BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 90
  • Èske l nesesè pou nou fè pati yon relijyon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske l nesesè pou nou fè pati yon relijyon?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Ki jan m ka rive jwenn vrè relijyon an?
    Repons Bib la bay
  • Adorasyon Bondye apwouve
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Repons Bib la bay
ijwbq atik 90
Yon gwoup moun ki reyini ansanm pou yo adore Bondye.

Èske l nesesè pou nou fè pati yon relijyon?

Repons Bib la bay

Wi, paske Bondye mande pou moun reyini pou yo adore l. Men sa Bib la di: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou”. — Ebre 10:24, 25, nòt.

Jezi te fè konnen disip li yo t ap gen pou yo fòme yon gwoup ki òganize. Men sa l te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:35). Pou disip Kris yo, premye fason yo t ap gen pou yo demontre lanmou sa a se lè yo reyini ansanm ak moun ki gen menm kwayans avèk yo. Yo t ap gen pou yo òganize yo antanke kongregasyon e yo t ap reyini ansanm regilyèman pou yo adore Bondye (1 Korentyen 16:19). Antanke gwoup, yo t ap gen pou yo vin tounen yon fanmi entènasyonal. — 1 Pyè 2:17.

Li pa sifi pou n nan yon relijyon

Byenke Bib la anseye moun dwe reyini pou yo adore Bondye, li pa anseye yon moun ap rive fè Bondye plezi sèlman paske l manm yon relijyon. Pou Bondye aksepte adorasyon yon moun, relijyon moun nan dwe gen efè sou lavi l chak jou. Pa egzanp, men sa Bib la di: “Relijyon ki pwòp e ki san salte selon Bondye nou an ki Papa nou, men li: pran swen òfelen yo ak vèv yo nan tribilasyon yo, epi rete san tach parapò ak monn nan.” — Jak 1:27, nòt.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje