BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/11 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Pral gen yon rezirèksyon!
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki sa rezirèksyon an ye?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/11 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Èske moun ki mouri ka tounen viv ankò?

Moun k ap akeyi moun ki resisite nan Paradi a

Pa gen dout nan sa, sila a ki kreye lavi a ka rebay moun lavi.

Jewova Dye se Sous lavi a (Sòm 36:9). Kidonk, èske sa pa sanble rezonab pou menm Bondye sa a ka rebay moun ki mouri lavi? Bib la ban nou asirans se sa menm li pral fè alavni. (Li Travay 24:15.) Men, poukisa l ap fè sa?

Depi okòmansman, Kreyatè nou an te vle pou lèzòm viv pou toutan sou tè a (Jenèz 1:31; 2:15-17). Se sa l toujou vle pou limanite. Sa fè l mal pou l wè sa n ap pase kounye a, jan lavi a chaje ak pwoblèm e jan l pase byen vit. — Li Jòb 14:1, 14, 15.

Ki kote moun k ap resisite yo pral viv?

Èske Bondye te kreye lèzòm pou yo viv nan syèl? Non. Bondye te kreye zanj yo pou yo viv nan syèl. Li te fè lèzòm pou yo viv sou tè a (Jenèz 1:28; Jòb 38:4, 7). Toutpandan w kenbe sa nan lespri w, ann reflechi sou kèk rezirèksyon Jezi te fè. Li te rebay kèk moun lavi sou tè a menm. Menm jan an tou, pifò moun ki pral resisite alavni yo pral tounen viv sou tè a. — Li Jan 5:28, 29; 11:44.

Sepandan, Bondye chwazi kèk moun k ap gen pou yo resisite pou yo viv nan syèl la, kote y ap gen yon kò espirityèl (Lik 12:32; 1 Korentyen 15:49, 50). Moun ki pral resisite nan syèl la pral dirije tout tè a antanke wa ansanm ak Kris. — Li Revelasyon 5:9, 10.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 7 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje