BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/4 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/4 p. 16
Jezi gen yon twal nan men l tankou se tè a l ap netwaye

REPONS BIB LA BAY

Ki sa Jezi pral fè alavni?

Nan ane 33 epòk nou an, Jezi te mouri, li te leve sot nan lanmò epi li te monte nan syèl la. Apre yon bon bout tan, Bondye ba l otorite pou l dirije antanke Wa (Dànyèl 7:13, 14). Alavni, Jezi pral aji antanke Wa pou l etabli lapè nan monn nan e pou l elimine povrete. — Li Sòm 72:7, 8, 13.

Antanke Wa, Jezi pral retire enjistis sou tè a.

Jezi pral fè anpil bèl bagay antanke Dirijan limanite. Li pral sèvi ak pouvwa Papa l ba li a pou l fè lèzòm vin pafè. Moun pral viv sou tè a san yo pa janm vyeyi e san yo pa janm mouri. — Li Jan 5:26-29; 1 Korentyen 15:25, 26.

Ki sa Jezi ap fè kounye a?

Kounye a, Jezi ap dirije travay predikasyon vrè disip li yo ap fè nan lemonnantye. Y al vizite moun yo lakay yo pou yo montre yo sa Bib la di sou Wayòm Bondye a. Jezi di l ap kontinye soutni travay disip li yo ap fè jiskaske Wayòm Bondye a mete fen nan gouvènman lèzòm yo. — Li Matye 24:14; 28:19, 20.

Jezi sèvi ak vrè kongregasyon an pou l gide moun yo pou yo viv pi bon fason an. L ap kontinye gide disip li yo lè destriksyon sistèm ki la kounye a jiskaske yo antre nan monn nouvo Bondye pwomèt la. — Li 2 Pyè 3:7, 13; Revelasyon 7:17.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje