèt. Ou ka gen yon ‘konsyans ki klè’ paske ou konnen ou fè Bondye ou renmen an plezi. — Ebre 13:18; Kolosyen 3:22-24.

Yon frè k ap bay yon mesye temwayaj nan travay li

13. Ki lòt bon rezilta nou ka jwenn lè nou onèt nan travay nou?

13 Sonje konduit ou nan travay la kapab fè Jewova jwenn glwa. Sa se yon lòt rezon pou nou pran plezi nan travay nou (Tit 2:9, 10). Bon konduit ou ka menm fè youn nan moun ki travay menm kote avè w yo vle etidye Labib. — Li Pwovèb 27:11; 1 Pyè 2:12.

KI TRAVAY MWEN KA AKSEPTE?

14-16. Ki sa pou n egzamine anvan nou aksepte yon travay?

14 Labib pa gen yon lis travay yon kretyen dwe aksepte oswa pa dwe aksepte. Men, li gen prensip ki ka ede nou pran bon desizyon anrapò ak travay (Pwovèb 2:6). Pandan n ap reflechi sou prensip ki nan Bib la, poze tèt nou kesyon ki vin apre yo.

Yon frè k ap chèche travay nan yon jounal

Chèche travay ki pa an kontradiksyon ak prensip Jewova yo.

15 Èske travay sa a pap mande pou m fè yon bagay Jewova di ki pa bon? Nou te aprann kèk bagay Jewova rayi, tankou vòlè ak bay manti (Egzòd 20:4; Travay 15:29; Efezyen 4:28; Revelasyon 21:8). Donk, n ap veye pou n pa aksepte okenn travay ki pa ann amoni ak prensip Jewova yo. — Li 1 Jan 5:3.

16 Èske travay sa a pa soutni yon bagay Jewova kondane oswa èske l pa ankouraje moun fè l? Imajine yo ofri w yon travay kòm resepsyonis nan yon biwo lotri. Pa gen anyen mal pou yon moun resepsyonis. Se vre se pa ou menm dirèkteman ki t ap vann biyè lotri yo, men èske travay sa a pa t ap fè w soutni jwèt aza ki ankouraje moun gen tanta, yon bagay Pawòl Bondye a kondane? — Efezyen 5:3-5.

17. Ki sa k ka ede nou pran desizyon k ap fè Bondye plezi?

17 Lè nou suiv prensip ki nan Bib la, nou kapab vin jan Ebre 5:14 di a, nou kapab vin “moun ki rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan afòs yo sèvi avè l”. Mande tèt ou: ‘Si m aksepte travay sa a, èske sa pap fè lòt moun bite? Èske travay sa a pap egzije pou m kite moun mwen marye avè l la ansanm ak pitit mwen pou m al nan yon lòt peyi? Ki efè sa t ap gen sou yo?

“REKONÈT BAGAY KI PI ENPÒTAN YO”

18. Sa k fè l ka pa fasil pou n rete konsantre sou adorasyon n ap bay Bondye a?

18 Nan tan sa a ki “difisil pou moun sipòte”, li ka pa fasil pou n mete adorasyon n ap bay Jewova a nan premye plas (2 Timote 3:1). Li ka difisil pou n jwenn yon travay e pou n kenbe l. Nou bezwen pran swen fanmi nou, men nou konnen adorasyon n ap bay Bondye a vin anvan. Nou pa ka kite bagay materyèl vin gen plis enpòtans nan lavi nou pase bagay espirityèl (1 Timote 6:9, 10). Donk, ki jan nou ka “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo”, e anmenmtan pou n bay moun nan fanmi nou sa yo gen bezwen? — Filipyen 1:10.

19. Lè nou fè Jewova konfyans, ki jan sa ede nou kenbe ekilib nou nan kesyon travay?

19 Fè Jewova konfyans nèt. (Li Pwovèb 3:5, 6.) Nou konnen Bondye konnen egzakteman sa nou bezwen e li gen anpil sousi pou nou (Sòm 37:25; 1 Pyè 5:7). Pawòl li a di nou: “Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen. Paske, [Bondye] di: ‘Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.’” (Ebre 13:5). Jewova pa vle pou n toujou ap enkyete nou konsènan fason pou n pran swen fanmi nou. Se pa ni de ni twa fwa li montre li kapab pran swen pèp li a (Matye 6:25-32). Kèlkeswa jan sa ye pou nou nan kesyon travay, n ap etidye Pawòl Bondye a regilyèman, n ap preche bon nouvèl la e n ap asiste reyinyon yo. — Matye 24:14; Ebre 10:24, 25.

20. Ki sa nou ka fè pou lavi nou rete senp?

20 Kite je w fikse sou yon sèl bagay. (Li Matye 6:22, 23.) Sa vle di, se pou w kenbe lavi w senp yon fason pou n ka konsantre nou sou sèvis n ap bay Jewova a. Nou konnen se t ap yon bagay moun sòt si nou ta kite lajan, yon bèl vi oswa dènye modèl aparèy yo vin gen plis enpòtans nan lavi nou pase amitye nou ak Bondye. Nan ka sa a, ki sa k ap ede nou mete chak bagay nan plas yo? Nou dwe fè tout posib nou pou n pa gen dèt. Si w deja gen dèt, byen planifye pou w peye l ofiramezi oswa pou w peye l yon sèl kou. Si nou pa fè atansyon, bagay materyèl ka pran anpil nan tan nou ak nan fòs nou, e nou ka pa gen tan pou n priye, pou n etidye oswa pou n preche. Olye nou kite bagay materyèl vin konplike lavi nou, nou dwe aprann kontante nou ak bagay ki vrèman nesesè tankou “manje ak rad”. (1 Timote 6:8.) E kèlkeswa jan sa ye, li bon pou n egzamine sitiyasyon nou detanzantan pou n wè ki jan nou ka sèvi Jewova plis toujou.

21. Sa k fè nou dwe deside ki sa n ap bay premye plas nan lavi nou?

21 Mete chak bagay nan plas yo. Nou dwe sèvi ak tan nou, fòs nou ak bagay materyèl nou yo avèk sajès. Si nou pa fè atansyon, bagay ki gen mwens enpòtans yo, tankou lekòl ak travay, ka pran tout tan nou ki gen anpil valè. Jezi te di: “Kontinye chèche Wayòm nan an premye.” (Matye 6:33). Sa nou chwazi, abitid nou genyen, aktivite nou fè chak jou ak objektif nou genyen, tout sa montre sa ki gen premye plas nan kè nou.

TRAVAY KI PI ENPÒTAN NOU GEN POU N FÈ A

22, 23. a) Ki travay ki pi enpòtan nou gen pou n fè antanke kretyen? b) Ki sa k ap ede n pran plezi nan travay nou?

22 Travay nou genyen ki pi enpòtan an se sèvi Jewova, e youn nan fason nou fè sa se lè nou pataje bon nouvèl la ak lòt moun (Matye 24:14; 28:19, 20). Menm jan ak Jezi, nou vle fè tout sa nou kapab nan travay sa a. Gen kèk moun ki deplase al sèvi kote yo bezwen plis moun ki pou preche. Genyen ki aprann yon lòt lang pou yo ka preche moun ki pale lang sa a. Pale ak moun ki fè bagay sa yo, e poze yo kesyon sou sa yo te fè. Y ap di w ki jan yo vin gen plis kè kontan e ki jan lavi yo vin gen plis sans. — Li Pwovèb 10:22.

Yon mari ak madanm li ki nan predikasyon

Sèvi Jewova se travay ki pi enpòtan nou gen pou n fè.

23 Jodi a, anpil nan nou pase anpil tan nan travay nou oswa menm nan plizyè travay pou n annik bay fanmi nou sa ki nesesè pou yo viv. Jewova konnen sa, e li apresye tout sa n fè pou n pran swen fanmi nou. Kidonk, annou kontinye imite Jewova ak Jezi lè nou travay di, kèlkeswa kalite travay n ap fè a. Epi annou sonje travay ki pi enpòtan nou gen pou n fè a se sèvi Jewova epi preche bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a. Sa ap fè nou gen kè kontan toutbon.

PRENSIP KI NAN BIB LA

1 JEWOVA KREYE LÈZÒM YON FASON POU YO ANVI TRAVAY

“Se pou tout moun manje, se pou yo bwè e se pou yo gen kè kontan pou tout travay di yo fè. Se kado Bondye bay.” — Eklezyas 3:13.

Sa k fè travay se yon kado Bondye bay?

  • Jenèz 1:1, 31; Eklezyas 2:24; Jan 5:17

    Jewova travay di. Li pran plezi travay e li vle nou pran plezi nan travay nou tou.

  • Pwovèb 8:22-31; Kolosyen 1:15-17

    Jezi te toujou travay di tou, ni nan syèl la ni sou tè a.

  • Mak 6:3; Lik 21:37, 38; Jan 4:31-38; 17:4

    Travay Jezi te fè yo te bon kalite e li te fin fè travay li te gen pou l fè menm lè sa pa t fasil.

2 NOU KA CHANJE FASON NOU KONSIDERE TRAVAY NOU

“Èske w konn wè yon moun ki fè travay li byen? Se devan wa l ap kanpe.” — Pwovèb 22:29.

Ki sa k ap ede nou pran plezi nan travay nou?

  • Pwovèb 12:24; Kolosyen 3:22-24; Ebre 13:18

    Menmsi nou pa ka chanje travay nou, nou ka chanje fason nou konsidere l. Epi, nou dwe onèt e nou dwe travay di.

  • Pwovèb 27:11; 1 Timote 5:8; 1 Pyè 2:12

    Lè w pran swen fanmi w nan domèn materyèl, ou obeyi Bondye. E bon konduit ou genyen nan travay ou ap onore Jewova.

  • Egzòd 20:13-15; Pwovèb 2:6; Women 14:19-22; Efezyen 5:28–6:4; 1 Jan 5:3; Revelasyon 18:4

    Labib ede nou konprann ki jan travay nou chwazi fè ka gen efè sou nou, sou fanmi nou, sou frè ak sè yo, e sa k pi enpòtan an, sou Jewova.

3 LÈ N METE CHAK BAGAY NAN PLAS YO, SA KA EDE N PRAN PLEZI NAN TRAVAY NOU

“Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

Ki sa k ta dwe gen premye plas nan lavi nou?

  • Sòm 37:25; Pwovèb 3:5, 6; 1 Pyè 5:7

    Gen konfyans Jewova konn sa w bezwen pou w viv chak jou.

  • Matye 6:25-32; 1 Timote 6:8-10; Ebre 13:5

    Aprann kontante nou ak sa nou genyen.

  • Pwovèb 10:22; Matye 6:33; 28:19, 20; Ebre 10:24, 25

    Rete konsantre sou sèvi Jewova e sou preche bon nouvèl la. Se travay ki pi enpòtan nou gen pou n fè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje