BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w10 1/1 p. 24-25
  • Jeremi pa t sispann sèvi Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jeremi pa t sispann sèvi Bondye
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Jeremi pa t sispann pale de Jewova
    Anseye pitit ou
  • Ann met kouraj sou nou menm jan ak Jeremi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Jewova voye Jeremi al preche
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yon mesye ki pa pè moun
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
w10 1/1 p. 24-25

Anseye pitit ou

Jeremi pa t sispann sèvi Bondye

ÈSKE W konn santi w dekouraje e w anvi sispann sèvi Bondye?—a Gen anpil moun ki konn santi yo konsa. Jeremi te santi l konsa tou. Sepandan, li pa t kite sa lòt moun t ap di oswa sa yo t ap fè fè l sispann sèvi Bondye. Jeremi te yon moun espesyal nan je Bondye, epoutan, menm li menm li te anvi sispann sèvi l. Annou fè yon ti pale de li.

Jewova, vrè Dye a, te chwazi Jeremi pou l vin pwofèt li depi anvan Jeremi te fèt pou l te ka fè pèp la konnen Bondye pa t kontan ak yo. Ou konn sa Jeremi te di Jewova plizyè ane annapre?— Li te di l: “Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.”

Ki jan w panse Jewova te reponn Jeremi?— Li te reponn Jeremi avèk jantiyès, men yon fason ki fèm. Li te di l: “Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m’ap voye ou. W’a di yo tou sa m’a ba ou lòd di yo. Ou pa bezwen pè pèsonn.” Poukisa Jeremi pa t bezwen pè? Jewova te di l ‘l ap kanpe la avè l pou l pwoteje l’. (Se nou ki mete mo yo ann italik) —Jeremi 1:4-8.

Sepandan, jan nou te wè sa anvan, Jeremi te vin dekouraje paske yo te pase l nan rizib poutèt li t ap sèvi Bondye. Men sa li te di: “Tout lajounen moun ap ri m. Yo tout ap pase m nan rizib.” Se sa k fè li te vle sispann sèvi Bondye. Li te di: “Mwen p’ap nonmen non Senyè a, mwen p’ap pale nan non l ankò”. Sepandan, li pa t sispann sèvi l vre.

Men sa Jeremi te di: “Mesay ou yo te tankou yon dife nan zo m k’ap boule tout anndan m. Mwen fè sa m kapab pou enpoze l sòti. Malgre sa, li sòti sòti l.” ​(Jeremi 20:7-9). Menm lè Jeremi te pè pafwa, lefètke li te gen lanmou pou Jewova, li pa t sispann sèvi l. Ann wè jan Jeremi te jwenn pwoteksyon poutèt sa.

Pwofèt Jeremi

Jewova te di Jeremi avèti pèp la li t ap detwi yo si yo pa t chanje move fason yo t ap aji a. Lè Jeremi te bay pèp la avètisman sa a, yo te fache e yo te di: “Nonm sa a merite pou yo touye l.” Men Jeremi sipliye yo, li di yo: “Koute sa Senyè a, Bondye nou an, ap di nou.” Apre sa li di: ‘Si nou touye m, konnen se lanmò yon inosan n’ap gen sou konsyans nou. Paske, sa m’ap di nou la a, se vre wi, se Senyè a menm ki voye m pou m fè nou tande tout pawòl sa yo.’ Èske w konnen sa k te pase annapre?—

Men sa Bib la di: “Gwo chèf yo ak tout pèp la pale ak prèt yo ansanm ak pwofèt yo. Yo di yo: Pa gen anyen la a pou n touye nonm sa a. Paske se nan non Senyè a, Bondye nou an, li pale ak nou.” Donk, Jeremi pa t sispann sèvi Jewova e Jewova te pwoteje l. Kounye a, annou wè sa k te pase Ouriya, yon lòt pwofèt Jewova, ki pa t aji menm jan ak Jeremi.

Bib la di: “Tankou Jeremi, [Ouri] t’ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida.” Èske w konn sa Ouri, sètadi Ouriya, te fè lè wa Yewoyakim te vin fache kont li?— Li te vin pè, li te sispann fè volonte Bondye e li te sove al ann Ejip. Lè sa a, wa a voye kèk moun al chèchè l mennen ba li. Lè yo mennen l vini, ou konn ki sa wa mechan sa a te fè l?— Li te touye l ak yon epe. —Jeremi 26:8-24.

Poukisa w panse Jewova te pwoteje Jeremi, men li pa t pwoteje Ouriya?— Bon, se vre Jeremi te ka pè, menm jan Ouriya te pè a, men, Jeremi pa t sispann sèvi Jewova, ni li pa t sove al nan yon lòt peyi. Ki leson nou kapab tire nan egzanp Jeremi an?— Leson an, sèke nou dwe toujou fè Bondye konfyans e nou dwe toujou obeyi l, menmsi pafwa nou gendwa twouve li difisil pou nou fè sa li mande.

a Si w ap li atik sa a avèk timoun, tirè a se pou fè w sonje pou w kanpe e pou w poze yo kesyon an.

Kesyon:

  • Ki travay Jewova te chwazi Jeremi pou l fè?

  • Poukisa Jeremi te vle sispann sèvi Bondye?

  • Poukisa Jewova te pwoteje Jeremi, men li pa t pwoteje Ouriya?

  • Ki leson w tire nan egzanp Jeremi an?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje