Èske w ap aprann tout sa w kapab nan men Jewova?
1. Ki pwennvi Jewova sou fòmasyon?
1 Jewova, “Gran Pwofesè” nou an, vle nou resevwa fòmasyon (Iza. 30:20). Li te kòmanse anseye kreyati l yo apre li te fin kreye premye Pitit li a (Jan 8:28). Apre Adan te fin rebele, Jewova pa t sispann anseye kreyati enpafè l yo, avèk amou li te ba yo enstriksyon. — Iza. 48:17, 18; 2 Tim. 3:14, 15.
2. Jodi a, ki kanpay fòmasyon k ap fèt toupatou sou tè a?
2 Jodi a, Jewova ap dirije pi gwo kanpay fòmasyon ki gen nan listwa. Jan Izayi te pwofetize sa, gen plizyè milyon moun toupatou sou latè k ap monte sou “mòn mezon Jewova a”. (Iza. 2:2.) Poukisa y ap monte la? Pou yo ka resevwa fòmasyon sou chemen Jewova yo, wi, pou Jewova ka anseye yo (Iza. 2:3). Pandan ane sèvis 2010 la, Temwen Jewova yo te pase plis pase 1.6 milya èdtan ap preche e ap anseye moun yo verite ki nan Bib la. Mete sou sa, chak semèn yo bay enstriksyon espirityèl nan plis pase 105 000 kongregasyon sou tout tè a. Epi esklav fidèl ki prevwayan an pwodui piblikasyon ki bay moun enstriksyon sou Bib la nan plis pase 500 lang.
3. Ki byenfè nou jwenn pèsonèlman nan fòmasyon Jewova bay la?
3 Byen pwofite fòmasyon Bondye bay la: Se pa ti pwofi nou jwenn nan fòmasyon Bondye bay la! Nou aprann Bondye gen yon non e li gen sousi pou nou (Sòm 83:18; 1 Pyè 5:6, 7). Nou jwenn repons pou kèk kesyon ki pi enpòtan nan lavi a tankou: Poukisa moun soufri e yo mouri? Ki jan nou ka jwenn vrè bonè a? Ki bi lavi a? Anplis de sa, Jewova ban nou direksyon nan domèn moral, sa pèmèt nou ‘reyisi nan chemen nou’. — Joz. 1:8.
4. Site kèk posiblite sèvitè Jewova yo genyen pou yo resevwa fòmasyon e poukisa nou dwe aprann tout sa nou kapab nan men Jewova?
4 Anplis de sa, Jewova mete sou pye yon pwogram fòmasyon espesyal pou l ede anpil nan sèvitè l yo fè plis nan sèvis li. Nan paj 4-6 la n ap jwenn yon lis lekòl ki disponib pou kèk nan nou. Menmsi sitiyasyon nou pa pèmèt nou resevwa fòmasyon y ap bay nan tout lekòl ki sou lis la, èske nou byen pwofite fòmasyon Bondye bay la, fòmasyon sitiyasyon pa nou pèmèt nou resevwa? Èske nou ankouraje jèn yo, byen souvan ki jwenn presyon nan men pwofesè yo ak lòt moun pou yo fè gwo etid nan monn nan, pou yo fikse objektif espirityèl pito e pou yo fè efò pou yo resevwa pi gwo fòmasyon ki genyen an, fòmasyon Bondye bay la? Lè nou aprann tout sa nou kapab nan men Jewova, sa ap fè nou gen kè kontan nan lavi nou depi kounye a e n ap jwenn lavi etènèl alavni. — Sòm 119:105; Jan 17:3.
Kèk posiblite ki genyen pou moun resevwa fòmasyon nan òganizasyon Jewova a
Lekòl alfabetizasyon
• Poukisa yo fè l: Pou aprann moun yo li e pou aprann yo ekri dekwa pou yo ka etidye Bib la e pou yo ka anseye lòt moun laverite.
• Kantite tan sa pran: Selon bezwen moun yo.
• Kote yo fè l: Nan Sal Wayòm nan.
• Ki moun ki ka patisipe: Tout pwoklamatè ak tout moun ki enterese.
• Fason pou moun enskri: Se ansyen nan kongregasyon an ki òganize Lekòl alfabetizasyon an selon bezwen ki gen nan kongregasyon an, e yo ankouraje tout moun lekòl la ka itil pou yo vin ladan l.
Lekòl ministè teyokratik
• Poukisa yo fè l: Pou fòme pwoklamatè yo pou yo vin efikas nan fason yo preche bon nouvèl la e nan fason yo anseye lòt moun.
• Kantite tan sa pran: Se yon fòmasyon k ap kontinye.
• Kote yo fè l: Nan Sal Wayòm nan.
• Ki moun ki ka enskri: Tout pwoklamatè. Anplis de sa, moun ki asosye ak kongregasyon an, ki aksepte ansèyman ki nan Bib la e ki viv ann amoni ak prensip kretyen yo ka enskri nan lekòl sa a.
• Fason pou moun enskri: Pale ak siveyan Lekòl ministè teyokratik la.
Lekòl pou moun aprann yon lang etranje
• Poukisa yo fè l: Pou yo aprann pwoklamatè yo fason pou yo preche bon nouvèl la nan yon lòt lang.
• Kantite tan sa pran: Kat mwa oubyen senk mwa. An jeneral, yo fè lekòl la lè samdi maten pandan inèdtan oubyen dezèdtan.
• Kote yo fè l: An jeneral, yo fè l nan yon Sal Wayòm ki toupre.
• Ki moun ki ka enskri: Pwoklamatè ki gen bon repitasyon ki vle preche nan yon lang etranje.
• Fason pou moun enskri: Se biwo filyal la ki òganize lekòl la selon bezwen ki gen nan yon zòn.
Konstriksyon Sal Wayòm
• Poukisa yo fè l: Pou konstwi Sal Wayòm e pou yo fè reparasyon nan Sal Wayòm. Se pa yon lekòl li ye, men grasa aranjman sa a, yo aprann volontè yo divès metye. Konsa yo ka bay èd pa yo nan pwojè konstriksyon yo.
• Kantite tan sa pran: Selon sitiyasyon volontè a.
• Kote yo fè l: Nenpòt kote ki sou kont komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm nan. Gen kèk volontè yo ka envite pou yo bay èd yo nan zòn ki pi lwen lè gen travay pote sekou nan zòn ki frape ak katastwòf.
• Moun ki kalifye: Frè ak sè yo dwe batize e gwoup ansyen yo dwe apwouve demann yo fè a. Yo ka deja gen konesans nan domèn konstriksyon, konsa tou yo ka pa gen konesans nan domèn nan.
• Fason pou moun enskri: Ranpli yon aplikasyon Demande d’admission au programme des volontaires pour la construction de Salles du Royaume (A-25-F). Se ansyen nan kongregasyon w lan k ap ba ou fòmilè a.
Lekòl pyonye
• Poukisa yo fè l: Pou ede pyonye yo ‘akonpli sèvis yo nèt’. — 2 Tim. 4:5.
• Kantite tan sa pran: De semèn.
• Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki deside ki kote y ap fè lekòl la. An jeneral, yo fè l nan yon Sal Wayòm ki toupre.
• Moun ki kalifye: Moun ki pyonye pèmanan depi yon ane pou pi pitit.
• Fason pou moun enskri: Yo enskri pyonye ki kalifye yo otomatikman epi siveyan sikonskripsyon an fè yo konn sa.
Lekòl pou nouvo Betelit
• Poukisa yo fè l: Yo fè lekòl sa a pou ede nouvo Betelit yo reyisi nan sèvis y ap akonpli nan Betèl la.
• Kantite tan sa pran: Inèdtan chak semèn pandan sèz semèn.
• Kote yo fè l: Nan Betèl la.
• Moun ki kalifye: Moun nan dwe manm pèmanan nan fanmi Betèl la oubyen li dwe yon volontè k ap sèvi nan Betèl la depi yon bon ti tan (depi yon ane oubyen plis).
• Fason pou moun enskri: Yo enskri manm fanmi Betèl la ki kalifye yo otomatikman.
Lekòl ministè Wayòm
• Poukisa yo fè l: Pou fòme ansyen ak asistan ministeryèl pou yo byen akonpli responsablite yo genyen pou yo siveye twoupo a e pou yo òganize travay ki gen nan kongregasyon an (Tra. 20:28). Yo pa fè lekòl sa a chak ane, se Kolèj santral la ki deside ki lè y ap fè l.
• Kantite tan sa pran: Nan dènye ane yo se te yon jou edmi pou ansyen yo epi yon jou pou asistan ministeryèl yo.
• Kote yo fè l: An jeneral, yo fè lekòl la nan yon Sal Wayòm oubyen nan yon Sal asanble ki toupre.
• Moun ki kalifye: Moun nan dwe ansyen oubyen asistan ministeryèl.
• Fason pou moun enskri: Se siveyan sikonskripsyon an ki envite ansyen oubyen asistan ministeryèl ki kalifye yo pou yo vin asiste lekòl sa a.
Lekòl pou ansyena
• Poukisa yo fè l: Pou ede ansyen yo andose responsablite yo gen nan kongregasyon an.
• Kantite tan sa pran: Senk jou.
• Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki deside ki kote y ap fè lekòl sa a. An jeneral, yo fè l nan yon Sal Wayòm oubyen nan yon Sal asanble ki toupre.
• Moun ki kalifye: Moun nan dwe ansyen.
• Fason pou moun enskri: Se biwo filyal la ki envite ansyen ki kalifye yo pou yo vin asiste lekòl sa a.
Lekòl pou siveyan itineran ak madanm yob
• Poukisa yo fè l: Pou pèmèt siveyan sikonskripsyon yo ak siveyan distri yo vin pi efikas nan sèvis y ap bay kongregasyon yo, pou yo “travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an” e pou yo pran swen mouton ki sou kont yo. — 1 Tim. 5:17; 1 Pyè 5:2, 3.
• Kantite tan sa pran: De mwa.
• Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki chwazi ki kote y ap fè lekòl sa a.
• Moun ki kalifye: Moun nan dwe siveyan sikonskripsyon oubyen siveyan distri.
• Fason pou moun enskri: Se biwo filyal la ki envite siveyan itineran ki kalifye yo ak madanm yo vin asiste lekòl sa a.
Lekòl biblik pou frè selibatèc
• Poukisa yo fè l: Pou prepare ansyen ak asistan ministeryèl selibatè pou yo vin gen plis responsablite. Pifò nan moun ki diplome yo pral sèvi kote ki gen bezwen nan peyi y ap viv la. Gen kèk ladan yo ki ka resevwa asiyasyon pou y al sèvi nan yon lòt peyi si yo rann tèt yo disponib.
• Kantite tan sa pran: De mwa.
• Kote yo fè l: Se biwo filyal la ki deside ki kote y ap fè lekòl sa a. An jeneral, yo fè l nan yon Sal asanble oubyen nan yon Sal Wayòm.
• Moun ki kalifye: Frè selibatè ki gen ant 23 e 62 an e ki gen bon sante ki ta renmen sèvi frè yo e ki vle fè enterè Wayòm nan avanse kote ki gen bezwen (Mak 10:29, 30). Pou pi piti, yo dwe gen dezan youn dèyè lòt depi y ap sèvi antanke frè nome.
• Fason pou moun enskri: Si yo fè lekòl sa a nan tèritwa ki sou kont filyal ki nan peyi w ap viv la, y ap fè yon reyinyon pou moun ki ta renmen asiste lekòl sa a nan asanble sikonskripsyon an. Y ap bay plis enfòmasyon sou lekòl la nan reyinyon sa a.
Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyend
• Poukisa yo fè l: Pou yo bay koup marye yo yon fòmasyon espesyal dekwa pou Jewova ak òganizasyon l lan ka itilize yo pi byen. Pifò nan moun ki diplome yo pral sèvi kote ki gen bezwen nan peyi y ap viv la. Gen kèk ladan yo ki ka resevwa asiyasyon pou y al sèvi nan yon lòt peyi si yo rann tèt yo disponib.
• Kantite tan sa pran: De mwa.
• Kote yo fè l: Yo te fè kèk nan premye klas yo nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, nan Nouyòk. Men apre sa, y ap fè lekòl la kote biwo filyal la chwazi pou sa. An jeneral, yo pral fè l nan yon Sal asanble oubyen nan yon Sal Wayòm.
• Moun ki kalifye: Koup marye ki gen ant 25 e 50 an e ki gen bon sante, moun sitiyasyon yo pèmèt yo sèvi kote ki gen bezwen e ki gen menm atitid ak Izayi ki te di “men mwen! Voye m”. (Iza. 6:8.) Anplis de sa, yo dwe marye depi dezan omwen e pou pi piti, yo dwe gen dezan youn dèyè lòt nan sèvis aplentan.
• Fason pou moun enskri: Si yo fè lekòl sa a nan tèritwa ki sou kont filyal ki nan peyi w ap viv la, y ap fè yon reyinyon pou moun ki ta renmen asiste lekòl sa a pandan jounen asanble espesyal la. Y ap bay plis enfòmasyon sou lekòl la nan reyinyon sa a.
Lekòl Gileyad
• Poukisa yo fè l: Pou fòme pyonye ak lòt sèvitè aplentan pou sèvis misyonè.
• Kantite tan sa pran: Senk mwa.
• Kote yo fè l: Nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, nan Nouyòk.
• Moun ki kalifye: Koup marye ki batize depi twazan e ki gen ant 21 e 38 an lè yo remèt fich aplikasyon yo a pou premye fwa. Yo dwe pale anglè. Pou pi piti, yo dwe gen dezan depi yo marye e pou pi piti, yo dwe gen dezan youn dèyè lòt depi yo nan sèvis aplentan. Yo dwe gen bon sante. Pyonye k ap sèvi nan peyi etranje (moun k ap sèvi kòm misyonè, men ki pa t pase nan lekòl sa a, ladan l tou); siveyan itineran; manm fanmi Betèl; moun ki te diplome nan Lekòl fòmasyon ministeryèl, nan Lekòl biblik pou frè selibatè, nan Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen, ka aplike si yo ranpli kondisyon yo.
• Fason pou moun enskri: Nan kèk filyal yo chwazi, pandan kongrè distri a, y ap fè yon reyinyon pou moun ki ta renmen asiste lekòl sa a. Y ap bay plis enfòmasyon sou lekòl la nan reyinyon sa a. Si yo pa fè reyinyon sa a nan kongrè yo òganize nan peyi w ap viv la, e w ta renmen aplike pou lekòl sa a, ou ka ekri biwo filyal ki nan peyi a pou w ka jwenn plis enfòmasyon.
Lekòl pou manm Komite filyal ak madanm yo
• Poukisa yo fè l: Pou ede moun k ap sèvi kòm manm Komite filyal yo pi byen andose responsablite yo genyen pou yo sipèvize travay k ap fèt nan Betèl yo. Sa ap ede yo bay atansyon ak kesyon ki gen rapò ak aktivite predikasyon an ki ka gen efè sou kongregasyon yo, e sa ap ede yo sipèvize travay siveyan sikonskripsyon yo ak siveyan distri yo nan tèritwa yo asiyen yo. Anplis, y ap ka pi byen sipèvize travay k ap fèt nan sèvis tradiksyon, nan enprimri, nan livrezon piblikasyon e nan tout lòt depatman ki nan filyal la. — Lik 12:48b.
• Kantite tan sa pran: De mwa.
• Kote yo fè l: Nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, nan Nouyòk.
• Moun ki kalifye: Moun nan dwe manm Komite filyal oubyen li dwe manm Komite peyi a oubyen li deja jwenn asiyasyon pou l vin yon manm nan youn nan komite sa yo.
• Fason pou moun enskri: Se Kolèj santral la ki envite frè ki kalifye yo ansanm ak madanm yo vin asiste lekòl sa a.
[Nòt anba paj]
a * Pou kounye a yo poko fè lekòl sa a nan tout peyi.
b * Pou kounye a yo poko fè lekòl sa a nan tout peyi.
c * Pou kounye a yo poko fè lekòl sa a nan tout peyi.
d * Pou kounye a yo poko fè lekòl sa a nan tout peyi.