BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/12 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Konsènan Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/12 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Pou ki rezon Jezi retounen?

Anvan Jezi te monte nan syèl la nan ane 33 epòk nou an, li te pwomèt disip li yo l ap retounen. Li te konpare tèt li ak yon mesye ki fèt nan yon gran fanmi ki vwayaje al nan yon peyi lwen pou yon bon tan, apre sa li retounen li vin gen pouvwa pou l dirije antanke Wa. Rezon ki fè Jezi retounen se pou l ka bay lèzòm yon bon gouvènman. — Li Lik 19:11, 12.

Jezi ap bay lèzòm yon bon gouvènman.

Ak ki kalite kò Kris retounen? Li te resisite antanke yon espri envizib (1 Pyè 3:18). Apre sa, li te monte nan syèl la, li te chita adwat Bondye (Sòm 110:1). Kèk tan apre, Jezi te parèt devan Jewova, “Moun ki la pi lontan an”, li menm ki bay Jezi pouvwa pou l dirije limanite. Konsa, Jezi pa retounen ak yon kò moun, men li retounen antanke Wa envizib. — Li Dànyèl 7:13, 14, NW.

Ki sa Jezi ap fè lè l vini?

Lè Jezi ap vini ak zanj li yo moun pap wè l. Li pral jije limanite. L ap detwi mechan yo, men l ap bay moun ki aksepte l kòm Wa yo lavi etènèl. — Li Matye 25:31-33, 46.

Jezi ap dirije antanke Wa, dominasyon l lan pral transfòme tè a, l ap fè l tounen yon paradi. Jezi ap resisite moun ki mouri pou yo ka viv nan Paradi sou tè a. — Li Lik 23:42, 43.

Pou plis enfòmasyon, gade paj 73-85 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Ou ka telechaje l sou sit www.jw.org/ht.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje