Lekòl ministè teyokratik
Poukisa yo fè l: Pou fòme pwoklamatè yo pou yo byen preche bon nouvèl la e pou yo anseye byen.
Kantite tan sa pran: Se yon fòmasyon k ap kontinye.
Kote yo fè l: Nan Sal Wayòm nan.
Ki moun ki ka enskri: Tout moun ki asiste reyinyon yo regilyèman, ki aksepte ansèyman ki nan Bib la e ki viv ann amoni ak prensip kretyen yo.
Fason pou moun enskri: Se siveyan Lekòl ministè teyokratik la ki enskri moun yo.
Men sa Sharon, yon sè ki gen yon maladi ki atake yon pati nan sèvo l ak mis li e ki paralize l, di: “Lekòl ministè teyokratik montre m ki jan pou m fè rechèch ak ki jan pou m prezante enfòmasyon yon fason ki lojik. Lekòl la te aprann mwen tou ki jan pou m konsantre sou bezwen lòt moun genyen nan domèn espirityèl e pou m pa wè tèt mwen sèlman.”
Men sa Arnie, yon frè ki gen lontan depi l ap sèvi kòm siveyan itineran, fè konnen: “Toutpandan m t ap grandi m te konn bege e li te difisil pou m gade yon moun nan je. Lekòl sa a ede m vin gen konfyans nan tèt mwen e li fè m santi m gen valè. Grasa fòmasyon sa a Jewova ban mwen ki ede m, mwen vin aprann kèk teknik ki montre m ki jan pou m respire e pou m konsantre. Mwen gen anpil rekonesans dèske mwen vin gen kapasite pou m louwe Bondye nan kongregasyon an ak nan travay fè disip la.”
Lekòl pou nouvo Betelit
Poukisa yo fè l: Pou ede nouvo Betelit yo byen fè sèvis yo nan Betèl la.
Kantite tan sa pran: 45 minit chak semèn pandan sèz semèn.
Kote yo fè l: Nan Betèl la.
Moun ki kalifye: Moun nan dwe manm pèmanan fanmi Betèl la oubyen li dwe yon volontè k ap sèvi nan Betèl la depi yon ane oubyen plis.
Fason pou moun enskri: Depi yo nome yon moun Betelit, li tou enskri nan lekòl sa a.
Men sa Demetrius, yon frè ki te asiste lekòl sa a nan ane 1980 yo, di: “Lekòl sa a te ede m amelyore fason mwen etidye e li te prepare m pou m fè karyè nan Betèl. Enstriktè yo, pwogram yo ak bon konsèy mwen te jwenn, te fè m kwè ak tout kè m nonsèlman Jewova gen sousi pou mwen, men tou, li vle ede m byen fè sèvis mwen nan Betèl la.”
Men sa Kaitlyn di: “Lekòl la te aprann mwen pou m konsantre sou sa ki pi enpòtan an, sa vle di pou m yon moun ki espirityèl. Lekòl pou nouvo Betelit yo fè m vin gen plis rekonesans pou Jewova, kay li a ak òganizasyon l lan.”
Lekòl ministè Wayòm
Poukisa yo fè l: Pou ede siveyan itineran yo ak ansyen yo byen pran swen twoupo a epi byen pran responsablite yo nan òganizasyon an. Pafwa, yo konn envite asistan ministeryèl yo tou (Tra. 20:28). Nan lekòl sa a, yo pale de kongregasyon yo, tandans k ap devlope ladan yo ak bezwen yo. Yo pa fè lekòl sa a chak ane. Se Kolèj santral la ki deside ki lè y ap fè l.
Kantite tan sa pran: Nan ane ki sot pase la yo, siveyan itineran yo te pase de jou oswa de jou edmi nan lekòl sa a, ansyen yo te pase yon jou edmi e asistan ministeryèl yo te pase yon jou.
Kote yo fè l: An jeneral, yo fè lekòl la nan yon Sal Wayòm oubyen nan yon Sal asanble.
Moun ki kalifye: Moun nan dwe siveyan itineran, ansyen oubyen asistan ministeryèl.
Fason pou moun enskri: Se siveyan sikonskripsyon an ki envite ansyen yo ak asistan ministeryèl yo. Men, se biwo filyal la ki envite siveyan itineran yo.
Men sa frè Quinn (anba) di: “Nan lekòl sa a, ansyen yo aprann anpil bagay nan yon ti kras tan e yo jwenn èd pou yo kenbe jwa yo nan sèvis y ap bay Jewova a e pou yo ‘met gason sou yo’ pou yo kontinye nan sèvis sa a. Kit se frè ki gen lontan depi y ap sèvi kòm ansyen, kit se frè ki fèk nome ansyen, yo aprann kòman pou yo byen fè travay yo antanke bèje e pou yo gen ‘menm opinyon’.”
Michael li menm di: “Fòmasyon sa a fè nou vin gen plis apresyasyon pou bagay espirityèl yo, li avèti nou kont yon seri danje e anmenmtan li ban nou anpil bon konsèy k ap pèmèt nou pran swen twoupo a. Èd sa a nou jwenn nan montre jan Jewova bon.”
Lekòl pyonye
Poukisa yo fè l: Pou ede pyonye yo ‘akonpli sèvis yo nèt’. — 2 Tim. 4:5.
Kantite tan sa pran: De semèn.
Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki deside ki kote y ap fè lekòl la. An jeneral, yo fè l nan yon Sal Wayòm.
Moun ki kalifye: Moun ki pyonye pèmanan depi yon ane pou pi piti.
Fason pou moun enskri: Yo enskri pyonye ki ranpli kondisyon yo otomatikman epi siveyan sikonskripsyon an fè yo konn sa.
Men sa Lily (adwat), yon sè ki pyonye, di: “Lekòl sa a te ede m fè fas ak difikilte mwen jwenn nan travay predikasyon an e li ede m jere vi m. Li ede m amelyore fason m etidye ak fason mwen anseye e li ede m pi byen sèvi ak Bib la. Mwen vin pi anmezi pou m ede lòt moun, pou m soutni ansyen yo e pou m ede kongregasyon an fè pwogrè nan domèn espirityèl.”
Men sa Brenda, yon sè ki asiste lekòl la de fwa, te remake: “Li fè m konsantre nèt sou aktivite espirityèl yo, li pèmèt konsyans mwen fonksyone pi byen e li fè m plis konsantre sou ede lòt moun. Pa gen dout nan sa, Jewova donan anpil!”
Lekòl pou ansyen yo
Poukisa yo fè l: Pou ede ansyen yo byen pran responsablite yo gen nan kongregasyon an epi vin gen yon pi bon relasyon ak Jewova.
Kantite tan sa pran: Senk jou.
Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki deside ki kote y ap fè lekòl sa a. An jeneral, yo fè l nan yon Sal Wayòm oubyen nan yon Sal asanble.
Moun ki kalifye: Ansyen yo.
Fason pou moun enskri: Se biwo filyal la ki envite ansyen yo.
Men sa kèk frè ki te asiste 92yèm klas ki te fèt peyi Etazini an te di:
“Mwen te jwenn anpil byenfè nan lekòl sa a. Li ede m egzamine tèt mwen pou m wè ki jan m kapab pran swen mouton Jewova yo.”
“Mwen pare pou m sèvi ak Bib la pou m ankouraje tout moun.”
“Mwen pa gen dwa janm bliye fòmasyon sa a!”
Lekòl pou siveyan itineran yo ak madanm yo
Poukisa yo fè l: Pou ede siveyan sikonskripsyon yo ak siveyan distri yo, k ap “travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an”, pi byen sèvi kongregasyon yo. — 1 Tim. 5:17; 1 Pyè 5:2, 3.
Kantite tan sa pran: De mwa.
Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki deside sa.
Moun ki kalifye: Siveyan sikonskripsyon yo ak siveyan distri yo.
Fason pou moun enskri: Se biwo filyal la ki envite siveyan itineran yo ak madanm yo.
Men sa yon frè ki rele Joel, ki te asiste 1ye klas la nan ane 1999, di: “Nou te vin gen plis rekonesans pou Jezi, Moun k ap dirije òganizasyon an. Nou te wè jan li enpòtan pou nou ankouraje frè ak sè yo e pou nou travay yon fason pou gen plis inite nan kongregasyon yo. Lekòl la te ede nou konprann rezon prensipal ki fè siveyan itineran yo bay frè yo konsèy oswa yo reprimande yo lè sa nesesè, se paske yo vle ede yo konprann Jewova renmen yo.”
Lekòl biblik pou frè selibatè
Poukisa yo fè l: Pou prepare ansyen ak asistan ministeryèl selibatè yo pou yo vin gen plis responsablite nan òganizasyon an. Anpil frè ki pase nan lekòl sa a pral sèvi kote ki bezwen pwoklamatè nan peyi y ap viv la. Gen kèk ladan yo ki ka resevwa asiyasyon pou y al sèvi nan lòt peyi depi yo disponib. Yo kapab voye kèk nan yo al sèvi antanke pyonye espesyal tanporè nan tèritwa ki andeyò nèt, yon fason pou yo ka kòmanse travay prediksyon an nan zòn sa yo oswa pou yo fè l pran jarèt.
Kantite tan sa pran: De mwa.
Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki deside sa. An jeneral, yo fè l nan yon Sal asanble oubyen nan yon Sal Wayòm.
Moun ki kalifye: Frè selibatè ki gen ant 23 a 62 an e ki gen bon sante ki ta renmen sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè (Mak 10:29, 30). Yo dwe gen omwen dezan youn dèyè lòt depi y ap sèvi antanke ansyen oswa asistan ministeryèl e dezan depi y ap sèvi antanke pyonye pèmanan.
Fason pou moun enskri: Gen yon reyinyon ki fèt nan asanble sikonskripsyon yo pou yo bay moun ki ta renmen asiste lekòl sa a enfòmasyon.
Men sa yon frè ki rele Rick, ki te patisipe nan 23yèm klas ki te fèt Ozetazini an, di: “Lefètke m te konsantre nèt nan lekòl sa a, sa te pèmèt lespri Jewova fè gwo chanjman lakay mwen. Lè Jewova ba w yon asiyasyon, li pa lage w poukont ou. Mwen te aprann Jewova ap ban m fòs ak kouraj depi m fè sa l mande m fè e m pa konsantre sou tèt mwen.”
Men sa Andreas, yon frè k ap viv nan peyi almay, di: “Mwen vin aprann apresye òganizasyon Bondye a k ap fonksyone jodi a yon fason ki estrawòdinè. Fòmasyon sa a te prepare m pou travay ki t ap tann mwen pi devan yo. Gen plizyè egzanp nan Bib la ki aprann mwen yon verite ki enpòtan anpil: lè m sèvi Jewova ak frè ak sè m yo, se lè sa a m ap jwenn kè kontan toutbon.”
Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen
Poukisa yo fè l: Pou yo bay koup marye yo yon fòmasyon espesyal pou Jewova ak òganizasyon l lan ka itilize yo pi byen. Anpil moun ki pase nan lekòl sa a pral sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè nan peyi y ap viv la. Gen kèk ladan yo ki ka resevwa asiyasyon pou y al sèvi nan lòt peyi depi yo disponib. Yo kapab al sèvi tou kòm pyonye espesyal tanporè nan tèritwa ki andeyò nèt, yon fason pou yo ka kòmanse travay predikasyon an nan tèritwa sa yo oswa fè l pran jarèt.
Kantite tan sa pran: De mwa.
Kote yo fè l: Lekòl sa a fèt Ozetazini, men, apati septanm 2012, li pral fèt nan tèritwa kèk filyal yo chwazi sou tout tè a. An jeneral, li fèt nan yon Sal asanble oubyen nan yon Sal Wayòm.
Moun ki kalifye: Koup marye ki gen ant 25 a 50 an, ki gen bon sante, moun sitiyasyon yo pèmèt yo sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè e ki gen menm etadespri ak Izayi ki te di: “Men mwen. Voye m!” (Eza. (Iza.) 6:8.) Mete sou sa, nonsèlman yo dwe marye depi omwen dezan, men tou, yo dwe gen pou pi piti dezan youn apre lòt nan sèvis aplentan. Mari a bò kote pa l, dwe gen omwen dezan youn dèyè lòt depi l ap sèvi kòm ansyen oswa asistan ministeryèl.
Fason pou moun enskri: Gen yon reyinyon ki fèt nan kongrè distri yo pou yo bay moun ki ta renmen asiste lekòl sa a enfòmasyon. Men, si nan peyi pa w yo pa fè reyinyon sa a nan kongrè distri yo e ou ta renmen asiste lekòl sa a, ou kapab ekri biwo filyal la pou w jwenn plis enfòmasyon.
Men sa Eric ak Corina (adwat), yon koup marye ki te asiste 1ye klas la nan ane 2011, te di: “Uit semèn nou te pase nan lekòl la chanje vi nou nèt e se yon bèl okazyon moun marye yo genyen pou yo fè plis nan ministè a. Nou detèmine pou nou mennen yon vi ki ekilibre k ap pèmèt nou byen sèvi ak tan nou.”
Lekòl Gileyad
Poukisa yo fè l: Pou fòme frè ak sè yo pou y al sèvi kòm misyonè nan zòn kote ki gen anpil moun. Fòmasyon sa a kalifye moun sa yo tou pou yo sèvi kòm siveyan itineran oswa Betelit nan objektif pou yo pi byen òganize filyal yo epi bay travay predikasyon an jarèt.
Kantite tan sa pran: Senk mwa.
Kote yo fè l: Nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, nan Nouyòk, Etazini.
Moun ki kalifye: Koup marye ki deja nan yon sèvis espesyal aplentan tankou: misyonè ki poko janm asiste lekòl la, pyonye espesyal, siveyan itineran oswa Betelit. Koup marye sa yo dwe gen omwen twazan youn dèyè lòt depi yo nan sèvis sa a ansanm. Nonsèlman yo bezwen pale anglè byen, men tou, yo bezwen li l ak ekri l byen.
Fason pou moun enskri: Se biwo filyal la ki envite koup yo.
Lade ak Monique ki soti nan peyi Etazini ap sèvi ann Afrik kounye a. Men sa Lade di konsènan lekòl sa a: “Lekòl Gileyad te prepare nou pou nou sèvi nenpòt kote sou tè a e pou nou twouse ponyèt nou pou nou travay ak frè ak sè nou yo nou renmen.”
Men sa Monique te di: “Piske mwen aplike sa mwen te aprann nan Pawòl Bondye a, mwen jwenn anpil kè kontan nan asiyasyon m nan. Mwen konsidere lajwa mwen genyen an kòm yon lòt prèv ki montre Jewova renmen m.”
Lekòl pou manm Komite filyal yo ak madanm yo
Poukisa yo fè l: Pou ede moun k ap sèvi kòm manm Komite filyal yo byen sipèvize travay k ap fèt nan Betèl yo, pou ede yo jere kongregasyon yo epi ede yo sipèvize sikonskripsyon yo ak distri yo. Mete sou sa, yo ba yo fòmasyon sou travay tradiksyon an, sou sèvis enprimri a ak livrezon piblikasyon yo.
Kantite tan sa pran: De mwa.
Kote yo fè l: Nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, nan Nouyòk, Etazini.
Moun ki kalifye: Manm Komite filyal yo, manm Komite peyi yo oubyen moun ki fèk nome nan youn nan komite sa yo.
Fason pou moun enskri: Se Kolèj santral la ki envite frè sa yo ansanm ak madanm yo.
Lowell ak Cara, ki te asiste 25yèm klas la, ap sèvi nan peyi Nijerya. Men sa Lowell di: “Yo te fè m sonje, menm lè m okipe anpil nan kèlkeswa travay yo ban m fè a, pou m ka fè Jewova plezi, mwen dwe fè bagay yo jan l vle a. Yo te aprann nou jan li enpòtan pou nou renmen sèvitè Jewova yo menm jan ak Jewova.”
Men sa Cara te di: “Gen yon bagay yo te di mwen te medite sou li: Si m pa kapab esplike yon pwen yon fason ki senp, mwen bezwen etidye sijè a anvan menm mwen eseye anseye lòt moun li.”