BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 7 p. 10
  • Bay enfòmasyon ki egzak e ki konvenk moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bay enfòmasyon ki egzak e ki konvenk moun
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Bay enfòmasyon ki egzak
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Byen entwodui vèsè yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sèvi ak kesyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 7 p. 10

LESON 7

Bay enfòmasyon ki egzak e ki konvenk moun

Vèsè biblik.

Lik 1:3.

SA POU W FÈ: Sèvi ak prèv moun fè konfyans pou w ede moun k ap koute w yo rive fè konklizyon ki kòrèk la.

FASON POU W FÈ SA:

  • Chèche jwenn enfòmasyon moun fè konfyans. Baze kòmantè w yo sou Pawòl Bondye a, e lè sa posib, li ladan l dirèkteman. Si w ap site yon pawòl ki gen rapò ak lasyans, yon rapò ki nan yon jounal, yon eksperyans oswa yon lòt prèv pou w soutni yon pwen, depi davans, chèche wè si se yon enfòmasyon moun ka fè konfyans e si l ajou.

  • Byen sèvi ak enfòmasyon w jwenn yo. Esplike vèsè yo ann amoni ak kontèks yo, mesaj ki nan Bib la ansanm ak piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45.) Lè w ap sèvi ak enfòmasyon ki pa nan piblikasyon nou yo, pa chanje sans orijinal la oswa pa di anyen ki diferan ak sa ekriven an te vle di a.

    Konsèy pratik.

    Pa met pase genyen oswa pa egzajere enfòmasyon yo ak chif yo. Fè atansyon pou w pa di “pifò moun” olye w di “kèk moun”, pou w pa di “toujou” olye w di “nan kèk ka”, epi pou “li posib” pa vin tounen “sandout”.

  • Rezone ak moun yo sou prèv yo. Apre w fin li yon vèsè oswa w fin site yon enfòmasyon, poze kèk kesyon avèk tak oswa bay yon egzanp pou w ede moun k ap koute w yo rive fè pwòp konklizyon yo.

NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Pandan w ap prepare w pou w al preche, chèche wè davans ki kesyon yo ka poze w, epi chèche wè ki jan w ka reponn. Si moun k ap koute w la poze w yon kesyon e w pa konn repons lan, di l ou pral fè rechèch sou sa e w ap retounen apre.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje