Efò ki fèt pou elimine povrete
MOUN ki rich yo deja elimine povrete pou tèt yo. Men, efò lèzòm fè pou yo elimine povrete sou tè a toujou echwe. Sa k fè sa? Rezon an se paske, jeneralman, moun ki rich yo pa vle pèsonn oswa anyen vin yon menas pou richès yo ak pozisyon yo. Men sa Salomon, yon wa nan Izrayèl tan lontan an, te ekri: “Dlo ap koule konsa nan je moun y’ap maltrete yo. Pa gen pèsonn pou ede yo. Moun k’ap maltrete yo gen lafòs avèk yo.” — Eklezyas 4:1.
Èske moun ki gen enfliyans ak pouvwa nan monn nan ka chanje sosyete a pou yo elimine povrete? Men sa Bondye te enspire Salomon pou l ekri: “Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen. Ou pa ka drese sa ki fin kwochi.” (Eklezyas 1:14, 15). Nou konprann sa byen lè nou wè efò moun nan epòk nou an ap fè pou yo elimine povrete.
Teyori pou amelyore kondisyon lavi tout moun
Nan 19yèm syèk la, pandan kèk nasyon te vin gen yon richès yo pa t gen anvan grasa komès ak endistri, gen kèk moun ki gen enfliyans nan monn nan ki t ap reflechi anpil sou kesyon povrete a. Èske l posib pou yo separe resous tè a genyen yo yon fason ki egal?
Gen kèk moun ki te panse sistèm kominis la te ka mete yon sosyete sou pye nan lemonnantye kote pa gen distenksyon klas, konsa tout byen yo t ap separe egalego. Natirèlman, moun rich yo pa t renmen ide sa a menm. Men, gen yon slogan kominis anpil moun renmen ki di: “Se pou chak moun bay selon kapasite l, se pou chak moun resevwa selon bezwen l.” Anpil moun te espere tout nasyon t ap adopte sistèm kominis la, yon fason pou monn nan ta vin tounen yon sosyete ideyal pou moun viv. Gen kèk nasyon rich ki te pran kèk aspè nan sistèm kominis la met nan pwogram gouvènman pa yo pou yo mete sou pye sa yo rele sekirite sosyal la pou pran swen tout sitwayen peyi yo “depi yo fèt pou jis yo mouri”. Yo fè konprann yo elimine povrete ki mete lavi moun an danje a nan peyi pa yo.
Men, sistèm kominis la pa rive etabli yon sosyete kote moun yo pa egoyis. Objektif nasyon sa yo se pou yo te rive fè sitwayen nan peyi yo travay nan enterè tout moun olye pou yo travay pou tèt yo sèlman, men yo wè se yon bagay ki difisil anpil. Gen moun ki pa renmen lide pou yo bay kòb pou pran swen moun ki pòv yo, yo di si yo bay moun ki pòv yo sa yo bezwen, sa ka fè kèk nan yo pa vle travay. Sa Bib la di a se verite: “Pa gen moun k’ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l’ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal. [...] Bondye kreye moun pou yo viv san pwoblèm, li mete yon chemen tou dwat devan yo, men se yo menm ki chache traka bay tèt yo.” — Eklezyas 7:20, 29.
Yon lòt espwa ki te genyen se sa yo rele rèv ameriken an, sa vle di yon sosyete kote tout moun ki dispoze travay di ka vin rich. Toupatou sou tè a, gen anpil peyi ki te vin sèvi ak sistèm yo te panse ki te fè Etazini vin rich, anpalan de demokrasi, endistri lib ak komès lib. Men, se pa tout nasyon ki ka rive reyalize rèv ameriken an, paske se pa sistèm politik Etazini an sèlman ki fè l rich. Gen plizyè lòt bagay enpòtan ki fè sa, tankou pakèt resous natirèl li genyen yo ak mwayen li genyen pou l itilize wout komèsyal entènasyonal yo byen fasil. Epitou, konpetisyon ki gen nan sistèm ekonomik mondyal la fè gen nasyon ki genyen e sa fè yo vin rich, epi gen nasyon ki pèdi e sa fè yo soufri. Men, èske yo ka ankouraje nasyon ki rich yo pou yo ede sa ki pòv toujou yo?
Plan Machal
Apre Dezyèm Gè mondyal la, Ewòp te ravaje nèt e te gen anpil moun nan grangou. Gouvènman ameriken an te enkyè pou jan sistèm kominis la te popilè ann Ewòp. Se sa k fè, pandan katran, li te bay tout peyi nan zòn sa a ki te aksepte sistèm ameriken an yon pakèt kòb pou remete endistri yo ak agrikilti yo sou pye. Pwogram sa a yo te genyen pou rekonstwi Ewòp la, ki te rele Plan Machal, yo te konsidere li reyisi. Etazini te vin gen plis enfliyans ann Ewòp delwès, e nan zòn sa a, pa t gen anpil moun k ap viv nan povrete ki mete lavi moun an danje a. Èske se konsa povrete t ap elimine sou tè a?
Lefètke Plan Machal la te reyisi, sa te fè gouvènman ameriken an deside ede peyi pòv nan lemonnantye. Li ede yo amelyore sistèm yo genyen nan domèn agrikilti, swen sante, edikasyon ak transpò. Etazini rekonèt se pou enterè pa l ki fè l fè sa. Gen lòt peyi tou ki te ofri peyi pòv yo èd dekwa pou yo te ka vin gen plis enfliyans. Swasant an apre, alòske yo te fin depanse kantite kòb ki te depanse pou Plan Machal la plizyè fwa, yo pa t satisfè ak rezilta yo te jwenn yo. Se vre, gen kèk nasyon ki te pòv ki rive vin rich, sitou ann Azi delès. Men, menm lè èd entènasyonal peyi pòv yo resevwa a fè gen mwens timoun ki mouri e gen plis ki rive al lekòl, sa pa anpeche anpil nasyon toujou rete pòv nan dènye degre.
Èd entènasyonal
Li te pi fasil pou yo ede peyi rich yo repran kap yo apre gè a pase pou yo ede peyi pòv yo soti nan povrete. Ewòp te deja gen endistri, komès ak transpò. Yo te sèlman bezwen bay ekonomi an yon bourad. Men, menm lè èd entènasyonal yo itil peyi pòv yo pou fè wout, lekòl ak lopital, moun nan peyi sa yo toujou rete pòv nan dènye degre paske manke travay ak resous natirèl, e peyi sa yo pa gen mwayen pou yo itilize wout komèsyal yo.
Pwoblèm ki lakòz povrete yo ak pwoblèm povrete lakòz yo se yon seri pwoblèm ki konplike, ki pa fasil pou rezoud. Pa egzanp, maladi lakòz povrete e povrete lakòz maladi. Timoun ki fè malnitrisyon yo ka tèlman fèb e yo ka tèlman pa kapab aprann byen pandan y ap grandi, sa ka fè yo pa ka pran swen pitit pa yo lè yo vin gran. Epitou, lè peyi rich yo voye manje yo gen anplis kòm èd bay peyi pòv yo, sa lakòz kiltivatè yo ak ti machann yo vin pa ka vann, e konsa vin gen plis povrete. Lè peyi rich yo voye kòb bay gouvènman nan peyi pòv yo, sa ka kreye yon seri lòt pwoblèm: li fasil pou yo vòlè èd sa a, sa ki ka mennen nan koripsyon e koripsyon an ap fè vin gen plis povrete. Anfèt, èd entènasyonal la echwe paske li pa rive atake vrè koz povrete a.
Sa ki lakòz povrete
Lè nasyon yo ak gouvènman yo ak moun an jeneral aji nan enterè pa yo sèlman, sa lakòz povrete nan dènye degre. Pa egzanp, gouvènman nan peyi rich yo pa twò enterese elimine povrete ki gen nan monn nan, paske se pèp ki mete yo sou pouvwa e yo dwe fè pèp la plezi. Se sa k fè yo entèdi danre ki sot nan peyi pòv yo vann nan peyi rich yo yon fason pou kiltivatè nan peyi rich yo pa pèdi travay yo. Epitou, dirijan nan peyi rich yo bay kiltivatè nan peyi yo anpil èd yon fason pou yo ka vann danre yo pi vit pase kiltivatè nan peyi pòv yo.
Li klè, se lèzòm ki fè gen povrete, paske sa ki lakòz povrete se tandans ni moun ni gouvènman yo genyen pou yo aji nan enterè pa yo sèlman. Men sa Salomon, youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la, di: “Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri.” — Eklezyas 8:9.
Kidonk, ki espwa ki genyen pou elimine povrete? Èske gen gouvènman ki ka chanje lòm?
[Kare nan paj 6]
Yon lwa pou anpeche povrete
Jewova Dye te bay nasyon Izrayèl tan lontan an yon seri lwa. Si moun yo te obeyi lwa sa yo, li t ap trè difisil pou yon moun vin pòv. Lè Izrayelit yo te anba Lalwa, chak fanmi te resevwa yon tè kòm eritaj, eksepte moun nan tribi Levi paske se nan tribi sa a prèt yo te soti. Tè yon fanmi te resevwa kòm eritaj te an sekirite paske yo pa t ka vann li pou toutan. Chak 50 an, tout moun ki te achte tè te oblije remèt mèt tè a tè l oswa remèt fanmi mèt tè a li (Levitik 25:10, 23). Si yon moun te oblije vann tè l paske li malad oswa akoz yon dezas oubyen paske li parese, li t ap jwenn tè a ankò nan ane Jibile a, san l pa peye anyen pou sa. Pa gen okenn fanmi ki t ap rete pòv pandan plizyè jenerasyon.
Yon lòt dispozisyon Bondye te pran nan Lalwa ki demontre li gen mizèrikòd, sèke yon moun ki te gen gwo pwoblèm te gen posiblite vann tèt li kòm esklav. Moun sa a t ap resevwa kantite kòb yo achte l la davans pou l te ka peye dèt li. Si l pa t rive reyachte tèt li anvan setan, sou setyèm ane a mèt li a te dwe voye l ale e li te dwe ba l semans ak bèt pou l ka rekòmanse fè jaden. Yon lòt bagay ankò, sèke si yon moun ki pòv te bezwen prete lajan, Lalwa te entèdi Izrayelit parèy li fè l peye enterè. Lalwa te fè moun yo obligasyon tou pou yo pa rekòlte danre ki sou lizyè jaden yo yon fason pou moun ki pòv yo te ka ranmase yo. Konsa, pa gen okenn Izrayelit ki t ap oblije mande. — Detewonòm 15:1-14; Levitik 23:22.
Men, selon sa listwa montre, gen kèk Izrayelit ki te vin pòv. Kòman sa te fè rive? Ebyen, Izrayelit yo pa t obeyi Lwa Jewova a. Kòm rezilta, gen kèk moun ki te vin gen anpil tè, gen lòt ki te pèdi tè yo te genyen e ki te vin pòv, menm jan sa fèt jodi a nan pifò peyi. Te vin gen povrete nan mitan pèp Izrayèl la paske gen kèk moun ki te meprize Lwa Bondye a e ki te mete enterè yo anvan enterè lòt moun. — Matye 22:37-40.