BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w10 1/1 p. 8
  • ‘Lè a’ prèske rive

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • ‘Lè a’ prèske rive
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Laverite sou Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Èske vrèmanvre n ap viv nan “ dènye jou yo ” ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • N ap viv nan dènye jou yo !
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
w10 1/1 p. 8

‘Lè a’ prèske rive

DISIP Jezi yo te swaf pou yo wè soufrans fini, menm jan ak pwofèt Abakouk. Lè yo te aprann sa Wayòm Bondye a t apral fè pou l ranje bagay yo sou tè a, men ki kesyon yo te poze Jezi: “Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou [antanke Wa nan Wayòm nan] e k ap siy fen sistèm nan?” ​(Matye 24:3, NW). Lè Jezi t ap reponn yo, li te fè yo konnen se sèl Jewova Dye ki konnen ki lè egzakteman Wayòm nan ap pran kontwòl latè nèt (Matye 24:36; Mak 13:32). Sepandan, Jezi ak kèk lòt moun nan Bib la te anonse kèk bagay ki t ap rive sou tè a ki t ap montre tan fikse a pa lwen. —Gade kare ki adwat la.

Èske w pa remake se bagay sa yo menm k ap rive jodi a? Mete sou sa, Jezi te anonse t ap gen yon travay ansèyman ki t ap gen pou fèt sou tout tè a. Men sa l te di: “Bon nouvèl wayòm sa a ap preche nan lemonn antye pou li sèvi kòm temwayaj bay tout nasyon. Epi, apre sa, lafen an ap rive.” —Matye 24:14, Bib Kreyòl La.

Se egzakteman travay sa a Temwen Jewova yo ap fè jodi a. Gen plis pase sèt milyon Temwen, ki gaye nan anviwon 236 peyi, k ap anonse sa Wayòm nan pral fè e k ap ede moun suiv prensip jis Bondye yo. Volonte Bondye se efase tout soufrans ak tout doulè. Si w kontinye aprann plis toujou sou Wayòm Bondye a, w ap gen esperans pou w viv pou toutan nan yon monn ki pa gen soufrans.

[Kare nan paj 8]

Vèsè ki montre n ap viv nan dènye jou yo

MATYE 24:6, 7; REVELASYON 6:4

• Lagè fèt nan yon nivo sa pa t janm fèt anvan.

MATYE 24:7; MAK 13:8

• Gwo tranblemanntè.

• Rate manje.

LIK 21:11; REVELASYON 6:8

• Epidemi mòtèl.

MATYE 24:12

• Mechanste gaye toupatou.

• Lanmou moun yo genyen youn pou lòt rafredi.

REVELASYON 11:18

• Moun yo ap detwi tè a.

2 TIMOTE 3:2

• Yo renmen lajan anpil.

• Yo dezobeyi paran yo.

• Yo renmen tèt yo depase limit.

2 TIMOTE 3:3

• Yo pa gen lanmou pou pwochen yo.

• Yo pa dispoze antann yo.

• Yo san kontwòl, e sa rive nan kèlkeswa kouch sosyete a.

• Yo pa vle wè sa ki byen.

2 TIMOTE 3:4

• Yo pito plezi olye yo renmen Bondye.

2 TIMOTE 3:5

• Anpil nan yo pretann yo se kretyen yon fason ipokrit.

MATYE 24:5, 11; MAK 13:6

• Gen anpil fo pwofèt.

MATYE 24:9; LIK 21:12

• Yo pèsekite vrè kretyen yo.

MATYE 24:39

• Moun yo pa koute avètisman Bib la bay yo.

[Foto nan paj 8]

Temwen Jewova yo ap anseye moun konsènan Wayòm Bondye a sou tout tè a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje