BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 4 p. 16
  • Ki sa Bib la di?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske se lèzòm ki vini ak afè relijyon an?
  • Èske l nesesè pou yon moun fè pati yon relijyon?
  • Èske l nesesè pou nou fè pati yon relijyon?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan m ka rive jwenn vrè relijyon an?
    Repons Bib la bay
  • Adorasyon Bondye apwouve
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki bon nouvèl ki genyen konsènan relijyon?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 4 p. 16
Yon fanmi k ap gade divès lokal kote moun fè adorasyon

Ki sa Bib la di?

Èske se lèzòm ki vini ak afè relijyon an?

GEN MOUN KI KWÈ se lèzòm ki envante afè relijyon an, gen lòt moun ki panse Bondye sèvi ak relijyon pou l ede moun pwoche bò kote l. E ou menm, ki sa w panse?

MEN SA BIB LA DI

Gen yon “relijyon ki pwòp e ki san salte selon Bondye nou an ki Papa nou”. (Jak 1:27, nòt.) Relijyon ki pwòp la, sa vle di vrè relijyon an, soti nan Bondye.

LÒT BAGAY NOU APRANN NAN BIB LA

  • Pou yon relijyon fè Bondye plezi, li dwe baze sou verite ki nan Bib la. — Jan 4:23, 24.

  • Relijyon ki baze sou opinyon lèzòm pa itil anyen. — Mak 7:7, 8.

Èske l nesesè pou yon moun fè pati yon relijyon?

ÈSKE W T AP DI?

  • Wi

  • Non

  • Sa depan

MEN SA BIB LA DI

“Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou.” (Ebre 10:24, 25). Bondye vle pou adoratè l yo reyini ansanm antanke yon gwoup ki òganize.

LÒT BAGAY NOU APRANN NAN BIB LA

  • Moun k ap adore Bondye yo dwe ini, sa vle di yo dwe gen menm kwayans. — 1 Korentyen 1:10, 11.

  • Manm relijyon Bondye apwouve a fòme yon fanmi frè ak sè ki nan lemonnantye. — 1 Pyè 2:17.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 15 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje