BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w12 15/10 p. 3-6
  • Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Brezil

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Brezil
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “MWEN PA T KA KWÈ SA M TE TANDE A”
  • LI TE REFLECHI SOU MINISTÈ L
  • VIN YON MAYESTWO OSWA PRAN SÈVIS LA
  • “MWEN TE OBLIJE RETE”
  • Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Ekwatè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Anvan sa, apre sa : Li te jwenn fòs pou l chanje
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Yo “ tande ” mesaj Wayòm nan o Brezil
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Yo te ofri tèt yo volontèman
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
w12 15/10 p. 3-6

Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Brezil

SA GEN kèk ane depi Rúbia, yon sè ki gen 30 an kounye a, te deplase al vizite Sandra, yon pyonye ki t ap sèvi nan yon ti kongregasyon nan sid peyi Brezil. Pandan vizit la, gen yon bagay ki te tèlman fè Rúbia sezi, sa te chanje lavi l. Ki sa k te rive? Ann kite l di nou sa k te pase.

“MWEN PA T KA KWÈ SA M TE TANDE A”

Sandra ak Rúbia k ap kondui yon etid Labib.

“Sandra te mennen m al vizite yon dam li t ap etidye Labib avè l. Pandan etid la, dam nan annik rete konsa l di: ‘Sandra, gen twa medam nan travay mwen an ki ta renmen etidye Labib, men, mwen te di yo y ap oblije tann tou pa yo paske m konnen w pa gen plas ankò ane sa a.’ Mwen pa t ka kwè sa m te tande a. Yo te oblije fè yon lis pou yo mete non moun ki te vle aprann konnen Jewova. Nan kongregasyon m nan, li te difisil pou m jwenn menm yon etid. Menm kote a, mwen te vin gen yon gwo anvi pou m ede moun k ap viv nan ti vil sa a. Yon ti tan apre, mwen te kite gwo vil mwen t ap viv ladan l lan pou m al viv nan vil kote Sandra te pyonye a.”

Ki jan bagay yo te pase pou Rúbia? Men sa l di: “Apre m fin rive nan vil la, nan espas de mwa, mwen te gentan ap kondui 15 etid, e kwè m si w vle, anvan lontan, menm jan ak Sandra, mwen te gen yon lis moun tou ki t ap tann pou yo kòmanse etidye.”

LI TE REFLECHI SOU MINISTÈ L

Diego.

Diego, yon frè ki nan kòmansman ventèn li kounye a, t al vizite kèk frè ki te pyonye nan yon ti vil nan sid peyi Brezil ki rele Prudentópolis. Vizit sa a te gen yon gwo efè sou li. Li te fè l reflechi sou ministè l antanke kretyen. Men sa l di: “Nan kongregasyon m te ye a, se sèlman kèk èdtan m te konn pase chak mwa nan predikasyon. Sepandan, lè m t al vizite pyonye sa yo e m te tande eksperyans yo fè, mwen te kòmanse konpare fason m te ye nan ministè a ak fason yo menm yo te ye ladan l. Mwen pa t chofe nan ministè a, men yo menm kè yo te kontan. Lè m te remake jan yo te kontan ak jan yo te chofe nan sèvis la, mwen te swete pou lavi m vin gen sans menm jan ak lavi pa yo.” Apre vizit sa a, Diego te kòmanse sèvi antanke pyonye.

Menm jan ak Diego, èske w se yon jèn Temwen ki al nan reyinyon, ki preche, men anmenmtan ou santi ministè w vin yon woutin e w manke chofe ladan l? Si w santi sa, èske w kapab fè chanjman nan lavi w k ap pèmèt ou goute pou w wè jan sa bay kè kontan pou yon moun sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan? Nòmalman, ou kapab yon ti jan pè pou w kite vi konfòtab w ap mennen an. Sepandan, gen anpil jèn, se sa menm yo fè. Yo pa t pè chanje objektif yo ak sa yo te anvi genyen pou yo te kapab fè plis nan sèvis Jewova a. Bruno se yon lòt egzanp.

VIN YON MAYESTWO OSWA PRAN SÈVIS LA

Bruno k ap bay leson gita.

Sa gen kèk ane depi Bruno, ki gen 28 an kounye a, te etidye mizik nan yon gwo lekòl. Objektif li se te vin yon mayestwo. Li te tèlman ap fè pwogrè nan lekòl la, plizyè fwa yo te envite l dirije yon gwo òkès. Bruno te gen yon bèl karyè devan l. Men sa l di: “Malgre sa, mwen te santi gen yon bagay ki te manke nan lavi m. Mwen te vwe lavi m bay Jewova, men mwen te konnen m pa t fè tout sa m kapab nan sèvis li, e sa te ban m pwoblèm. Mwen te di Jewova sa m santi e m te pale ak kèk frè nan kongregasyon an ki gen anpil eksperyans. Apre anpil refleksyon, mwen te deside bay ministè a plis enpòtans pase mizik, mwen te kite lekòl mizik la e m te deside al sèvi nan yon zòn ki te vrèman bezwen pwoklamatè Wayòm nan.” Ki jan sa te mache pou li?

Bruno te fè anviwon 260 kilomèt sot nan vil São Paulo pou l al viv nan yon ti vil ki gen anviwon 7 000 moun ki rele Guapiara. Se te yon gwo chanjman. Men sa l di: “Mwen t ap viv nan yon ti kay ki pa t gen ni frijidè, ni televizyon, ni Entènèt. Men, mwen te jwenn kèk bagay mwen pa t janm genyen anvan. Pa egzanp, mwen te jwenn yon jaden legim ak yon bann pyebwa ki bay fwi!” Pandan Bruno te nan ti kongregasyon sa a, yon fwa pa semèn, li te konn met yon ti dlo nan yon valiz, kèk bagay pou l manje, ansanm ak kèk piblikasyon epi l pati sou moto l pou l al preche nan zòn ki andeyò vil la. Anpil moun nan zòn sa yo pa t janm tande bon nouvèl la anvan sa. Men sa l di: “Mwen te konn kondui jiska 18 etid. Lè m wè jan etidyan sa yo fè chanjman nan lavi yo, se pa ti kontan sa fè m kontan!” Men sa l ajoute: “Kounye a, mwen jwenn sa k te manke nan lavi m nan. Mwen santi m satisfè anpil dèske mwen bay Wayòm nan premye plas nan lavi m. Mwen pa t ap janm santi m konsa si objektif mwen se te pousuiv bagay materyèl.” Ki sa Bruno te fè pandan l Guapiara pou l ka gen kòb? Men sa li te di toutpandan li t ap souri: “Mwen bay leson gita.” Nan yon sans, li te toujou yon mayestwo.

“MWEN TE OBLIJE RETE”

Bianca ak Juliana nan travay predikasyon an.

Mariana, yon sè ki nan fen ventèn li, te nan menm sitiyasyon ak Bruno. Li te yon avoka ki t ap fè anpil kòb, men li pa t vrèman satisfè ak lavi l. Men sa l di: “Mwen te santi se kòmsi m t ap ‘kouri dèyè van’.” ​(Ekl. 1:17, NW). Plizyè frè ak sè te ankouraje l pran sèvis pyonye. Apre Mariana te reflechi sou sa, li menm ak twa zanmi l, Bianca, Caroline ak Juliana, te deside pou y al ede yon kongregasyon nan Barra do Bugres pandan yon ti tan. Vil sa a byen lwen, toupre Bolivi. Pou yo te rive la, yo te oblije vwayaje plizyè milye kilomèt. Ki jan bagay yo te mache pou yo?

Mariana ak Caroline k ap pale ak yon moun sou Bib la.

Mariana di: “Mwen te gen entansyon rete la pandan twa mwa. Sepandan, lè twa mwa a te prèske fini, mwen t ap kondui 15 etid! Nòmalman, etidyan sa yo te bezwen anpil èd toujou pou yo te ka fè pwogrè nan laverite. Mwen pa t gen kouraj pou m di yo m ap kite zòn nan. Mwen te oblije rete.” Toule kat sè yo te fè egzakteman menm bagay la. Èske nouvo karyè sa a te fè lavi Mariana gen plis sans? Men sa l di: “Lefètke Jewova sèvi avè m pou l ede moun fè bèl chanjman nan lavi yo, sa fè m santi m byen. Se yon benediksyon pou mwen lefètke mwen sèvi ak tan m ak enèji m pou m fè yon bagay ki vrèman gen enpòtans.” Tout lòt sè yo santi yo menm jan ak Caroline ki te di: “Lè m kouche nan kabann mwen leswa, mwen santi m satisfè anpil paske mwen bay tout mwen menm nan sèvis Wayòm nan. Sa k plis enterese m nan lavi a se wè ki jan m kapab ede etidyan m yo. Sa vrèman bèl pou m wè jan y ap fè pwogrè. Bib la di: ‘Goute, n’a wè jan Senyè a bon!’ Pawòl sa yo se verite paske se yon bagay m ap viv.” — Sòm 34:8.

Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l wè yon kantite jèn frè ak sè sou tout tè a, yon kantite ki pa sispann ogmante, ki “ofri tèt [yo] volontèman” pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan nan zòn ki andeyò nèt yo (Sòm 110:3, NW; Pwo. 27:11)! Tout volontè sa yo jwenn anpil benediksyon nan men Jewova. — Pwo. 10:22.

“Nou pa manke anyen”

João Paulo ak Noemi k ap kondui yon etid Labib.

Lè João Paulo ak madanm li, Noemi, te fè konnen yo ta renmen al sèvi yon kote ki bezwen plis pwoklamatè, gen kèk moun ki te dekouraje yo. Gen moun nan kongregasyon an ki te di yo: “Si n al viv nan yon ti vil, sa ka pa bon pou nou nan domèn ekonomik.” Gen lòt ki te di yo: “Poukisa nou oblije deplase? Gen anpil travay toujou nan kongregasyon nou an.” Men sa João Paulo di: “Li te difisil pou n pa kite konsèy konsa dekouraje nou byenke moun yo te gen bon entansyon.” Jodi a, João ak Noemi gen plizyè ane depi y ap sèvi nan yon zòn ki bezwen plis pwoklamatè e yo pa regrèt dèske yo te pran desizyon pou yo fè plis nan ministè a. Men sa João Paulo di: “Depi mwen menm ak madanm mwen isit la, nou pa janm manke anyen. Kanta pou bagay ki vrèman enpòtan yo, nou gen plis pase sa n te gen anvan.” Noemi li menm di: “Nou pa regrèt nou te fè sa.”

Li pa fasil pou yon moun viv nan ti vil yo. Ki sa frè ak sè k al viv nan zòn sou tè a ki andeyò nèt yo fè pou yo ka gen kòb nan men yo? Yo fè tèt yo travay. Genyen ki anseye anglè oswa yon lòt lang, ki bay timoun leson, ki koud, ki pentire kay oswa ki fè nenpòt lòt bagay yo kapab fè ki pa pran tout tan yo. Sou ki sa tout moun k ap sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè yo dakò? Yo dakò yo jwenn pwoblèm, men yo jwenn plis benediksyon lontan!

Li te anvi tounen lakay

Tiago k ap preche.

Men sa Tiago di: “Yon ti tan apre m te fin rive nan nouvo kongregasyon an, mwen te kòmanse santi m dekouraje. Pa t gen anpil pwoklamatè nan vil la e prèske pa t gen anyen pou moun fè pou yo detann yo. Mwen te anvi tounen lakay. Mwen te konnen fòk mwen fè yon bagay pou m remonte moral mwen. Mwen te kòmanse fè efò pou m pi byen konnen frè ak sè yo nan kongregasyon an. Sa te mache! Mwen te fè kèk nouvo zanmi. Apre yon ti tan, kè m te vin kontan anpil e m te vin santi m lakay mwen.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje