BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/10 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Ki sa rezirèksyon an ye?
    Repons Bib la bay
  • Yon sèl remèd la !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/10 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Èske gen yon espwa pou moun ki mouri yo?

Moun ki mouri tankou moun k ap dòmi, sa vle di yo pa konn anyen e yo pa ka fè anyen. Men, Kreyatè a ki ban nou lavi ka fè moun ki mouri yo tounen viv ankò grasa rezirèksyon. Pou bay prèv sou sa, Bondye te bay Jezi pouvwa pou l resisite plizyè moun ki mouri. — Li Eklezyas 9:5; Jan 11:11, 43, 44.

Nan ki sans moun ki mouri tankou moun k ap dòmi?

Bondye pwomèt li pral leve moun ki mouri ki rete nan memwa l yo pou yo viv nan yon monn nouvo kote pral gen jistis. Moun ki pral resisite yo dwe rete nan lanmò jiskaske Bondye ba yo lavi ankò. Se pa ti anvi Bondye Toupisan an anvi sèvi ak pouvwa li genyen pou l resisite moun ki mouri yo. — Li Jòb 14:14, 15.

Kòman moun ki resisite yo ap ye?

Lè Bondye resisite moun yo y ap anmezi pou yo rekonèt tèt yo, zanmi yo, ak fanmi yo. Menmsi kò moun ki mouri a dekonpoze, Bondye ap resisite menm moun nan, men l ap ba li yon lòt kò. — Li 1 Korentyen 15:35, 38.

Se yon ti kantite moun toupiti ki resisite pou yo viv nan syèl la (Revelasyon 20:6). Pifò moun ki pral resisite yo pral viv sou tè a ki pral tounen yon paradi. Yo pral viv yon lavi ki bèl e y ap gen posiblite pou yo viv pou tout tan. — Li Sòm 37:29; Travay 24:15.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 6 ak 7 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Ou ka telechaje l sou sit www.jw.org/ht

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje