BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 17 p. 20
  • Sa w ap di yo dwe fasil pou moun konprann

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa w ap di yo dwe fasil pou moun konprann
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Sa w di yo dwe fasil pou lòt moun konprann
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Enstwi moun k ap koute w yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Mete vi nan sa w ap di
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 17 p. 20

LESON 17

Sa w ap di yo dwe fasil pou moun konprann

Vèsè biblik.

1 Korentyen 14:9.

SA POU W FÈ: Ede moun k ap koute w yo konprann sans mesaj ou a.

FASON POU W FÈ SA:

  • Byen egzamine enfòmasyon yo. Chèche byen konprann sijè a pou w ka esplike l yon fason ki senp ak mo pa w.

  • Sèvi ak fraz ki kout ak ekspresyon ki senp. Byenke pa gen pwoblèm pou w sèvi ak fraz ki long, lè w ap pale sou pwen prensipal yo, itilize fraz ak ekspresyon ki kout.

    Konsèy pratik.

    Pa sèvi ak detay ki pa nesesè ki ka lage moun k ap koute w yo nan konfizyon e ki ka neye yo ak enfòmasyon. Li pi bon pou w itilize yon langaj ki senp olye w sèvi ak mo ki konplike.

  • Esplike mo moun yo pa abitye tande. Pa twò itilize ekspresyon moun k ap koute w yo pa abitye tande. Si w oblije di yon mo yo pa abitye tande, non yon moun Bib la pale de li oswa yon mezi oubyen yon koutim nan tan lontan, bay yon esplikasyon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje