Èske gen yon relijyon ki merite pou w fè l konfyans?
Si w te pran desepsyon nan yon relijyon, li ka difisil pou w fè lòt relijyon konfyans. Men ou mèt sèten, gen yon relijyon ki egziste ki merite pou w fè l konfyans. Lè Jezi te sou tè a, li te rasanble yon gwoup disip fidèl e li te aprann yo pou yo viv ann amoni ak prensip wo nivo Bondye bay yo. Vrè disip Kris yo egziste jodi a tou. Yo se moun ki gen konsyans e yo fè efò pou yo viv ann amoni ak prensip vrè kretyen yo genyen. Ki kote ou ka jwenn yo?
Estelle, nou te mansyone nan youn nan atik ki anvan yo, di: “Finalman, mwen te kòmanse aprann konn Bib la lè m te kòmanse etidye ak Temwen Jewova yo. Sa pa t pran tan pou m te konprann Jan 8:32, ki di: ‘N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.’”
Ray, nou te mansyone nan youn nan atik ki anvan yo, te fè remak sa a: “Lefètke m te etidye Labib ak Temwen Jewova yo, mwen te aprann se pa Bondye ki fè lèzòm ap soufri. Mwen te kontan aprann byenke Bondye gen bonjan rezon pou l pèmèt mechanste egziste kounye a, li pwomèt li pral retire mechanste talè konsa.”
Se vre, li difisil pou moun fè sa ki byen nan yon monn kote pifò moun ap fè sa k mal. Men li posib pou moun fè sa ki byen. Anpil moun anvi jwenn èd pou yo konprann Bib la e pou yo aplike sa l di. Se pou rezon sa a, Temwen Jewova yo fè etid biblik gratis ak plizyè milyon moun toupatou sou tè a. Chak semèn, gen yon pakèt moun k ap aprann sa Labib anseye toutbonvre, sa fè yo vin pi pwòch ak Kreyatè yo a e yo vin gen kè kontan nan lavi yoa.
Poukisa ou pa mande Temwen Jewova yo pou ki rezon yo fè relijyon yo a konfyans?
Pwochèn fwa ou rankontre Temwen Jewova yo, poukisa ou pa mande yo pou ki rezon yo fè relijyon yo a konfyans? Egzamine ansèyman yo bay ak istwa yo. Apre sa, deside pou tèt ou si gen yon relijyon ki egziste ou ka fè konfyans.
a Pou jwenn plis enfòmasyon, gade liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.