Èske tè a rive nan lè pou l pa egziste ankò ?
Ki repons ou t ap chwazi nan twa repons yo bay pou kesyon ki pi ba a ?
Alavni, ki jan bagay yo ap ye sou tè a ?
a) y ap amelyore
b) y ap rete menm jan yo ye a
c) y ap vin pi mal
ÈSKE w fè efò pou w toujou gen yon pwennvi pozitif konsènan lavni ? W ap jwenn anpil byenfè si w fè sa. Dapre rechèch ki fèt, moun ki gen yon pwennvi pozitif jwenn pi bon rezilta ni nan aktivite entèlektyèl ni nan aktivite fizik. Gen yon rechèch syantifik ki te fèt sou yon peryòd tan ki long, e dapre rechèch sa a, moun ki wè lavi a yon fason pozitif gen mwens chans lontan pou yo fè maladi kè pase moun ki gen yon pwennvi negatif sou li. Rezilta sa yo ann amoni ak sa Labib di depi plizyè syèk : “ Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w’ap deperi sou pye. ” — Pwovèb 17:22.
Sepandan, lè anpil moun konsidere sa mesye lasyans yo anonse konsènan avni tè a, yo twouve li difisil pou yo toujou kontan e pou yo rete pozitif. Annou konsidere kèk nan bagay terib yo te anonse pou lavni k ap fè aktyalite nan nouvèl.
Yon planèt ki an danje
An 2002, yon enstitisyon yo respekte anpil (Stockholm Environment Institute) te bay yon avètisman. Li te fè konnen si lèzòm kontinye ap fè devlopman ekonomik nan fason y ap fè l la, li pwobab pou sa lakòz yon seri “ evènman ki kapab chanje tanperati planèt la ak ekosistèm li yo totalman ”. Yon lòt bagay yo di nan rapò a, sèke povrete ki egziste toupatou, enjistis ki kontinye egziste ak fason y ap depafini anviwònman an ka lakòz sosyete a “ soti nan yon kriz pou l tonbe nan yon lòt nan domèn anviwònman, nan domèn sosyal ak nan domèn sekirite ”.
An 2005, Nasyonzini te pibliye yon rapò konsènan yon pwogram rechèch (Évaluation des écosystèmes du millénaire) sou anviwònman tè a. Rechèch la te dire katran. Te gen plis pase 1 360 espesyalis ki soti nan 95 peyi ki te patisipe ladan l. Rapò yo te prezante a te bay yon avètisman ki montre ki jan sitiyasyon an grav. Men sa yo te di : “ Aktivite lèzòm ap fè yo tèlman gen yon efè sou tè a, nou pa gen garanti ekosistèm ki gen sou planèt la ap ka kenbe jenerasyon k ap vini yo an vi. ” Selon rapò sa a tou, pou nou anpeche kalamite sa a rive, sa ap mande pou nou fè “ gwo chanjman nan estrateji nou itilize yo, nan enstitisyon yo ak nan fason nou aji. Jiska prezan chanjman sa yo poko ap fèt ”.
Men sa Anna Tibaijuka, direktris an chèf yon pwogram nan Nasyonzini te di : “ Si nou kontinye jan nou prale a, gen yon avni terib k ap tann nou. ” De jou an jou kantite savan ki vin gen menm opinyon sa a ap ogmante.
Rezon ki fè nou espere yon bon chanjman
Temwen Jewova yo, ki pibliye peryodik sa a, kwè, yo menm tou, gen gwo evènman ki toupre rive ki pral chanje tè a nèt. Sepandan, yo gen konviksyon evènman sa yo pap detwi avni yo, men y ap pèmèt gen pi bèl kondisyon sou tè a, kondisyon ki pa t janm genyen anvan sa. Sa k fè yo gen pwennvi pozitif sa a ? Se paske yo kwè nan pwomès Labib, Pawòl Bondye a, fè. Annou konsidere sa youn nan pwomès sa yo di : “ Talè konsa, p’ap gen mechan ankò. W’a chache yo, ou p’ap jwenn yo. Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y’a viv ak kè poze nèt ale. ” — Sòm 37:10, 11.
Èske esperans sa a se yon senp rèv ? Anvan nou reponn kesyon sa a, annou reflechi sou fraz ki vin apre a : Plizyè milye ane alavans, Labib te anonse yon fason egzak anpil nan gwo pwoblèm nou wè k ap detwi latè e k ap aflije moun k ap viv sou li yo. Tanpri, li vèsè yo site nan atik ki vin apre a, epi konpare sa yo di yo ak sa w wè k ap pase nan monn nan. Pandan w ap fè sa, w ap vin gen plis konfyans evènman Bib la anonse ki gen pou rive alavni yo ap rive san mank.