BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/7 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Ranson an: pi gwo kado Bondye bay la
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Ranson an: pi gwo kado Bondye bay
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/7 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Èske l posib pou nou viv pou toutan?

Ki dispozisyon Bondye pran pou l libere nou anba lanmò?

Adan, premye gason an, te viv plizyè syèk. Men finalman li te vin granmoun e li te mouri. Depi lè sa a, lèzòm eseye tout kalite bagay pou yo ka pa vyeyi. Men pa gen youn nan yo ki ka chape anba lanmò. Poukisa? Paske Adan te vyeyi e li te mouri akoz peche li te fè, li te dezobeyi Bondye. Nou vin granmoun paske nou eritye peche nan men Adan e santans peche a se lanmò. — Li Jenèz 5:5; Women 5:12.

Pou nou ka viv pou toutan, nou bezwen yon moun pou peye yon ranson pou nou (Jòb 33:24, 25). Yon ranson se pri yo peye pou yo libere yon moun, e nan ka pa nou, nou bezwen yo libere nou anba lanmò (Egzòd 21:29, 30). Jezi te peye pri sa a pou nou, lè li te mouri pou nou. — Li jan 3:16.

Ki sa nou ka fè pou nou viv pou toutan?

Se pa tout moun k ap libere anba maladi ak vyeyès. Anfèt, moun ki dezobeyi Bondye menm jan ak Adan yo ap pèdi privilèj yo genyen pou yo viv. Se sèl moun ki jwenn padon pou peche yo k ap jwenn lavi pou toutan. — Li Izayi 33:24; 35:3-6.

Pou nou jwenn padon, gen bagay nou dwe fè. Nou bezwen konnen Bondye lè nou etidye Pawòl li a, Labib. Bib la aprann nou pi bon fason pou nou viv e li aprann nou sa nou ka fè pou nou jwenn favè Bondye pou nou ka viv pou toutan. — Li Jan 17:3; Travay 3:19.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 3 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje