BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 40 p. 223-p. 225 par. 3
  • Bay enfòmasyon ki egzak

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bay enfòmasyon ki egzak
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Bay enfòmasyon ki egzak e ki konvenk moun
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Fason pou w fè rechèch
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Byen pwofite lekti Labib ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Preche pou nou fè disip
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 40 p. 223-p. 225 par. 3

LESON 40

Bay enfòmasyon ki egzak

Ki sa pou w fè?

Bay bonjan enfòmasyon, enfòmasyon ki san pousan egzak.

Poukisa sa enpòtan?

Lè sa w di a egzak, sa bay yon bon temwayaj sou ou, sou òganizasyon w ladan l lan e sou Bondye w ap adore a.

KI SA K ka fè yon kretyen bay yon enfòmasyon ki pa egzak? Li ka tou senpleman repete yon bagay li te tande, san l pa pran tan pou l verifye si se verite. Oubyen li ka egzajere yon enfòmasyon paske, san l pa rann li kont, li te mal pran enfòmasyon sa a. Lè nou fè atansyon pou nou di sa ki egzak menm nan bagay ki gen mwens enpòtans, moun k ap koute nou yo ap wè yo ka mete konfyans nan lòt aspè nan mesaj nou an ki gen plis enpòtans toujou.

Nan travay predikasyon an. Gen anpil moun ki pè kòmanse patisipe nan travay predikasyon an paske yo rann yo kont gen anpil bagay pou yo aprann toujou. Epoutan, yo konn wè byen rapid yo vin anmezi pou yo bay yon bon temwayaj, menm lè se sèlman yon konesans fondamantal yo gen sou laverite. Ki jan yo fè rive fè sa? Yon bagay ki enpòtan yo fè se preparasyon.

Anvan w soti nan predikasyon, se pou w chèche byen konnen sijè ou vle pale ak moun yo. Eseye prevwa kesyon moun k ap koute w yo ta ka poze. Chèche repons ki baze sou Bib la e k ap satisfè yo. Sa ap prepare w pou w bay repons ki egzak toutpandan w rete byen kalm. Èske w pral fè yon etid biblik? Byen revize enfòmasyon ki nan pati w pral etidye avèk moun nan. Asire w ou konprann vèsè ki kore repons chak kesyon ki anba paj yo.

Ki sa pou w fè si moun ou rankontre a oswa yon kòlèg travay ou poze w yon kesyon ou pa t prepare pou w reponn? Si w pa sèten ou gen enfòmasyon klè pou w reponn moun nan, pa chèche fè devinèt. Labib di: “Moun ki jis la medite nan kè l anvan li bay repons.” ​(Pwo. 15:28). Ou ka jwenn èd ou bezwen an nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la oswa nan pati ki rele “Sijè biblik” ki nan Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo. Si w pa gen youn nan piblikasyon sa yo avè w, pwopoze moun nan pou w al fè kèk rechèch e pou w retounen reponn li kesyon an. Si moun ki poze w kesyon an sensè, l ap aksepte tann pou w pote repons ki kòrèk la pou li. Anfèt, li ka menm sezi wè imilite w genyen, e sa ka gen yon bon efè sou li.

Si w preche ak pwoklamatè ki gen eksperyans, yo ka ede w devlope kapasite pou w manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman. Gade byen ki vèsè yo itilize e ki jan yo rezone sou vèsè yo. Avèk imilite, aksepte tout konsèy oswa koreksyon yo ba w. Apolòs, yon disip ki te zele, te byen pwofite èd lòt moun te ba li. Lik di Apolòs te “pale byen”, li te “konn Ekriti yo byen”, “lespri a te fè l zele”, li te “pale e li [te] anseye bagay ki gen rapò ak Jezi yo kòrèkteman”. Epoutan, Apolòs te manke yon bagay nan konpreyansyon l te genyen an. Lè Prisil ak Akila te wè sa, yo “pran l avèk yo, e yo esplike l chemen Bondye a pi byen toujou”. — Tra. 18:24-28.

“Rete kole sou pawòl ki fidèl la.” Patisipasyon nou fè nan reyinyon yo ta dwe montre nou gen anpil respè pou wòl kongregasyon an jwe antanke “yon pilye ak yon sipò pou laverite”. (1 Tim. 3:15.) Pou nou ka soutni laverite, li enpòtan pou nou konprann sans vèsè nou prevwa itilize nan diskou nou yo. Reflechi sou kontèks yo e sou sans yo.

Lè w fin di yon bagay nan reyinyon kongregasyon an, moun ka repete l. Natirèlman, “nou tout, nou bite tanzantan”. (Jak 3:2.) Men, w ap jwenn byenfè si w devlope abitid k ap ede w pale yon fason ki egzak. Rive yon lè, anpil frè ki nan Lekòl ministè teyokratik la ap vin ansyen. Yo atann pou frè ki gen responsablite sa yo fè “plis pase sa [lòt moun] abitye” fè (Lik 12:48). Si yon ansyen bay moun ki fè pati kongregasyon an move konsèy paske li pa t fè atansyon, e sa vin bay gwo pwoblèm, ansyen sa a ka pèdi favè Bondye (Mat. 12:36, 37). Kidonk, yon frè ki kalifye pou l vin ansyen dwe yon moun “ki rete kole sou pawòl ki fidèl la nan fason l ap anseye”. — Tit 1:9.

Veye pou rezònman w yo ann amoni ak “modèl pawòl ki pwofitab” la ki parèt nan verite ki nan Bib la (2 Tim. 1:13). Sa pa ta dwe fè w pè. Petèt ou poko fin li tout Bib la. Kontinye pwogrese nan sans sa a. Men, pandan tan sa a, chèche wè ki jan konsèy ki vin apre yo ka ede w egzamine enfòmasyon w panse itilize lè w ap anseye moun.

Toudabò, mande tèt ou: ‘Èske enfòmasyon sa yo ann amoni ak sa m te deja aprann nan Bib la? Èske y ap atire moun k ap koute m yo pou yo pwoche bò kote Jewova oswa èske yo fè elòj pou sajès monn nan, e yo ankouraje moun yo pou yo kite sajès sa a dirije yo?’ Men sa Jezi te di: “Pawòl ou se laverite.” ​(Jan 17:17; Det. 13:1-5; 1 Kor. 1:19-21). Ansuit, byen sèvi ak zouti esklav fidèl ki prevwayan an ba ou pou w etidye Labib. Nonsèlman zouti sa yo ap ede w konprann vèsè yo yon fason ki kòrèk, men tou, y ap ede w aplike yo avèk ekilib e yon fason ki rezonab. Lè w ap esplike vèsè yo e lè w ap aplike yo nan diskou w ap fè, si w ret chita sou “modèl pawòl ki pwofitab” la e w konte sou kanal Jewova itilize pou l ban nou enstriksyon an, enfòmasyon w ap bay yo ap egzak.

Verifye si enfòmasyon yo egzak. Lè w ap bay egzanp sou kèk pwen e lè w ap fè aplikasyon sou yo, nouvèl yo bay sou sa k ap pase, sitasyon moun fè ak eksperyans moun rakonte ka ede w. Ki jan w ka sèten si yo egzak? Youn nan fason w ka fè sa, se lè w pran enfòmasyon sa yo kote w ka fè konfyans. Sonje verifye si enfòmasyon sa yo ajou. Gendwa gen chif yo te bay nan yon sondaj oswa nan yon rapò ki pa valab ankò kounye a. Nan domèn lasyans, gen dekouvèt yo te fè, lòt dekouvèt gentan ranplase yo. Epitou, ofiramezi lèzòm ap gen plis konesans sou listwa e sou lang lontan yo, yo oblije revize sa yo te konprann ki te baze sou ansyen konesans yo te genyen. Pran anpil prekosyon si w panse itilize enfòmasyon w jwenn nan jounal, nan televizyon, nan radyo, nan imel oswa sou Entènèt. Men konsèy Pwovèb 14:15 bay: “Yon moun ki san eksperyans kwè nan tout pawòl, men moun ki entèlijan an veye kote l ap met pye l.” Mande tèt ou: ‘Èske kote m pran enfòmasyon yo se yon kote ki abitye bay enfòmasyon ki egzak? Èske gen lòt mwayen pou m verifye yo?’ Si w gen dout sou yon enfòmasyon, pa itilize l.

Nonsèlman ou dwe verifye si kote w pran enfòmasyon yo fyab, men tou, ou dwe byen veye sou fason w pral itilize enfòmasyon sa yo. Asire w fason w itilize sitasyon yo ak chif yo ann amoni ak kontèks kote yo soti a. Menm lè w ap chèche mete aksan sou yon pwen, veye si yo di “kèk moun” pou w pa di “pifò moun”, si yo di “anpil moun” pou w pa di “tout moun” e si yo di “pafwa” pou w pa di “toutan”. Si w egzajere kèk enfòmasyon oswa kèk chif ki parèt nan yon sondaj oubyen si w egzajere enpòtans oswa gravite yo, sa ap fè moun yo mande tèt yo si yo ka fè sa w di yo konfyans e si yo se laverite.

Lè sa w di toujou egzak, y ap vin konnen w kòm yon moun ki respekte laverite. Sa ap fè Temwen Jewova yo gen yon bèl repitasyon antanke òganizasyon. Sa ki pi enpòtan, sa ap bay “Jewova, Bondye verite a”, glwa. — Sòm 31:5.

FASON POU W FÈ SA

  • Pa reponn yon kesyon si w pa sèten ou gen enfòmasyon klè pou w fè sa.

  • Baze sa w ap di a sou “modèl pawòl ki pwofitab” ki nan Bib la.

  • Fè rechèch sou sijè w la.

  • Verifye si chif nan yon sondaj oswa nan yon rapò, sitasyon moun fè ak eksperyans yo rakonte egzak, epi itilize yo san w pa egzajere yo. Evite fè devinèt sou enfòmasyon w pa fin sonje byen.

EGZÈSIS: Chwazi yon Temwen ki gen matirite, mande l pou l koute w e pou l verifye si sa w di yo egzak pandan w ap esplike pwen ki vin apre yo ak pwòp mo pa w: 1) Ki kalite moun Jewova ye, e ki jan w fè konn sa? 2) Poukisa Jezi te bay lavi l kòm sakrifis, e ki jan nou ka jwenn byenfè grasa sakrifis li a? 3) Depi lè yo mete Jezi Kris Wa a, ki sa l ap fè?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje