Li sèvi ak yon ti gwoup moun pou l bay anpil moun manje
“Lè [Jezi] fin kase pen yo, li separe yo bay disip yo, e disip yo separe yo bay foul moun yo.” — MAT. 14:19.
1-3. Fè yon ti pale sou fason Jezi te bay yon gwo foul moun manje toupre vil Betsayida. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
IMAJINE sa k te pase yon ti tan anvan fèt Pak ane 32 epòk nou an. (Li Matye 14:14-21.) Gen yon foul moun ki gen anviwon 5 000 gason ladan l, san konte fi ak timoun, ki te ansanm ak Jezi ak disip li yo nan yon zòn izole ki te toupre vil Betsayida, yon vil ki te twouve l nan nò lanmè Galile.
2 Lè Jezi wè foul la, li pran pitye pou yo. Se sa k fè, li geri moun ki te malad yo epi l anseye moun yo anpil bagay konsènan Wayòm Bondye a. Lè l vin aswè, disip yo mande Jezi pou l kite moun yo ale yon fason pou yo ka al nan vilaj ki toupre yo pou yo achte manje pou yo manje. Men, Jezi di disip li yo: “Ba yo manje nou menm.” Pawòl sa a Jezi te di yo a dwe te fè yo sezi paske sa yo te gen pou yo manje a pa t anpil, se te senk pen ak de ti pwason.
3 Etandone Jezi te gen konpasyon pou moun yo, li te fè yon mirak. Mirak sa a se sèl mirak ki parèt nan toule kat Evanjil yo (Mak 6:35-44; Lik 9:10-17; Jan 6:1-13). Jezi te di disip li yo pou yo fè moun yo fè gwoup 50 ak gwoup 100 moun epi pou yo chita sou zèb la. Apre Jezi fin fè yon priyè, li kòmanse kase pen yo epi l separe pwason yo. Annapre, olye pou se Jezi li menm ki pot manje a bay moun yo, li separe l “bay disip yo, e disip yo separe [l] bay foul moun yo”. Grasa mirak sa a, chak moun te jwenn plis manje pase sa yo te bezwen. Ou imajine sa! Jezi te sèvi ak yon ti gwoup moun, anpalan de disip li yo, pou l bay plizyè milye moun manjea.
4. a) Ki kalite manje Jezi te gen plis sousi pou l bay disip li yo, e poukisa? b) Sou ki sa n pral pale nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a?
4 Jezi te gen plis sousi toujou pou l bay moun ki t ap suiv li yo manje nan domèn espirityèl. Li te konnen lè yo manje manje espirityèl la, anpalan de verite ki nan Pawòl Bondye a, sa ap fè yo jwenn lavi ki pap janm fini an (Jan 6:26, 27; 17:3). Konpasyon ki te pouse Jezi bay foul moun yo manje pen ak pwason an, te pouse l pase plizyè èdtan ap anseye moun ki t ap suiv li yo tou (Mak 6:34). Men, li te konnen tan li te rete pou l fè sou tè a te kout e l t ap gen pou l retounen nan syèl la (Mat. 16:21; Jan 14:12). Ki jan Jezi t apral fè pran swen disip li yo ki sou tè a nan domèn espirityèl detan l nan syèl la? Li t apral fè sa menm jan l te fè lè l t ap bay foul moun yo manje a, sa vle di, li t apral sèvi ak yon ti gwoup moun pou l bay anpil moun manje. Donk, ki moun ki t ap vin fòme ti gwoup sa a? Ann wè kòman Jezi te sèvi ak yon ti gwoup moun pou l te bay plizyè disip, ki te gen esperans pou al nan syèl, manje nan premye syèk la. Apre sa, nan atik ki vin apre a, nou pral pale de kesyon sa a ki gen anpil enpòtans: Ki jan n ka idantifye ti gwoup moun Kris ap itilize pou l ban nou manje jodi a?
Plizyè milye moun te jwenn manje pa mwayen yon ti gwoup moun. (Gade paragraf 4.)
JEZI CHWAZI TI GWOUP MOUN NAN
5, 6. a) Ki kokennchenn desizyon Jezi te pran pou disip li yo byen manje nan domèn espirityèl apre lanmò l? b) Ki jan Jezi te prepare apot li yo pou yo jwe yon wòl enpòtan apre l fin mouri?
5 Yon chèf fanmi ki pran responsablite l oserye ap pran dispozisyon pou fanmi l jwenn sa l bezwen lè l mouri. Menm jan an tou, etandone Jezi te gen pou l vin Chèf kongregasyon an, li te pran dispozisyon pou disip li yo jwenn sa yo bezwen nan domèn espirityèl apre lanmò l (Efe. 1:22). Pa egzanp, anviwon dezan anvan Jezi mouri, li te pran yon kokennchenn desizyon. Li te chwazi premye moun ki t apral fòme ti gwoup moun li t apral itilize annapre pou l bay plizyè moun manje a. Ann wè sa k te pase.
6 Apre Jezi te fin pase tout yon nuit ap lapriyè, li te rasanble disip li yo epi l chwazi 12 apot pami yo (Lik 6:12-16). Pandan de ane ki te vin annapre yo, Jezi te vin pwòch ak 12 apot li yo anpil, li te anseye yo ni nan pawòl ni pa mwayen egzanp. Li te konnen yo te gen anpil bagay pou yo aprann. Anfèt, yo te kontinye pote non “disip”. (Mat. 11:1; 20:17.) Li te bay yo chak bonjan konsèy e l te ba yo bonjan fòmasyon nan ministè a (Mat. 10:1-42; 20:20-23; Lik 8:1; 9:52-55). Pa gen dout nan sa, li t ap prepare yo pou yo jwe yon wòl enpòtan apre l fin mouri epi l retounen nan syèl.
7. Ki jan Jezi te bay yon ide konsènan ki bagay ki t apral pi enpòtan pou apot yo?
7 Ki wòl apot yo t apral jwe? Tank Pannkòt ane 33 epòk nou an t ap pwoche, tout moun te ka wè byen klè apot yo t apral sèvi antanke moun k ap “travay [...] kòm siveyan”. (Tra. 1:20.) Sepandan, ki bagay ki t apral pi enpòtan pou yo? Kèk jou apre Jezi fin resisite, li te bay yon ide sou kesyon sa a nan yon konvèsasyon li te gen ak apot Pyè. (Li Jan 21:1, 2, 15-17.) Men sa Jezi te di Pyè devan kèk lòt apot: “Bay timouton m yo manje.” Pa mwayen pawòl sa yo, Jezi te fè konnen apot li yo t ap fè pati ti gwoup moun li t apral itilize pou l bay plizyè moun manje nan domèn espirityèl la. Ala yon bèl prèv ki montre santiman Jezi gen pou “timouton [l]” yob!
LI KÒMANSE BAY ANPIL MOUN MANJE APATI PANNKÒT LA
8. Ki jan moun ki te fèk vin kwayan nan Pannkòt la te montre yo rekonèt byen klè mwayen Kris te sèvi pou l bay manje a?
8 Apati Pannkòt ane 33 epòk nou an, Kris ki te resisite te sèvi ak apot li yo kòm mwayen pou l bay rès disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la manje. (Li Travay 2:41, 42.) Jou sa a, Juif ak pwozelit Bondye te chwazi pou al nan syèl pa mwayen lespri sen l yo te ka rekonèt byen klè mwayen sa a Jezi t ap itilize a. San ezite, kretyen sa yo “te kontinye koute ansèyman apot yo ak anpil atansyon”. Dapre sa yon biblis fè konnen, vèb grèk lè yo tradui l yo mete “kontinye koute” pou li a kapab vle di “yon fidelite ki san fay ak yon objektif yon moun fikse pou l rive gen yon konduit byen presi”. Moun sa yo ki te fèk vin kwayan te gen gwo anvi pou yo manje manje espirityèl la, e yo te konnen egzakteman ki kote pou yo jwenn li. Avèk fidelite, yo t ap tann pou apot yo esplike yo pawòl Jezi te di yo ak aksyon li te fè yo, e yo t ap tann pou apot yo fè yo jwenn eklèsisman sou sa Ekriti yo di konsènan Jezic. — Tra. 2:22-36.
9. Ki jan apot yo te montre yo toujou sonje responsablite yo te genyen pou yo bay timouton Jezi yo manje a?
9 Apot yo te toujou sonje responsablite yo te genyen pou yo bay timouton Jezi yo manje a. Pa egzanp, annou wè kòman yo te rezoud yon kesyon ki te difisil e ki te ka met divizyon nan kongregasyon kretyen an ki te fèk fòme. Yon bagay ki dwòl, sèke kesyon sa a te gen rapò ak manje nan domèn fizik. Yo te neglije medam vèv ki pale grèk yo nan distribisyon manje yo te konn fè chak jou yo, men, yo pa t konn neglije medam vèv ki pale ebre yo. Ki jan apot yo te rezoud kesyon delika sa a? “Douz apot yo” te nome sèt frè kalifye pou “fè travay sa a ki [te] nesesè”, anpalan de distribisyon manje a. Pa gen dout nan sa, pifò apot yo te patisipe nan distribye manje bay foul moun yo lè Jezi te fè mirak la. Men kounye a, yo te vin wè li pi enpòtan pou yo fikse lespri yo sou bay manje espirityèl la. Se sa k fè, yo te konsantre yo sou “anseye pawòl la”. — Tra. 6:1-6.
10. Ki fason Kris te sèvi ak apot yo ansanm ak ansyen yo nan Jerizalèm?
10 Nan ane 49 epòk nou an, gen kèk lòt ansyen kalifye ki te vin met ansanm ak apot ki potko mouri yo. (Li Travay 15:1, 2.) “Apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm” te sèvi antanke yon kolèj santral. Antanke Chèf kongregasyon an, Kris te sèvi ak ti gwoup gason sa a ki kalifye pou l rezoud yon seri kesyon ki gen rapò ak doktrin, epi pou l sipèvize ak dirije travay predikasyon ak ansèyman bon nouvèl Wayòm nan. — Tra. 15:6-29; 21:17-19; Kol. 1:18.
11, 12. a) Ki sa k montre Jewova te beni dispozisyon Pitit gason l lan te pran an pou l bay kongregasyon nan premye syèk yo manje a? b) Ki sa k te pèmèt moun rekonèt byen klè mwayen Kris te itilize pou l bay manje espirityèl la?
11 Èske Jewova te beni dispozisyon Pitit gason l lan te pran an pou l bay kongregasyon nan premye syèk yo manje a? Pa gen dout li te fè sa! Ki jan n fè konn sa? Men sa liv Travay la fè konnen: “Etan [Pòl ak konpayon vwayaj li yo] ap vwayaje, yo fè moun ki nan vil kote yo pase yo konnen desizyon apot yo ak ansyen ki nan Jerizalèm yo te pran, pou moun yo ka soumèt devan desizyon sa yo. Kòm rezilta, kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e de jou an jou, yo te vin gen plis moun.” (Tra. 16:4, 5). Note sa: Piske kongregasyon yo te kowopere fidèlman ak kolèj santral la ki te Jerizalèm, sa te fè yo pwogrese. Èske sa pa yon prèv ki montre Jewova te beni dispozisyon Pitit gason l lan te pran pou l bay kongregasyon yo manje a? Nou dwe toujou sonje se sèlman si nou gen benediksyon Jewova n ap ka pwogrese nan domèn espirityèl. — Pwo. 10:22; 1 Kor. 3:6, 7.
12 Jiska prezan, nou gentan wè Jezi te suiv yon modèl lè l t ap bay disip li yo manje: Li te sèvi ak yon ti gwoup moun pou l bay anpil moun manje. Moun te ka rekonèt byen klè mwayen li te itilize pou l bay manje espirityèl la. Dayè, apot yo, ki te premye manm kolèj santral la, te ka bay bonjan prèv ki montre Jewova ak Jezi te avèk yo. Travay 5:12 fè konnen: “Apot yo te kontinye ap reyalize anpil siy ak anpil bagay etonan pami pèp la.”d Kidonk, pa t gen okenn rezon pou moun ki te vin kretyen yo t ap mande tèt yo: ‘Ki moun Kris ap itilize toutbon pou bay timouton l yo manje?’ Sepandan, bagay yo te vin chanje nan fen premye syèk la.
Nan premye syèk la, moun te ka wè byen klè ki gwoup Jezi te itilize pou bay kongregasyon an manje. (Gade paragraf 12.)
EPÒK KOTE MOVE ZÈB YO TE ANPIL EPI ZEPI BLE YO TE PITI
13, 14. a) Ki atak Jezi te di ki t ap gen pou fèt, e ki lè pawòl Jezi yo te kòmanse reyalize? b) Bay de kote atak la te soti. (Gade nòt la.)
13 Jezi te fè konnen gen moun ki t ap gen pou atake kongregasyon kretyen an. Sonje nan parabòl Jezi te bay konsènan ble a ak move zèb yo, li te fè konnen gen move zèb (fo kretyen yo) ki t ap anvayi yon jaden ble yo te fèk plante (kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo). Jezi te di yo t ap kite de gwoup sa yo grandi kòtakòt, sa vle di yo pa t ap fè yo anyen rive jis nan moman rekòt la ki t ap rive nan “fen sistèm nan”. (Mat. 13:24-30, 36-43.) Pa t gen anpil tan ki rete pou pawòl Jezi yo te kòmanse reyalizee.
14 Apostazi a te kòmanse parèt nan premye syèk la, men, apot fidèl Jezi yo te “aji tankou yon obstak” kont li lè yo te anpeche fo ansèyman kontamine kongregasyon an epi gen enfliyans sou li (2 Tes. 2:3, 6, 7). Sepandan, yonfwa dènye apot la te mouri, apostazi a te pran rasin epi l te gaye pandan yon peryòd ki byen long ki te dire plizyè syèk. Mete sou sa, pandan tan sa a, move zèb yo te vin anpil e zepi ble yo te vin piti. Pa t gen okenn gwoup ki te òganize pou kontinye bay manje espirityèl la. Sa t ap gen pou l chanje. Men, kesyon pou n poze kounye a se: Ki lè sa t ap fèt?
KIYÈS KI T APRAL BAY MANJE A NAN MOMAN REKÒT LA?
15, 16. Ki rezilta bonjan etid Etidyan Labib yo te fè sou Ekriti yo te pote, e ki kesyon sa soulve?
15 Tank fen epòk kote move zèb yo ak ble a t ap grandi ansanm nan t ap pwoche, gen moun ki te kòmanse montre bonjan enterè pou verite ki nan Bib la. Sonje nan ane 1870 yo, te gen yon ti gwoup moun ki sensè ki t ap chèche laverite ki te vin rasanble ansanm. Moun sa yo te fòme yon seri klas biblik ki pa t pran pa ak move zèb yo, anpalan de fo kretyen ki te soti nan legliz ak sèk lakretyente yo. Moun sa yo ki te sensè, ki te bay tèt yo non Etidyan Labib, te fè bonjan rechèch sou Ekriti yo e yo te lapriyè sou sa. Yo te fè sa avèk imilite ansanm ak yon bon etadespri. — Mat. 11:25.
16 Bonjan etid Etidyan Labib yo te fè sou Ekriti yo te bay bon rezilta. Gason ak fi sa yo ki te fidèl te devwale fo doktrin yo e yo te simaye verite espirityèl la. Yo te pibliye ak distribye piblikasyon ki baze sou Bib la toupatou sou tè a. Travay yo te fè a te touche kè anpil moun e l te konvenk moun sa yo ki te swaf verite espirityèl la. Sepandan, gen yon kesyon enteresan ki te soulve: Èske se Etidyan Labib ki t ap viv anvan ane 1914 la ki te ti gwoup moun Kris t ap nome pou bay timouton l yo manje a? Non. Sezon kote move zèb yo ak ble a t ap grandi ansanm nan potko rive nan bout li, e ti gwoup moun Kris t apral itilize pou l bay manje espirityèl la potko pare pou sa. Lè a potko rive pou yo separe move zèb yo ki se fo kretyen yo ak vrè kretyen ki fè pati klas ble a.
17. Ki evènman enpòtan ki te kòmanse rive an 1914?
17 Jan nou te aprann sa nan atik ki vin anvan an, sezon rekòt la te kòmanse nan ane 1914. Nan ane sa a, gen anpil evènman enpòtan ki te kòmanse rive. Jezi te vin Wa, e dènye jou yo te kòmanse (Rev. 11:15). Soti ane 1914 pou rive nan kòmansman ane 1919, Jezi ansanm ak Papa l te vin nan tanp espirityèl la pou yo fè yon travay enspeksyon ak netwayaj ki te nesesè anpilf (Mal. 3:1-4). Annapre, nan kòmansman ane 1919, lè a te rive pou yo kòmanse ranmase ble a. Èske lè a te resi rive pou Kris nome yon ti gwoup moun pou bay manje espirityèl la? Wi, lè a te rive!
18. Ki sa Jezi te di li t ap gen pou l fè, e ki kesyon enpòtan ki te soulve etandone dènye jou yo te fèk kòmanse?
18 Nan pwofesi Jezi te bay konsènan tan lafen an, li te fè konnen li t ap nome yon ti gwoup moun ki t ap la pou bay “manje nan bon moman”. (Mat. 24:45-47.) Ak ki gwoup moun Jezi t apral sèvi? Yon lòt fwa ankò, Jezi t apral itilize menm metòd li te itilize nan premye syèk la, sa vle di li t apral sèvi ak yon ti gwoup moun pou l bay anpil moun manje. Men, etandone dènye jou yo te fèk kòmanse, gen yon kesyon enpòtan ki te soulve: Ki moun ki t ap vin fòme ti gwoup sa a? Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kesyon sa a ansanm ak kèk lòt kesyon ki gen rapò ak pwofesi Jezi a.
a Paragraf 3: [1] Nan yon lòt okazyon, Jezi te fè yon mirak pou l bay 4 000 gason manje, san konte fi ak timoun. Yon lòt fwa ankò, li te separe manje a bay “disip yo, e [disip yo] yo menm [te] separe [l] bay foul moun yo”. — Mat. 15:32-38.
b Paragraf 7: [2] Nan epòk Pyè a, tout moun ki fè pati “timouton” Jezi yo te gen esperans pou y al nan syèl.
c Paragraf 8: [3] Lefètke moun ki te fèk vin kwayan yo te “kontinye koute ansèyman apot yo ak anpil atansyon”, sa montre apot yo te konn anseye regilyèman. Gen kèk bagay nan sa apot yo t ap anseye yo ki toujou konsève nan liv ki enspire yo, ki kounye a fè pati Liv ki te ekri an grèk yo.
d Paragraf 12: [4] Byenke gen lòt moun apre apot yo ki te resevwa kèk don lespri a te bay, nan pifò ka, sanble se pa mwayen oswa an prezans yon apot moun sa yo te jwenn don sa yo. — Tra. 8:14-18; 10:44, 45.
e Paragraf 13: [5] Pawòl apot Pòl te di nou jwenn nan Travay 20:29, 30 yo montre se de kote atak kongregasyon an t ap gen pou soti. Premyèman, fo kretyen yo (“move zèb yo”) t ap gen pou “antre nan mitan” vrè kretyen yo. Dezyèmman, gen kèk moun “nan mitan” vrè kretyen yo ki t ap vin aposta e ki t ap “pale bagay kwochi”.
f Paragraf 17: [6] Gade atik ki gen tit “Gade! mwen avèk nou toulejou” a ki nan Toudegad sa a nan paj 11, paragraf 6.