BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g18 no 2 p. 14
  • 11 Moun ki travay di

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 11 Moun ki travay di
  • Reveye n! — 2018
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SA SA VLE DI
  • REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
  • SA W KA FÈ
  • Fason pou w renmen travay di
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Se pou nou gen kè kontan pou travay di nou fè
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Pran plezi nan travay w ap fè
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Li enpòtan pou n ba yo fè travay
    Reveye n! — 2017
Gade plis
Reveye n! — 2018
g18 no 2 p. 14
Yon jèn ti dam k ap fè spò.

Aprann travay di se tankou fè spò, l ap itil ou depi kounye a e alavni.

POU JÈN

11 Moun ki travay di

SA SA VLE DI

Moun ki renmen travay pap rale kò yo dèyè pou yo pa travay. Okontrè, yo renmen travay di pou yo ka jwenn sa yo bezwen e pou yo ka ede lòt moun, menmsi travay y ap fè a pa enteresan.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Kit nou vle kit nou pa vle, nou gen anpil bagay pou n fè nan lavi a. Nan yon monn kote anpil moun pa renmen travay di, se yon bon bagay sa ye lè yon moun renmen travay di. — Eklezyas 3:13.

“Mwen te aprann lè w travay di, ou fyè de tèt ou e w gen yon satisfaksyon pa anndan. Santiman sa a fè m vin aprann renmen travay. Lè w se yon moun ki renmen travay sa ap fè w gen yon bon repitasyon.” — Reyon.

PRENSIP BIBLIK: “Kèlkeswa kalite travay di yon moun fè gen avantaj ladan l.” — Pwovèb 14:23.

SA W KA FÈ

Chèche gen yon bon pwennvi sou travay. Etap ki vin apre yo kapab ede w.

Aprann byen fè travay ou. Kit w ap fè travay nan kay, kit se yon devwa w ap fè, kit se nan travay ou ou ye, bay tout ou menm ladan l. Lè w rive fè yon travay byen, gade ki jan w ka amelyore travay la lè w fè l pi byen e pi vit. Plis ou vin pi maton nan travay ou, se plis w ap renmen travay ou.

PRENSIP BIBLIK: “Èske w konn wè yon moun ki fè travay li byen? Se devan wa l ap kanpe, li pap kanpe devan nenpòt moun.” — Pwovèb 22:29.

Reflechi sou tout avantaj yo. Nan pifò ka, lè w byen fè travay ou sa itil lòt moun. Pa egzanp, lè w travay di pou fè travay ou gen nan kay la se ede w ede rès moun nan kay la.

PRENSIP BIBLIK: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Travay 20:35.

Fè plis pase sa yo mande w. Olye pou fè egzakteman sa yo mande w fè, eseye fè plis. Konsa se ou menm ki kontwole lavi w, ou chwazi fè plis, se pa paske yo mande w fè sa, men paske w vle fè sa. — Matye 5:41.

PRENSIP BIBLIK: “Pa fè bèl aksyon w ap fè a nan fòse, men, [...] fè l ak pwòp volonte w.” — Filemon 14.

Se pou w ekilibre. Moun ki renmen travay la pa parese, men li pa esklav travay nonplis. Li chèche gen ekilib. Se vre li renmen travay di men li kontan pran ti repo tou.

PRENSIP BIBLIK: “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” — Eklezyas 4:6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje