Ki sa Bib la di?
Èske se lèzòm ki vini ak afè relijyon an?
GEN MOUN KI KWÈ se lèzòm ki envante afè relijyon an, gen lòt moun ki panse Bondye sèvi ak relijyon pou l ede moun pwoche bò kote l. E ou menm, ki sa w panse?
MEN SA BIB LA DI
Gen yon “relijyon ki pwòp e ki san salte selon Bondye nou an ki Papa nou”. (Jak 1:27, nòt.) Relijyon ki pwòp la, sa vle di vrè relijyon an, soti nan Bondye.
LÒT BAGAY NOU APRANN NAN BIB LA
Pou yon relijyon fè Bondye plezi, li dwe baze sou verite ki nan Bib la. — Jan 4:23, 24.
Relijyon ki baze sou opinyon lèzòm pa itil anyen. — Mak 7:7, 8.
Èske l nesesè pou yon moun fè pati yon relijyon?
ÈSKE W T AP DI?
Wi
Non
Sa depan
MEN SA BIB LA DI
“Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou.” (Ebre 10:24, 25). Bondye vle pou adoratè l yo reyini ansanm antanke yon gwoup ki òganize.
LÒT BAGAY NOU APRANN NAN BIB LA
Moun k ap adore Bondye yo dwe ini, sa vle di yo dwe gen menm kwayans. — 1 Korentyen 1:10, 11.
Manm relijyon Bondye apwouve a fòme yon fanmi frè ak sè ki nan lemonnantye. — 1 Pyè 2:17.