BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w04 1/11 p. 3-4
  • Y ap chèche bon dirijan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Y ap chèche bon dirijan
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske se vre “ nou dwe reziyen nou avèk sa nou genyen ” ?
  • Kiyès jodi a ki vrèman kalifye kòm dirijan ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Ki lidè w ap chwazi? — Sa Bib la di
    Kèk lòt sijè
  • Annou suiv Kris, pi bon Gid la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ann met konfyans nou nan Kris ki se Gid nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
w04 1/11 p. 3-4

Y ap chèche bon dirijan

“ Ou mèt ale mwen di w, e nou fini avè w. Nan non Bondye, ale ! ”— Sa a se pawòl Olivier Cromwell selon sa yon manm nan Palman britanik lan ki rele Leopold Amery te rapòte.

Dezyèm Gè mondyal la t ap kouri sou uit mwa depi l ap kraze brize, e sa pa t bon ditou pou Britanik yo ansanm ak alye l yo. Pou Leopold Amery ak lòt moun nan gouvènman an, li te nesesè pou yo chanje lidè. Se sa k fè, 7 me 1940, nan Chanm bas Palman britanik lan, mesye Amery te site pawòl nou jwenn pi wo a bay premye minis Neville Chamberlain. Twa jou apre, mesye Chamberlain te kite pouvwa a, e Winston Churchill te pran plas li.

JWENN yon lidè pou pran latèt se yon bezwen fondamantal pou limanite. Jwenn lidè a se youn, men sa pa sifi. Menm nan yon fanmi, papa a dwe gen kapasite pou l dirije si l ta renmen madanm li ak pitit li gen kè kontan. Pakonsekan, imajine ki sa y ap atann de yon dirijan nasyonal oswa mondyal ! Se pa etonan, si l difisil anpil pou yo jwenn yon bon dirijan.

Se sa k fè, pandan plizyè milye ane, moun pa ka konte kantite kouwònman, revolisyon, koudeta, nominasyon, eleksyon, asasinay ak chanjman rejim ki fèt. Kit se wa, premye minis, prens, prezidan, sekretè jeneral, diktatè, yo tout monte sou pouvwa e finalman yo tout pèdi pouvwa. Gen chanjman moun pa t atann ki ranvèse menm dirijan ki pisan. (Gade kare “ Yo pèdi pouvwa sanzatann ” ki nan paj 5 lan.) Malgre sa, li difisil pou gen dirijan ki konpetan e ki dirab.

Èske se vre “ nou dwe reziyen nou avèk sa nou genyen ” ?

Sepandan, nou pa bezwen etone lefètke anpil moun pèdi espwa lè yo bezwen jwenn yon bon dirijan. Nan kèk peyi, se sitou nan peryòd eleksyon santiman endiferans ak santiman dezespwa moun yo parèt pi vizib. Men remak Geoff Hill, yon jounalis te fè ann Afrik : “ Endiferans oswa refize vote se sa ki pale lè moun yo santi yo pa gen pouvwa pou yo chanje vi mizerab y ap mennen an [...] Ann Afrik, lè pèp la pa vote, sa pa vle di nesesèman yo satisfè. Byen souvan, se yon fason pou moun ki santi pa gen pèsonn k ap koute yo fè tande vwa yo. ” Nan menm sans lan tou, gen yon redaktè nan yon jounal Ozetazini ki te ekri konsènan yon eleksyon ki te gen pou fèt. Men sa li di : “ Mwen espere t ap gen yon kandida pafètman konpetan nan kous elektoral la. ” Li te ajoute : “ Pa gen kandida konsa. Pa janm gen sa. Nou dwe reziyen nou ak sa nou genyen. ”

Èske vrèmanvre limanite pa gen chwa, men li dwe reziyen l ak dirijan enpafè li genyen yo ? Èske lefètke lidè lèzòm yo pa kapab satisfè bezwen moun y ap dirije yo sa pwouve pap janm gen bon dirijan ? Non. Dirijan ki gen kalite eksepsyonèl la disponib. Atik k ap vin apre a pral esplike dirijan ki ideyal pou limanite a kiyès li ye. Li pral montre ki jan sèvis l ap bay la kapab pwofitab pou plizyè milyon moun tout kategori, ni ou menm tou.

[Foto nan paj 3]

Anwo agoch : Neville Chamberlain

Anwo adwat : Leopold Amery

Anba : Winston Churchill

[Liy kredi]

Chamberlain : Foto Jimmy Sime/Central Press/Getty Images ; Amery : Foto Kurt Hutton/Picture Post/Getty Images ; Churchill : The Trustees of the Imperial War Museum (MH 26392).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje