BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/7 p. 3
  • Poukisa ou dwe egzamine relijyon ou ye a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa ou dwe egzamine relijyon ou ye a?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Lafen fo relijyon an toupre !
    Lafen fo relijyon an toupre!
  • Èske gen yon relijyon ki merite pou w fè l konfyans?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Ki jan m ka rive jwenn vrè relijyon an?
    Repons Bib la bay
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/7 p. 3

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: ÈSKE W KA FÈ RELIJYON KONFYANS?

Poukisa ou dwe egzamine relijyon ou ye a?

Imajine ou ta gen pou w fè yon operasyon paske w gen yon maladi ki grav. Ou t ap chèche gen gwo konfyans nan doktè ki pral opere w la, piske lavi w ap nan men l. Èske li pa t ap pridan pou w ta chèche enfòmasyon sou pase doktè a, pou w ka konnen si l konn fè operasyon byen?

Menm jan an tou, li bon pou w byen egzamine relijyon w ye a. Anfèt, si w nan yon relijyon, se lage ou lage lavi espirityèl ou nan men relijyon sa a. Donk, li enpòtan pou w byen egzamine relijyon ou ye a, paske lavi etènèl ou depann de li.

Jezi te bay yon prensip ki ka ede nou wè si yon relijyon bon oubyen si l pa bon. Li te di: “Se fwi yon pyebwa bay k ap fè yo rekonèt li.” ​(Lik 6:44). Pa egzanp, lè w ap egzamine yon relijyon byen presi, ki fwi ou wè l bay? Èske responsab nan relijyon sa a ensiste sou zafè lajan? Èske moun ki nan relijyon sa a suiv sa Bib la di nan zafè lagè e èske yo gen bon konduit? Finalman, èske gen yon relijyon ki merite pou w fè l konfyans? Nou envite w egzamine sijè ki vin apre yo.

“Se fwi yon pyebwa bay k ap fè yo rekonèt li.” — Lik 6:44

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje