BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w11 1/10 p. 7-9
  • Yo demaske chèf monn nan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo demaske chèf monn nan
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “Chèf monn nan” montre kiyès li ye
  • Chèf monn nan bay akolit li yo otorite
  • Chèf monn nan montre vrè vizaj li
  • Dyab la pral rann dènye souf li
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Annou “ pran pozisyon kont Satan ” menm jan ak Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Kenbe tèt ak Satan, e l ap kouri !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
w11 1/10 p. 7-9

Yo demaske chèf monn nan

MEN sa Jezi te di yon foul moun yon lè: “Yo pral mete chèf monn nan deyò.” Pi devan, li te di ‘chèf monn nan pa gen pouvwa sou li’, e yon lòt lè ankò li te di: “Yo jije chèf monn sa a.” ​(Jan 12:31; 14:30; 16:11). De kiyès Jezi t ap pale?

Lè nou konsidere sa Jezi te di konsènan “chèf monn sa a”, li klè se pa ta ka de Papa l, Jewova Dye, li t ap pale. Donk, kiyès ki “chèf monn sa a”? Kòman yo ‘pral mete l deyò’, e ki jan yo te “jije” l?

“Chèf monn nan” montre kiyès li ye

Menm jan yon chèf kriminèl fyè pou l fè lwanj pou pisans li genyen, se konsa Dyab la te fè lè l te tante Jezi, Pitit Bondye a. Apre Satan te fin montre Jezi “tout wayòm” ki nan monn nan, men òf li te fè l: “M ap ba w tout pouvwa sa a ak tout glwa wayòm sa yo genyen, paske pouvwa sa a, yo ban mwen l, e mwen bay moun mwen vle l. Donk, si ou menm, ou fè yon jès pou w adore m, yo tout ap pou ou.” — Lik 4:5-7.

Si Dyab la se te senpleman senbòl sa ki mal, jan kèk moun fè konprann sa, ki jan nou ta ka esplike tantasyon sa a? Èske se yon move panse Jezi te genyen ki te tante l oswa èske se yon boulvès li te santi anndan l petèt apre l te fin batize ki te tante l? Si se sa, kòman yo ta fè di Jezi “pa gen peche nan li”. (1 Jan 3:5.) Jezi pa t nye pouvwa Dyab la genyen sou limanite. Okontrè, li te fè konnen Dyab la gen pouvwa sa a vre lè l te pale de Dyab la kòm “chèf monn nan” ak lè l te di Dyab la se “yon asasen” e li se “yon mantè”. — Jan 14:30; 8:44.

Anviwon 60 an apre konvèsasyon Kris te genyen ak Dyab la, apot Jan te fè kretyen yo sonje kokenn enfliyans Dyab la genyen sou limanite lè l te di: “Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” Jan te di tou Dyab la “ap twonpe lemonnantye”. (1 Jan 5:19; Revelasyon 12:9.) Li klè, Labib pale de yon espri envizib antanke “chèf monn nan”. Men, jis nan ki pwen li gen enfliyans sou limanite?

Chèf monn nan bay akolit li yo otorite

Lè apot Pòl t ap ekri konsènan lit kretyen yo t ap mennen pou lafwa yo, li te idantifye aklè pi gwo ènmi yo genyen yo. Li te di kareman: “Nou gen yon lit n ap mennen, men se pa kont lèzòm, ki fèt ak chè ak san, se kont gouvènman yo, kont otorite yo, kont sila yo ki chèf monn nan, yo menm k ap dirije fènwa sa yo, e kont espri mechan yo ki nan syèl la.” ​(Efezyen 6:12). Kidonk, lit sa a pa konsène lèzòm sèlman, etandone se pa kont “chè ak san” l ap fèt, men se kont “espri mechan yo”.

Selon pifò tradiksyon Labib ki fèt nan epòk modèn nan, la a, ekspresyon “espri mechan yo” gen rapò ak yon seri espri mechan ki egziste toutbonvre e ki pisan, li pa gen rapò ak senbòl sa ki mal. Gen kèk tradiksyon Labib ki tradui ekspresyon sa a konsa: “Move lespri ki nan syèl la” ​(Bib la), “lespri mechan yo ki nan syèl la” ​(Bib Kreyòl La). Donk, Dyab la sèvi ak lòt zanj rebèl pou l egzèse pouvwa l genyen, yo menm ki te abandone “kote yo te fèt pou yo rete” nan syèl la. — Jid 6.

Liv Dànyèl la, yon liv ki gen pwofesi ladan l, montre kòman “sila yo ki chèf monn nan” ap egzèse pouvwa sou monn nan depi lontan. Pwofèt Dànyèl, ki te gen anpil sousi pou Juif parèy li yo ki te tounen Jerizalèm nan ane 537 anvan epòk nou an sot ann egzil Babilòn, te priye pou yo pandan twa semèn. Bondye te voye yon zanj pou rekonfòte pwofèt la e zanj lan te di Dànyèl sa k fè l te pran tan pou l rive kote l. Zanj lan te di l: “Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m pandan venteyen jou.” — Danyèl (Dànyèl) 10:2, 13.

Kiyès ‘zanj peyi Pès la’ te ye? ‘Zanj peyi Pès la’, yon zanj belijeran, se yon zanj ki t ap travay pou Dyab la, sa vle di yon demon Dyab la te bay dirije anpi peyi Pès la. Zanj Bondye a te fè konnen tou li t ap gen pou l batay ankò ak “zanj chèf peyi Pès la” e avèk yon lòt demon, anpalan de “zanj chèf peyi Lagrès la”. — Danyèl 10:20.

Ki konklizyon nou ka fè? Tou senpleman nou ka di monn nan gen “chèf” envizib k ap dirije l toutbonvre, yo se demon ki anba otorite chèf pa yo, Satan Ledyab. Men, ki objektif yo genyen jis jodi a?

Chèf monn nan montre vrè vizaj li

Nan liv Revelasyon an, dènye liv nan Bib la, apot Jan esplike ki jan Jezi, antanke Mikayèl, akanj lan, ranpòte laviktwa sou Dyab la ak demon l yo, e li fè konnen gwo konsekans sa te genyen lefètke yo te mete yo deyò nan syèl la. Men sa liv la rapòte: “Malè pou tè a [...], paske Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete.” — Revelasyon 12:9, 12.

Ki jan Dyab la montre li an kòlè anpil? Menm jan modòd anpil kriminèl ki an detrès se “domine oubyen detwi”, se konsa tou Dyab la ak demon l yo detèmine pou yo fè tè a ak moun ki sou li detwi ansanm ak yo. Kòm Dyab la konnen se yon tikras tan li rete, li sèvi ak youn nan eleman fondamantal nan sosyete a ki anba kontwòl li, anpalan de gwo biznis, pou l fè moun yo toujou vle posede tout kalite bagay. Nonsèlman sa lakòz resous natirèl yo bese, men tou, sa detwi anviwònman an nan lemonnantye, konsa lavi moun sou tè a menase. — Revelasyon 11:18; 18:11-17.

Depi nan kòmansman istwa lèzòm, Dyab la ap kouri dèyè pouvwa e nou ka wè sa nan politik ak nan relijyon. Liv Revelasyon an prezante pisans politik yo tankou bèt sovaj Dyab la bay “anpil pouvwa”. Anplis, li montre tou se yon wont pou relijyon ap mele nan zafè politik lè l di sa yo fè a se adiltè nan domèn espirityèl (Revelasyon 13:2; 17:1, 2). Reflechi sou zak maspinay, esklavaj, lagè ak konfli etnik k ap fèt depi plizyè syèk ki lakòz plizyè milyon moun pèdi lavi yo. Onètman, èske yon moun ka di evènman sa yo ki chokan e ki terib ki make istwa lèzòm se bagay nòmal moun konn fè? Oswa èske se pa espri mechan envizib ki enfliyanse moun yo ki fè yo aji konsa?

Bib la idantifye aklè sila a k ap enfliyanse chèf yo nan monn nan ak pisans mondyal yo e li demaske l. Kit lèzòm rann yo kont kit yo pa rann yo kont, yo reflete pèsonalite chèf monn nan e yo suiv modòd “domine oubyen detwi” li bay la. Men, pandan konbyen tan limanite ap kontinye soufri anba dominasyon Dyab la?

Dyab la pral rann dènye souf li

Aktivite Kris t ap fè sou tè a nan premye syèk la montre talè konsa Dyab la ak demon l yo pral detwi. Lè disip Jezi yo te rakonte jan yo te chase demon, Jezi te di yo: “Mwen wè Satan ki deja tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè.” ​(Lik 10:18). Pawòl sa yo montre Jezi te rejwi lè li t ap panse ak viktwa li t apral ranpòte sou chèf monn nan lè l retounen nan syèl la antanke Mikayèl, akanj lan (Revelasyon 12:7-9). Si nou byen egzamine pwofesi ki nan Bib la, n ap wè Jezi te ranpòte viktwa sa a nan syèl la an 1914 oswa yon ti tan apre 1914a.

Depi lè sa a, Dyab la konnen pa ret anpil tan anvan l detwi. Byenke “lemonnantye anba pouvwa” l, gen plizyè milyon moun jodi a ki pa kite l twonpe yo nan dènye efò l ap fè pou l gen kontwòl sou yo. Bib la ouvri je yo sou vrè idantite Dyab la ak sou entansyon li genyen (2 Korentyen 2:11). Moun sa yo jwenn espwa nan pawòl Pòl te di kretyen parèy li yo. Men sa l te di yo: “Bondye ki bay lapè a, bò kote pa l, pral kraze Satan anba pye nou talè konsab.” — Women 16:20.

Talè konsa, Dyab la pral rann dènye souf li. Lè Kris pral dirije avèk amou, moun ki jis yo pral fè kote Bondye poze pye l nan yon sans senbolik la, anpalan de tè a, tounen yon paradi. Lè sa a, vyolans, lahèn ak avaris pral disparèt pou toutan. Labib di: “Pèsonn p’ap chonje sa ki te pase nan tan lontan.” ​(Ezayi (Izayi) 65:17). Se pa ti soulajman moun ki pral libere anba chèf monn sa a e anba otorite l pral jwenn!

[Nòt anba paj]

a Pou plis enfòmasyon sou dat sa a, gade nan apendis ki nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a, soti nan paj 215 rive nan paj 218. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

b Pawòl Pòl yo ale nan menm sans ak premye pwofesi nan Bib la nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan ki pale de destriksyon Dyab la pral sibi. Pou Pòl pale de evènman sa a, li sèvi ak yon mo grèk ki vle di “kraze, krabinen, fè miyèt moso”. — Vine’s Complete Expository Dictionary of Old and New Testament Words.

[Antrefilè nan paj 9]

Lè Kris pral dirije avèk amou, moun ki jis yo pral fè tè a tounen yon paradi.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje