BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 15/7 p. 32
  • “Gade foto a!”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Gade foto a!”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Siveyan k ap dirije nou yo : Kondiktè etid La Tour de Garde
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Annou youn ankouraje lòt nan reyinyon yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Byen pwofite foto ki nan piblikasyon nou yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 15/7 p. 32

“Gade foto a!”

Konbyen fwa w te di tèt ou oswa yon lòt moun pawòl sa yo chak fwa w ap li yon nouvo nimewo nan peryodik sa a? Gen yon rezon ki fè yo mete bèl imaj ak foto ki ladan l yo, e sa mande anpil tan ak anpil efò pou yo fè sa. Yo se zouti ki la pou anseye nou, ki fè n reflechi sou sa n ap li a epi viv li tou. Yo kapab itil nou sitou lè n ap prepare etid Toudegad ak lè n ap fè kòmantè ladan l.

Pa egzanp, fè yon ti reflechi sou rezon ki fè yo chwazi mete yon foto nan kòmansman chak atik etid. Ki sa foto sa a montre? Ki rapò li gen ak tit atik la oswa ak vèsè tèm atik la? Reflechi pou w wè ki rapò foto sa a ansanm ak chak lòt foto ki nan atik la genyen ak sijè y ap pale a e ak pwòp vi pa w.

Kondiktè etid Toudegad la ap bay moun nan kongregasyon an posiblite pou yo fè kòmantè sou chak foto, pou yo di ki rapò foto a genyen ak mesaj y ap fè pase a oswa ki efè li gen sou yo. Nan kèk ka, gen yon ti nòt yo konn met anba foto a ki fè konnen ak ki paragraf foto a mache. Nan lòt ka yo, kondiktè a gendwa deside nan ki paragraf l ap pi bon pou moun yo pale sou chak foto. Konsa, lektè yo ap ka byen pwofite efò ki te fèt pou ede yo viv leson nou jwenn nan Pawòl Bondye a.

Men sa yon frè te di: ‘Apre m fin li yon bèl atik, foto yo tankou yon krèm ki sou yon gato ki fè atik la vin pi bèl toujou.’

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje