Annou pousuiv objektif Bondye nan lavi nou jodi a
“ [Kris] te mouri pou tout moun yon fason pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt yo ankò. ” — 2 KORENTYEN 5:15.
1. Rakonte eksperyans yon misyonè te fè.
“ APRE gè sivil la te fini, machin nou an se premye machin ki pa t yon machin militè ki te antre nan bouk sa a, yon bouk izole ann Afrik. ” Se sa yon misyonè ki rele Aaron te rakontea. Epi li ajoute : “ Byenke nou pa t kapab kominike ak ti kongregasyon ki te gen nan bouk sa a, nou te dwe veye aske frè yo jwenn sa yo bezwen. Nou te pote manje, rad ak piblikasyon pou frè ak sè ki nan kongregasyon sa a, e anplis nou te pote yon kasèt videyo ki rele Les Témoins de Jéhovah : un nom, une organisationb. Anba yon gwo tonèl an pay, ‘ sal sinema ’ bouk la, te gen yon videyo ak yon televizyon e anpil moun te reyini la pou yo gade kasèt la. Tèlman te gen moun, nou te oblije pase l de fwa. Chak fwa nou te fin gade kasèt la, nou te jwenn anpil etid biblik. Pa gen dout nan sa, efò nou te fè yo te vo lapèn. ”
2. a) Poukisa kretyen yo pran desizyon pou yo itilize lavi yo nan sèvis Bondye ? b) Ki kesyon nou pral egzamine kounye a ?
2 Poukisa Aaron ak lòt frè ki te akonpaye l yo te aksepte yon asiyasyon difisil konsa ? Se paske yo te vwe lavi yo bay Bondye lefètke yo te gen rekonesans pou sakrifis ranson Jezi Kris la e yo te vle itilize lavi yo ann amoni ak objektif Bondye. Menm jan ak yo, tout kretyen ki vwe lavi yo bay Bondye pran desizyon pou yo “ pa viv pou pwòp tèt yo ankò ”, men pou yo fè tout sa yo kapab pou “ bon nouvèl la ”. (2 Korentyen 5:15 ; 1 Korentyen 9:23.) Yo konnen lè lè a rive pou sistèm sa a detwi, lajan ak gwo pozisyon moun genyen nan monn sa a pap gen okenn valè. Se poutèt sa, yo itilize lavi yo ak ti moso sante yo genyen an ann amoni ak objektif Bondye (Eklezyas 12:1). Ki jan nou menm tou nou ka fè sa ? Ki kote nou kapab jwenn kouraj ak fòs nou bezwen pou nou fè sa ? E nan ki fòm sèvis nou kapab antre ?
Etap nou bezwen franchi
3. Ki prensipal etap nou bezwen franchi pou nou fè volonte Bondye ?
3 Vrè kretyen yo konsidere fè volonte Bondye kòm yon privilèj yo genyen pou tout vi yo. Nòmalman, lè yon moun kòmanse fè sa, li franchi etap prensipal sa yo : li enskri nan Lekòl ministè teyokratik, li li Labib chak jou, li patisipe nan travay predikasyon an e li fè pwogrè jiskaske l batize. Toutpandan nou kontinye ap fè pwogrè, nou kontinye kenbe nan lespri nou pawòl sa yo apot Pòl te di : “ Reflechi sou bagay sa yo, plonje ladan yo, yon fason pou pwogrè w parèt vizib pou tout moun. ” (1 Timote 4:15). Lè nou fè pwogrè sa yo, se pa chèche n ap chèche mete tèt nou annavan, men depreferans, yo montre detèminasyon nou genyen pou nou fè volonte Bondye ak tout nanm nou. Lefètke nou fè pwogrè sa yo, sa montre se Bondye nou kite gide pa nou nan tout bagay nan lavi a, e nou kwè li kapab fè sa pi byen lontan pase nou. — Sòm 32:8.
4. Ki jan nou ka sispann enkyete nou san nesesite ?
4 Men, lè nou ezite pou nou pran desizyon e lè nou enkyete nou twòp konsènan pwòp enterè pa nou, sa kapab anpeche nou fè pwogrè nan sèvis Bondye a (Eklezyas 11:4). Nou kapab jwenn vrè lajwa a lè n ap sèvi Bondye e n ap sèvi lòt moun. Men, anvan pou nou jwenn lajwa sa a, nou bezwen venk enkyetid nou yo. Annou pran egzanp Erik. Li te anvi al sèvi nan yon kongregasyon lang etranje, men, li te pè. Li t ap mande tèt li : ‘ Èske m ap byen entegre m nan kongregasyon an ? Èske m ap renmen frè yo ? Èske yo menm y ap renmen m tou ? ’ Men sa l di apre sa : “ Finalman, mwen te vin konprann mwen bezwen gen plis sousi pou frè yo olye pou m ap enkyete m pou tèt mwen. Mwen te pran desizyon pou m sispann bay tèt mwen pwoblèm e pou m fè sa m kapab pou m ede frè yo. Mwen te priye Jewova pou l ban m èd li epi mwen te pran desizyon an. Kounye a, mwen jwenn anpil plezi nan sèvis mwen nan kongregasyon sa a. ” (Women 4:20). Wi, plis nou sèvi Bondye e nou sèvi lòt moun ak tout nanm nou, se plis n ap jwenn lajwa ak satisfaksyon.
5. Poukisa li nesesè pou nou planifye avèk swen sa n ap fè pou nou pousuiv objektif Bondye nan lavi nou ? Bay yon egzanp.
5 Pou nou kontinye pousuiv objektif Bondye e pou nou reyisi, sa mande tou pou nou planifye sa n ap fè avèk swen. Avèk sajès, n ap evite fè yon pakèt dèt ki kapab fè nou vin esklav sistèm sa a e ki kapab anpeche nou fè tout sa nou kapab fè nan travay Bondye a. Men yon rapèl nou jwenn nan Bib la : “ Moun ki prete a se sèvitè moun ki prete l la. ” (Pwovèb 22:7). Lè nou mete konfyans nou nan Jewova e nou mete bagay espirityèl yo anvan, sa ap ede nou wè bagay yo klè. Pa egzanp, Guoming ak de sè l yo ansanm ak manman yo ap viv nan yon zòn kote kay chè e kote li difisil pou yon moun jwenn yon travay ki stab. Menmsi se pa yo tout k ap travay, yo jwenn sa ki nesesè nan lavi a piske yo byen sèvi ak kòb yo genyen e yo pataje depans yo. Men sa Guoming di : “ Pafwa, se pa nou tout ki touche. Men, nou kontinye nan sèvis pyonye a e nou pran swen manman nou byen. Nou gen rekonesans pou manman nou ki pa mande pou nou kanpe sou aktivite espirityèl nou yo pou nou fè l mennen yon vi konfòtab. ” — 2 Korentyen 12:14 ; Ebre 13:5.
6. Bay yon egzanp ki montre fason nou ka mete vi nou ann amoni ak objektif Bondye.
6 Si w deja angaje w twò fon nan aktivite pwofàn, kit se aktivite finansye oswa nenpòt lòt kalite aktivite, sa ka mande pou w fè kèk gwo ajisteman pou w rive mete objektif Bondye nan premye plas nan lavi w. Jeneralman, chanjman sa yo pa fèt nan yon sèl jou. Sepandan, menmsi premye efò w fè yo pa reyisi, pinga w konsidere sa kòm yon echèk. Annou pran egzanp Koichi. Koichi te konn pase yon pakèt tan nan divètisman. Li te etidye Labib pandan l te adolesan, men pandan plizyè ane, jwèt videyo te prèske pran tout tan l. Yon jou, Koichi te di tèt li : ‘ Ki sa w ap fè konsa ? Se nan trantèn ou ye, e ou pa menm gen okenn objektif nan lavi w. ’ Koichi te rekòmanse etid la, li te aksepte èd kongregasyon an te ba li. Byenke se ofiramezi li te fè chanjman li te bezwen fè yo, men li pa t sispann fè efò. Lefètke li te priye anpil e lòt moun te ba l bonjan ankourajman, finalman li te venk pasyon li te genyen pou jwèt videyo yo (Lik 11:9). Kounye a, Koichi ap sèvi avèk kè kontan antanke asistan ministeryèl.
Montre nou gen ekilib
7. Poukisa nou bezwen gen ekilib nan fason n ap fè travay Bondye a ?
7 Pou nou pousuiv objektif Bondye, sa mande pou nou fè efò ak tout nanm nou. Nou pa ta dwe janm menaje tèt nou ni nou pa dwe janm montre nou parese nan sans sa a (Ebre 6:11, 12). Toutfwa, Jewova pa mande nou pou nou touye tèt nou, kit se fizikman, mantalman oswa afektivman. Si nou rekonèt avèk modesti nou pa kapab akonpli travay Bondye a ak pwòp fòs pa nou, sa ap ba l glwa e sa ap montre tou nou gen ekilib (1 Pyè 4:11). Jewova pwomèt l ap ban nou fòs nou bezwen pou nou fè volonte l, men, nou pa dwe depase limit nou, sa vle di nou pa bezwen fòse tèt nou fè sa li pa mande nou fè (2 Korentyen 4:7). Pou nou kapab kontinye sèvi Bondye san nou pa touye tèt nou, nou bezwen itilize fòs nou avèk sajès.
8. Ki sa k te pase yon jèn sè lefètke l t ap chèche bay tout li menm ni nan travay li ni nan sèvis Jewova, e ki ajisteman li te vin fè ?
8 Pa egzanp, pandan dezan Ji Hye ki t ap viv nan zòn lès Azi te gen yon travay ki trè egzijan alòske li te pyonye. Men sa li di : “ Mwen te eseye bay tout mwen menm ni nan sèvis Jewova a ni travay mwen. Leswa, m te konn dòmi pandan senk èdtan sèlman. Finalman, mantalman m te vin pa gen enèji ankò pou bagay espirityèl yo e m te vin prèske pa jwenn jwa ankò ladan yo. ” Pou Ji Hye te ka sèvi Jewova ak “ tout kè l, tout nanm li, tout lespri l e ak tout fòs li ”, li te chèche yon travay ki te mwens egzijan (Mak 12:30). Men sa l di : “ Malgre presyon fanmi m t ap fè sou mwen pou m chèche fè anpil lajan, mwen te chèche mete objektif Bondye an premye nan lavi m. Malgre tou, mwen toujou fè ase lajan pou m ka gen sa ki nesesè, tankou rad ki konvnab. Mwen vrèman apresye lefètke m kapab dòmi plis. Mwen jwenn lajwa nan ministè m, e kounye a, mwen anfòm espirityèlman paske mwen pa tèlman ekspoze devan bagay ki gen nan monn nan ki ta ka atire m e ki ta ka distrè m. ”— Eklezyas 4:6 ; Matye 6:24, 28-30.
9. Ki jan efò n ap fè yo ka gen yon efè sou moun n ap preche yo ?
9 Se pa tout moun ki ka sèvi Bondye antanke evanjelizatè aplentan. Si w ap lite ak laj, yon move sante oswa lòt pwoblèm ankò ki limite w, pa bliye Jewova apresye anpil anpil fidelite w ak sèvis w ap ba li ak tout nanm ou (Lik 21:2, 3). Pou rezon sa a, pèsonn pa ta dwe souzestime efè l ka gen sou lòt moun menmsi li limite nan sa l ka fè nan ministè a. Pa egzanp, ann sipoze nou nan predikasyon, nou deja vizite plizyè kay e pa gen moun ki sanble enterese nan mesaj nou an. Petèt moun ki abite nan kay sa yo ka pale de vizit nou an pandan yon bon tan apre nou fin ale, menmsi pa t gen pèsonn ki te akeyi nou. Nou pa imajine tout moun ki koute bon nouvèl la ap byen reyaji, men gen moun k ap fè sa (Matye 13:19-23). Gen lòt moun k ap byen reyaji alavni lè kondisyon ki gen nan monn nan chanje oswa lè kondisyon lavi yo chanje. Antouka, lè nou fè sa nou kapab nan ministè a, se travay Bondye a n ap fè. Nou se “ konpayon travay Bondye ”. — 1 Korentyen 3:9.
10. Ki privilèj nou tout nou genyen nan kongregasyon an ?
10 Yon lòt bò, nou tout kapab ede manm fanmi nou e nou kapab ede frè ak sè espirityèl nou yo (Galat 6:10). Bon enfliyans nou genyen sou lòt moun kapab make yo yon fason dirab (Eklezyas 11:1, 6). Lè ansyen yo ak asistan ministeryèl yo ranpli responsablite yo avèk dilijans, yo ede moun ki nan kongregasyon an pou yo an sante espirityèlman e pou yo stab espirityèlman, e sa ede moun yo ogmante aktivite yo. Nou sèten lè nou “ gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a ”, travay nou pa “ anven ”. — 1 Korentyen 15:58.
Annou fè karyè nan pousuiv objektif Bondye
11. Apa nan kongregasyon nou, ki lòt fason ankò nou ka sèvi ?
11 Antanke kretyen, nou renmen lavi e nou bay Bondye glwa nan tout sa n ap fè (1 Korentyen 10:31). Lè nou preche bon nouvèl Wayòm nan avèk fidelite e nou anseye lòt moun pou yo obsève tout bagay Jezi te kòmande nou yo, gen divès fòm sèvis n ap kapab antre ladan yo k ap fè kè nou kontan (Matye 24:14 ; 28:19, 20). Nonsèlman nou kapab sèvi nan kongregasyon pa nou, men tou, nou kapab gen posiblite pou nou sèvi lòt kote ki bezwen plis pwoklamatè, swa nan yon lòt tèritwa, swa nan yon kongregasyon lang etranje, swa nan yon lòt peyi. Ansyen ak asistan ministeryèl ki kalifye e ki selibatè ka jwenn envitasyon pou yo asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl. Apre yo fin gradye, yo ka jwenn envitasyon pou y al sèvi nan kongregasyon ki bezwen kretyen ki gen matirite pou ede yo, swa nan peyi yo, swa aletranje. Gen koup marye ki nan sèvis aplentan ki kapab kalifye tèt yo pou y al Gileyad pou yo resevwa fòmasyon pou yo vin misyonè e pou yo sèvi nan peyi etranje. Anplis, toujou gen bezwen volontè pou fè divès travay nan Betèl yo, pou sèvi nan konstriksyon Sal Wayòm yo, Sal asanble yo ak filyal yo e pou fè antretyen ladan yo.
12, 13. a) Ki jan ou ka deside nan ki fòm sèvis w ap antre ? b) Bay yon egzanp pou w montre ki jan eksperyans yon moun fè nan yon asiyasyon ka itil li nan yon lòt asiyasyon.
12 Nan ki fòm sèvis nou kapab chèche antre ? Antanke sèvitè Jewova ki vwe vi nou ba li, se pou nou toujou chèche direksyon nan men Jewova ak òganizasyon l lan. ‘ Lespri Jewova ki bon ’ ap ede nou pran bon desizyon (Neyemya 9:20). Souvan, yon asiyasyon konn mennen nan yon lòt asiyasyon, e eksperyans yon moun fè ak abilite li vin devlope pandan l nan yon fòm sèvis kèlkonk kapab itil li nan yon lòt asiyasyon li vin jwenn apre.
13 Pa egzanp, Dennis ak madanm li, Jenny, te konn patisipe regilyèman nan konstriksyon Sal Wayòm. Apre siklòn Katrina te fin frape pati sid Etazini, yo te sèvi kòm volontè pou yo pote frè ak sè ki te viktim yo sekou . Men sa Dennis di : “ Lefètke nou te sèvi ak abilite nou te devlope lè nou te konn patisipe nan konstwi Sal Wayòm pou nou te ede frè nou, sa te fè kè nou kontan anpil. Rekonesans moun ki te resevwa èd yo te montre yo genyen te vrèman touche nou. Pifò lòt gwoup moun ki te vin pou pote sekou yo pa t rive fè anpil travay nan efò yo t ap fè pou yo rebati kay ki te kraze yo. Men, Temwen Jewova yo deja repare oswa yo deja rebati plis pase 5 300 kay ak anpil Sal Wayòm. Anpil moun remake sa e kounye a yo montre yo plis enterese nan mesaj n ap preche a. ”
14. Ki sa w ka fè si w vle fè karyè nan sèvis aplentan ?
14 Èske w ka pousuiv objektif Bondye lè w chwazi fè karyè nan sèvis aplentan ? Si w chwazi sa, ou mèt sèten w ap resevwa anpil benediksyon. Si sitiyasyon w kounye a pa pèmèt ou fè sa, petèt ou kapab fè kèk ajisteman. Ou kapab priye sou sa menm jan Neyemya te priye lè l te vle kòmanse yon asiyasyon enpòtan. Li te di : “ Aa ! Jewova, silvouplè, [...] fè sèvitè w la reyisi. ” (Neyemya 1:11). Apre sa, met konfyans ou nan Sila “ ki konn tande priyè ” a, epi aji ann amoni ak priyè w te fè a (Sòm 65:2). Si w bezwen pou Jewova beni efò w ap fè pou w sèvi l pi plis toujou, ou bezwen fè efò sa yo. Yonfwa ou fin deside pou w antre nan sèvis aplentan, pa lage desizyon ou pran an. Tank tan ap pase w ap vin gen plis eksperyans e w ap gen plis kè kontan.
Yon vi ki vrèman bay satisfaksyon
15. a) Ki pwofi n ap tire lè nou pale ak moun ki gen lontan depi y ap sèvi Bondye e lè nou li istwa lavi moun konsa ? b) Site yon istwa sou lavi yon moun ou te twouve ki te patikilyèman ankourajan pou ou.
15 Ki rezilta ou ka atann w ap jwenn lè w pousuiv objektif Bondye nan lavi w ? Pale ak moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova, sitou ak moun ki gen anpil tan nan sèvis aplentan. Sandout, yo gen yon vi ki vrèman ba yo satisfaksyon (Pwovèb 10:22) ! Siman, y ap di w Jewova pa janm pa ede yo jwenn sa yo vrèman bezwen e plis pase sa, menm lè sitiyasyon yo pa t fasil (Filipyen 4:11-13). Soti nan ane 1955 pou rive nan ane 1961, yo te pibliye nan Toudegad yon seri atik sou istwa lavi yon seri moun ki fidèl. Atik sa yo te gen kòm tit “ Fason m ap pousuiv objektif mwen nan lavi a ” (Comment je poursuis le but de ma vie). Depi lè sa a, yo pibliye plizyè santèn lòt istwa sou lavi anpil frè ak sè. Chak istwa sa yo demontre zèl ak lajwa yo genyen, e sa fè nou sonje istwa nou jwenn nan liv Travay la. Lè nou li istwa sa yo ki enteresan anpil, sa ap pouse nou di : ‘ Se konsa m ta renmen pou lavi m ye ! ’
16. Ki sa ki bay lavi yon kretyen yon sans e ki fè l gen kè kontan ?
16 Aaron, nou te mansyone nan kòmansman an, di : “ Lè m te ann Afrik, souvan mwen te rankontre ak jèn k ap bat tout peyi a pou yo chèche yon objektif nan lavi yo. Men, pifò pa t janm jwenn yon objektif nan lavi yo vre. Men, nou menm nou te la nan peyi sa a, e se objektif Bondye nou t ap pousuiv, lefètke nou t ap preche bon nouvèl Wayòm nan. Lavi nou te enteresan e li te ban nou satisfaksyon. Dapre eksperyans nou te fè, nou vin wè vrèmanvre gen plis kè kontan lè yon moun bay pase lè l resevwa. ”
17. Poukisa nou dwe pousuiv objektif Bondye depi kounye a ?
17 E ou menm ? Ki objektif w ap pousuiv ? Si w pa gen yon objektif espirityèl ki klè, rapidman w ap jwenn lòt bagay k ap pran tout tan w ak tout enèji w. Poukisa pou w ap gaspiye lavi w, ki gen anpil valè, nan bagay ki pa vrèman enpòtan ki gen nan monn Satan an ? Trè byento, lè “ gwo tribilasyon ” an frape, richès materyèl ak pozisyon ki gen nan monn nan pap gen okenn valè. Men, sa k ap gen enpòtans, se relasyon nou genyen avèk Jewova. Se pa ti rekonesan nou pral rekonesan lè sa a lefètke nou te sèvi Bondye, nou te sèvi lòt moun e nou te pousuiv objektif Bondye nan lavi nou ! — Matye 24:21 ; Revelasyon 7:14, 15.
[Nòt anba paj]
a Gen non moun yo chanje.
b Se Temwen Jewova ki pibliye l.
Èske w ka esplike ?
• Ki jan Jewova wè sèvis n ap ba li a ?
• Lè nou aji yon fason pratik e nou gen ekilib, ki jan sa ede nou sèvi ni Bondye ni lòt moun ?
• Nan ki fòm sèvis nou kapab antre ?
•Ki jan nou kapab mennen yon vi ki vrèman gen yon sans depi kounye a ?
[Foto nan paj 25]
Pou nou kontinye sèvi Jewova ak tout nanm nou, nou bezwen gen ekilib.
[Foto nan paj 26]
Sèvis sakre n ap bay la gen plizyè fòm sèvis ladan l.