BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/10 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Efò ki fèt pou elimine povrete
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Yon bon nouvèl pou moun ki pòv yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Menm jan ak Jezi, montre nou enterese nan moun ki pòv
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/10 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Èske l posib pou gen yon monn ki pa gen povrete?

Yon dam ki kenbe yon bòl vid e ki pase men nan kou yon tifi

Ki sa Bondye pral fè pou gen yon monn ki pa gen povrete? — Matye 6:9, 10.

Chak ane gen plizyè milyon moun ki mouri akoz malnitrisyon ak maladi gwo povrete lakòz. Byenke gen kèk kote sou tè a ki gen anpil richès, yon bon valè moun toujou ap viv nan gwo mizè. Bib la fè konnen povrete se yon pwoblèm lèzòm genyen depi byen lontan. — Li Jan 12:8.

Pou retire povrete, fòk ta gen yon sèl gouvènman ki pou dirije tout tè a. Yon gouvènman konsa ta dwe gen kapasite pou l byen separe resous ki nan monn nan e pou l mete fen nan lagè ki se youn nan pi gwo bagay ki lakòz povrete. Bondye pwomèt pral gen yon gouvènman konsa k ap dirije tout tè a. — Li Dànyèl 2:44.

Kiyès ki kapab elimine povrete?

Bondye mete Jezi, Pitit li a, Wa pou l dirije tout limanite (Sòm 2:4-8). Jezi pral delivre moun ki pòv yo, l ap mete fen nan mechanste e l ap retire vyolans. — Li Sòm 72:8, 12-14.

Jezi, ki se “Prens lapè” Bondye te pwomèt la, pral etabli lapè ak sekirite nan monn nan. Lè sa a, tout moun sou tè a pral viv nan pwòp kay yo, y ap pran plezi nan travay yo fè e y ap jwenn manje ann abondans. — Li Izayi 9:6, 7; 65:21-23.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje