BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/2 p. 4-6
  • Fason pou w renmen travay di

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou w renmen travay di
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • CHÈCHE GEN YON BON PWENNVI SOU TRAVAY
  • BAY TOUT OU MENM NAN TRAVAY OU
  • REFLECHI SOU JAN TRAVAY OU A PWOFITAB POU LÒT MOUN
  • FÈ PLIS PASE SA YO MANDE W
  • KITE TRAVAY NAN PLAS KI APWOPRIYE A
  • Pran plezi nan travay w ap fè
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • 11 Moun ki travay di
    Reveye n! — 2018
  • Se pou nou gen kè kontan pou travay di nou fè
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Se pou nou gen kè kontan pou tout travay di nou fè
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/2 p. 4-6
Yon jèn gason ki fè pati yon ekip demenajman ki renmen travay li

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | FASON POU W RENMEN TRAVAY OU

Fason pou w renmen travay di

“Pou chak moun manje, pou l bwè epi pou l wè sa ki bon pou tout travay di li fè. Sa se kado Bondye bay.” ​(Eklezyas 3:13, NW). Si Bondye te vle pou n renmen travay nou, èske l pa rezonab pou l ta montre nou fason pou n jwenn kè kontan sa a (Izayi 48:17)? N ap kontan aprann Bondye fè sa grasa Bib la, Pawòl li a. Annou egzamine konsèy ki vin apre yo ki baze sou Bib la k ap ede w jwenn satisfaksyon nan travay ou.

CHÈCHE GEN YON BON PWENNVI SOU TRAVAY

Kit pifò travay ou fè se travay mantal, travay fizik oubyen yon travay ki ant de gwoup sa yo, ou bezwen rekonèt “gen byenfè nan kèlkeswa kalite travay di yon moun fè”. (Pwovèb 14:23, NW.) Ki byenfè konsa? Toudabò, lè nou travay di sa ede nou pran swen tèt nou nan domèn materyèl. Se vre Bondye pwomèt l ap bay moun k ap adore l yon fason ki sensè yo sa yo gen bezwen (Matye 6:31, 32). Sepandan, li atann pou n fè efò tou lè nou travay di pou n eseye viv yon fason ki onèt. — 2 Tesalonisyen 3:10.

Kidonk, nou ka konsidere travay nou kòm yon mwayen pou ede n atenn yon objektif. Travay se yon mwayen ki onorab ki pèmèt nou fè fas ak responsablite nou genyen. Men sa Joshua ki gen 25 an fè konnen: “Se yon gwo bagay sa ye lè w ka bay tèt ou sa w gen bezwen. Si w ka peye pou w gen sa w bezwen, nan ka sa a, travay ou a ap fè sa li sipoze fè a.”

Anplis de sa, travay di ede nou gen respè pou tèt nou. Dayè, travay di se jis yon travay ki pa fasil. Lè nou disipline tèt nou pou n fè travay nou, menmsi travay la sanble annuiyan oubyen li difisil, nou ka gen satisfaksyon lefètke n konnen nou te suiv prensip ki wo nivo yo. Nou ranpòte yon viktwa kont tandans nou genyen pou n evite travay di (Pwovèb 26:14). Nan sans sa a, travay ban nou yon satisfaksyon ki pwofon. Men sa Aaron nou te site nan atik ki vin anvan an fè konnen: “Mwen renmen jan mwen santi m apre m fin fè yon jounen byen long ap travay. M ka fatige, epi lòt moun ka pa wè travay mwen fè a, men, mwen konnen mwen reyalize yon bagay.”

BAY TOUT OU MENM NAN TRAVAY OU

Bib la pale an byen de yon gason ki gen “ladrès nan sa l’ap fè” e li pale an byen de yon fi ki “renmen travay ak men l”. (Pwovèb 22:29; 31:13, NW.) Natirèlman, yon moun pap vin gen ladrès yon fason ki otomatik. Epi, se kèk nan nou sèlman ki renmen fè travay nou pa abil ladan yo. Petèt, se pou rezon sa a ki fè anpil moun pa renmen travay yo, konsa, yo tou pa fè ase efò pou yo vin abil ladan l.

An reyalite, yon moun ka aprann renmen prèske tout kalite travay si l wè travay sa a ak yon bon etadespri, sètadi, si l konsantre l sou fason pou l aprann byen fè travay sa a. Men sa William ki gen 24 an fè konnen: “Lè w bay tout ou menm pou w fè yon travay epi ou wè rezilta yo, sa fè w vrèman satisfè. Ou pap janm gen santiman sa a si w fè travay la amwatye oubyen si w jis fè minimòm nan.”

Yon dam k ap aprann fason pou l byen kondui yon machin

REFLECHI SOU JAN TRAVAY OU A PWOFITAB POU LÒT MOUN

Evite tonbe nan pyèj pou w ap reflechi sèlman sou konbyen kòb ou touche. Olye de sa, poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Poukisa travay sa a nesesè? Ki sa k t ap rive si l pa t fèt oubyen si l pa t byen fèt? Ki jan travay mwen an pwofitab pou lòt moun?’

L ap bon pou n reflechi sitou sou dènye kesyon an paske pifò satisfaksyon ki gen nan travay se lè nou wè jan sa pwofitab pou lòt moun. Men sa Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” ​(Travay 20:35). Anplis de kliyan yo ak patwon yo ki benefisye dirèkteman sèvis nou bay yo, gen lòt moun ankò ki jwenn byenfè nan travay di nou fè yo. Pami moun sa yo gen moun lakay nou ak moun ki nan nesesite yo.

Moun lakay nou. Lè yon chèf fanmi travay di pou l bay moun lakay li sa yo gen bezwen, li fè fanmi l jwenn byenfè nan omwen de fason. Premyèman, li asire l yo gen bagay ki nesesè pou yo viv nan domèn fizik tankou manje, rad ak yon kote pou yo rete. Konsa, li ranpli responsablite Bondye ba li pou l “bay moun ki sou kont li sa yo gen bezwen”. (1 Timote 5:8.) Dezyèmman, yon moun k ap pran swen fanmi l avèk dilijans anseye nan egzanp li enpòtans travay di genyen. Men sa Shane nou te site nan atik ki vin anvan an fè konnen: “Papa m se yon bèl egzanp konsènan moun ki gen yon bon pwennvi sou travay. Li se yon moun ki onèt ki travay di pandan tout vi l, pifò nan tan sa a li te travay kòm bòs chapant. Grasa egzanp li, mwen aprann enpòtans sa genyen pou yon moun travay ak men l, pou l konstwi bagay k ap itil lòt moun.”

Moun ki nan nesesite. Apot Pòl te konseye kretyen yo pou ‘yo travay di dekwa pou yo ka gen kichòy pou yo pataje ak moun ki nan nesesite’. (Efezyen 4:28.) Anfèt, lè nou travay di pou n pran swen tèt nou ak fanmi nou, nou ka vin nan pozisyon pou n ede moun ki defavorize yo (Pwovèb 3:27). Donk, travay di ka ede nou jwenn pi gwo kè kontan ki genyen lè yon moun bay la.

FÈ PLIS PASE SA YO MANDE W

Nan sèmon sou montay la, yon sèmon anpil moun konnen, Jezi te di: “Si yon moun ki gen otorite mande w fè yon bagay pou li sou distans yon kilomèt, fè l pou li sou distans de kilomèt.” ​(Matye 5:41). Ki jan w ka aplike prensip ki nan pawòl sa yo nan travay ou? Olye w jis fè minimòm nan, chèche mwayen pou w fè plis pase sa yo mande w. Fikse kèk objektif pèsonèl. Bay tèt ou defi pou w fè travay ou pi byen epi pi vit pase sa y ap atann de ou. Pran plezi menm nan ti detay ki gen nan travay ou.

Yon anplwaye nan yon makèt ki renmen ede kliyan yo

Lè w fè plis pase sa yo mande w, ou ka vin pi renmen travay ou. Poukisa? Se paske ou gen kontwòl sou aksyon w yo. Ou travay plis paske w vle fè sa, men se pa paske yon moun te fòse w (Filemon 14). Nan sans sa a, nou ka sonje prensip ki nan Pwovèb 12:24 la (NW) ki di: “Men moun ki dilijan yo ap dirije, men, y ap fè men moun ki parese yo fè travay fòse.” Se vre se kèk nan nou sèlman y ap fè vin esklav yon fason literal oswa y ap fè fè travay fòse. Sepandan, yon moun ki fè sèlman jis minimòm nan ka santi l esklav, li ka toujou santi y ap fòse l satisfè demann lòt moun. Men, moun ki fè plis pase sa yo mande l paske li chwazi fè sa, gen santiman li gen kontwòl sou vi l. Li toujou gen kontwòl sou aksyon l.

KITE TRAVAY NAN PLAS KI APWOPRIYE A

Travay di se yon bèl bagay, poutan l ap bon pou n sonje gen plis bagay nan lavi a pase travay. Se vre, Bib la ankouraje nou pou n gen dilijans (Pwovèb 13:4). Men, li pa ankouraje nou pou n kite travay vin yon dwòg pou nou. Men sa nou li nan Eklezyas 4:6: “Pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen.” Ki leson nou aprann? Yon moun ki kite travay vin yon dwòg pou li ka pa janm jwi fwi travay li a si travay sa a pran tout tan l ak tout enèji l. Anfèt, travay li a vin san sans menm jan ak yon bagay ki “pa rapòte anyen”.

Bib la ka ede n vin gen yon pwennvi ekilibre sou travay. Byenke li di nou dwe bay tout nou menm nan travay nou, men tou, li konseye nou pou nou “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo”. (Filipyen 1:10.) Ki bagay ki pi enpòtan yo? Pami bagay sa yo nou jwenn tan nou dwe pase ak fanmi nou ak zanmi nou. Yon lòt bagay ki menm pi enpòtan se aktivite espirityèl yo tankou li Pawòl Bondye a epi medite sou sa nou li yo.

Yon fanmi ki renmen pase tan ansanm lè yo pran yon repa lakay yo

Moun ki kenbe yon vi ki ekilibre ka menm vin pi renmen travay yo. Men sa William nou te site pi wo a fè konnen: “Gen youn nan ansyen patwon m yo ki se yon bèl egzanp konsènan moun ki gen yon pwennvi ekilibre sou travay. Li travay di, e li gen bon relasyon ak kliyan yo akoz fason li travay. Sepandan, nan fen jounen an, lè travay la fini, li konnen fason pou l kite travay la dèyè l epi pou l konsantre l sou fanmi l ak sou adorasyon l ap bay Bondye a. Epi ou konn yon bagay? Li se youn nan moun ki gen plis kè kontan mwen konnen!”

Fason yo konsidere travay di

“Lè m santi m fatige nan fen jounen an, mwen santi mwen vrèman reyalize yon bagay e sa fè kè m kontan. Mwen konnen mwen te travay anpil jou sa a.” — Nick.

“Pi bon fason pou yon moun travay se lè moun nan travay di. Si w pral fè yon bagay ki itil, fè l byen.” — Christian.

“Kò imen an ka fè bagay ki estrawòdinè. Mwen renmen montre m apresye lavi ki se yon kado lè m sèvi avè l pou m travay di e pou m ede lòt moun.” — David.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje