BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w12 15/4 p. 32
  • Èske nou sonje?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou sonje?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa k dwe rive ki pral mennen dirèkteman nan Amagedòn?
  • “Gade! mwen avèk nou toulejou”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • “Moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Egzanp ble ak move zèb yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Jewova te rele l “zanmi m”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
w12 15/4 p. 32

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo:

Nan ki domèn Salomon kapab yon move egzanp pou nou?

Bondye te beni wa Salomon e li te itilize l anpil. Sepandan, pandan Salomon te wa, rive yon lè, li te sispann suiv prensip Jewova yo. Li te marye avèk pitit fi Farawon an ki pa t ap sèvi Bondye, li te vin gen yon pakèt madanm e, tikras pa tikras, li te kite medam sa yo fè l adore fo dye. Nou bezwen veye pou, tikras pa tikras, nou pa vin ap fè move rezònman oswa pou nou pa vin gen move tandans (Det. 7:1-4; 17:17; 1 Wa 11:4-8). — 15/12, paj 10-12.

Poukisa nou kapab di Sara se te yon dam ki te gen atachman pou Bondye e li te yon bon madanm?

Lè Bondye te mande Abraram kite vil Ou, sa te mande pou l kite fanmi l, zanmi l ak lavi li t ap mennen an pou l al yon kote li pa t menm konnen. Aktout sa, Sara te kolabore ak mari l paske li te gen konfyans Bondye t ap beni l. Li te montre li gen yon pakèt bèl kalite nan fason li te respekte Abraram. — 1/1-F, paj 8.

Poukisa Jewova te mande Abraram pou l sakrifye pitit gason li te renmen anpil la?

Li enpòtan pou nou sonje Bondye pa t kite Abraram sakrifye Izarak. Sa Bondye te mande Abraram fè a te montre ki jan li t apral sakrifye Jezi, Pitit li a, yon sakrifis ki t apral koute L chè anpil. — 1/1-F, paj 23.

Ki sa ki montre depi nan premye syèk la rive jis jounen jodi a, te toujou gen kèk kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl sou tè a?

Nan parabòl Jezi te bay konsènan “ble” ak “move zèb la”, “bon semans lan” reprezante “pitit wayòm nan”. (Mat. 13:24-30, 38.) Move zèb la te gen pou l grandi ansanm ak ble a jiskaske lè rekòt la ta rive. Malgre nou pa konnen ki moun egzakteman ki te fè pati klas ble a soti nan epòk Jezi a rive jis nan epòk nou an, sandout te toujou gen moun sou tè a ki fè pati klas sa a. — 15/1, paj 7.

Ki sa k dwe rive ki pral mennen dirèkteman nan Amagedòn?

Nasyon yo gen pou yo deklare ak tout fòs yo: “Lapè! Sekirite!” ​(1 Tes. 5:3). Gouvènman yo pral leve kont tout fo relijyon (Rev. 17:15-18). Pral gen yon gwo atak kont vrè adoratè Bondye yo. Apre sa, lafen an ap vini. — 1/2-F, paj 9.

Ki sa nou ka fè pou nou venk tandans nou genyen pou nou anvye moun nan?

Men kèk bagay nou ka fè: Fè tout sa nou kapab pou nou vin gen plis lanmou ak plis afeksyon pou frè ak sè yo, fè zanmi ak moun ki gen respè pou Bondye, chèche fè byen ak lòt moun, “rejwi ak moun k ap rejwi”. (Wom. 12:15.) — 15/2, paj 16-17.

Ki moun ki pale lang Nahuatl la, e ki sa Temwen yo fè pou yo ede moun sa yo?

Se yon lang Aztèk nan tan lontan yo te pale e jis jodi a gen 1 500 000 moun nan peyi Meksik ki pale lang sa a. Gen Temwen Jewova k ap preche nan lang sa a e gen kèk nan piblikasyon nou yo ki parèt nan lang sa a. — 1/3-F, paj 13-14.

Ki sa nou pa dwe janm bliye lè n ap bay konsèy?

Chèche byen konnen sitiyasyon an. Pa kouri reponn. Aplike Pawòl Bondye a avèk imilite. Si posib, fè rechèch nan piblikasyon nou yo. Evite pran desizyon pou lòt moun. — 15/3, paj 7-9.

Jezi te mande moun ki t ap koute l yo pou yo fè yon dezyèm kilomèt (Mat. 5:41). Ki sa l te vle di?

Nan epòk sa a, Izrayèl te anba okipasyon Women yo, e sòlda women yo te kapab mande nenpòt moun fè yon travay. Lè Jezi te di moun ki t ap tande l yo pou yo fè yon dezyèm kilomèt, li te vle di yo yo dwe fè travay otorite yo mande yo fè ak tout kè yo paske otorite yo gen dwa mande yo sa. — 1/4-F, paj 9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje