Èske w konnen Papa w ki nan syèl la ?
ÈSKE w konnen papa w byen ? Kesyon sa a ka parèt dwòl pou ou si w te grandi nan yon fanmi kote moun yo gen lanmou antre yo. Petèt w ap reponn : ‘ Wi ! Mwen konnen papa m trè byen. ’ Se vre, pifò moun konnen sa papa yo renmen, sa l pa renmen, ki jan l reyaji nan kèk sitiyasyon e ki jan l sousye l de fanmi l.
Poutan, petèt te gen moman kote w te sezi wè fason papa w reyaji devan yon sitiyasyon. Pa egzanp, yon pitit kapab konnen papa l kòm yon moun ki trankil e ki dou. Men, lè gen yon sitiyasyon ijan ki prezante, li kapab vin konn yon lòt aspè nan pèsonalite papa l. Nan yon sitiyasyon konsa, li kapab wè jan papa l se yon moun ki gen detèminasyon pou l pwoteje fanmi l.
E Kreyatè nou an menm, èske nou byen konnen l ? Men sa Labib di nou de li : “ Se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman e nou egziste. ” (Travay 17:28, NW). Se Bondye ki ban nou lavi ; nan sans sa a li se Papa tout sa ki vivan (Izayi 64:8). Petèt se konsa ou wè Bondye e se byen, paske se konsa sa ta dwe ye. Men, gen anpil lòt bagay nou ka konnen sou li e nou ka aprann sou li k ap pwofitab pou nou e k ap fè kè nou kontan.
Si w konn papa w byen, sa ap gen efè sou fason w konsidere l e sa ap gen efè sou respè w gen pou li. Menm jan an tou, plis ou konnen Bondye, se plis w ap gen relasyon ki sere avè l. Si w konn Bondye byen e si w aprann fè volonte l, li kapab ede w andire sitiyasyon difisil ki gen nan lavi a.
Ki kalite moun Bondye ye ? Ki enfliyans kalite li genyen yo ta dwe genyen sou fason w konsidere l ? Lefètke w konnen l, èske sa ba w kèk responsablite ? W ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.
[Antrefilè nan paj 3]
Si w konn yon moun byen, sa ap gen efè sou fason w konsidere l.