BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/3 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan nou ta dwe komemore lanmò Jezi?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • “Fè sa pou nou montre nou sonje m”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Rasanbleman bagay ki nan syèl yo ak bagay ki sou tè yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/3 p. 16

REPONS BIB LA BAY

Poukisa nou dwe komemore lanmò Jezi?

Kèk moun ki gen kè kontan k ap viv nan yon paradi sou tè a

Ki avni lanmò Jezi rann posib? — Izayi 25:8; 33:24.

Lanmò Jezi se evènman ki pi enpòtan nan listwa. Jezi te mouri pou l ka fè lavi lèzòm tounen jan l te dwe ye a. Bondye pa t kreye moun ak tandans pou yo fè sa ki mal, pou yo malad ni pou yo mouri (Jenèz 1:31). Men, peche vin antre nan monn nan akoz Adan, premye moun nan. Jezi te bay lavi l pou l ka sove nou anba peche ak lanmò. — Li Matye 20:28; Women 6:23.

Bondye te montre gwo lanmou l genyen lè l te voye Jezi, Pitit li a, sou tè a, vin mouri pou nou (1 Jan 4:9, 10). Jezi te di disip li yo pou yo komemore lanmò l, yo t ap fè sa lè yo òganize yon seremoni tou senp kote yo t ap sèvi ak pen epi ak diven. Lè nou fè sa chak ane se yon fason nou montre nou apresye lanmou Bondye ak Jezi demontre pou nou. — Li Lik 22:19, 20.

Ki moun ki dwe manje nan pen an epi bwè nan diven an?

Premye fwa Jezi te mande disip li yo pou yo komemore lanmò l, li te pale ak yo konsènan yon alyans oswa yon kontra (Matye 26:26-28). Sa te bay disip sa yo ak yon lòt gwoup moun, ki yon kantite limite, posiblite pou yo vin wa ak prèt nan syèl la avèk Jezi. Byenke gen plizyè milyon moun ki komemore lanmò Jezi, se sèlman moun ki nan alyans lan ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an. — Li Revelasyon 5:10.

Sa fè prèske 2 000 an depi Jewova ap chwazi moun ki pral wa yo (Lik 12:32). Kantite moun sa yo ye a pa anpil parapò ak kantite moun ki pral viv pou toutan sou tè a. — Li Revelasyon 7:4, 9, 17.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 5 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Li sou sit Entènèt www.jw.org/ht a tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje