BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/3 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Poukisa Jezi te soufri e li te mouri?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Lanmò Jezi ak rezirèksyon l — Sa yo ka vle di pou ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/3 p. 16
Moun k ap pran plezi yo ak timoun k ap naje nan lanmè nan Paradi a sou tè a

REPONS BIB LA BAY

Ki jan lanmò Jezi ka pwofitab pou nou?

Lè Bondye te kreye lèzòm, li te vle pou yo viv pou toutan sou tè a san yo pa janm malad e san yo pa janm mouri. Sepandan, Adan, premye gason an, te dezobeyi Kreyatè a, sa te lakòz li pèdi posiblite pou l viv pou toutan. Antanke desandan Adan, nou eritye lanmò nan li (Women 5:8, 12; 6:23). Jewova, vrè Dye a, te voye Jezi, pitit li a, sou tè a pou l mouri e pou l rachte sa Adan te pèdi a. — Li Jan 3:16.

Jezi te mouri pou l pèmèt lèzòm gen lavi etènèl. Ki jan w panse lavi ap ye sou tè a lè nou pral viv nètale?

Lanmò Jezi pèmèt nou jwenn padon pou peche nou e li pèmèt nou gen lavi ki pap janm fini an. Bib la ban nou yon apèsi sou jan lavi a pral ye sou tè a lè moun pap vyeyi, yo pap malad e yo pap mouri ankò. — Li Izayi 25:8; 33:24; Revelasyon 21:4, 5.

Ki fason pou n komemore lanmò Jezi?

Jou swa anvan Jezi te mouri a, Jezi te di disip li yo pou yo fè yon seremoni tou senp pou yo komemore lanmò l. Lè nou komemore lanmò Jezi fason sa a chak ane, sa pèmèt nou wè jan Jewova ak Jezi renmen lèzòm anpil. — Li Lik 22:19, 20; 1 Jan 4:9, 10.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 4 ak 5 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Ou ka telechaje l sou sit www.jw.org/ht.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje