BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/11 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Èske tout kretyen ki fidèl yo pral nan syèl?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/11 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Ki moun ki pral nan syèl e ki sa yo pral fè?

Gen plizyè milyon moun ki gen espwa yo pral viv nan syèl. Jezi te di apot fidèl li yo t apral viv nan syèl. Anvan Jezi mouri, li te pwomèt yo li pral prepare yon plas pou yo nan syèl la bò kote Papa l. — Li Jan 14:2.

Poukisa gen moun sou tè a k ap resisite pou y al viv nan syèl? Ki sa yo pral fè nan syèl la? Jezi te di apot li yo t apral wa. Yo pral dirije tè a. — Li Lik 22:28-30; Revelasyon 5:10.

Èske tout bon moun pral nan syèl?

Se yon kantite moun tou piti k ap dirije pifò peyi. Piske Jezi ap resisite moun pou y al nan syèl dekwa pou yo dirije tè a, nou ka atann moun yo chwazi pou al nan syèl yo pap anpil (Lik 12:32). Bib la di ki kantite moun egzakteman ki pral dirije avèk Jezi. — Li Revelasyon 14:1.

Jezi prepare yon plas nan syèl la pou kèk nan disip li yo. Èske w konnen ki sa yo pral fè nan syèl la?

Se pa moun ki pral nan syèl yo sèlman k ap jwenn benediksyon. Moun fidèl ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a, ki gen Jezi Kris kòm Wa, pral jwenn lavi etènèl sou tè a ki pral tounen yon paradi (Jan 3:16). Pami moun sa yo, gen ladan yo k ap chape lè Bondye pral detwi sistèm Satan an e y ap antre nan monn nouvo a. Tandiske gen lòt moun se resisite y ap resisite pou yo ka viv nan Paradi a. — Li Sòm 37:29; Jan 5:28, 29.

Pou plis enfòmasyon, Gade chapit 8 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Ou ka telechaje l sou sit www.jw.org/ht

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje