BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/8 p. 16
  • Repons Bib la bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons Bib la bay
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche kote Bondye grasa lapriyè
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/8 p. 16
[Foto nan paj 16]

REPONS BIB LA BAY

Èske Bondye koute tout priyè?

Bondye koute priyè moun ki soti nan tout nasyon (Sòm 145:18, 19). Pawòl li a, Labib, ankouraje nou pou n pale avè l sou tout sijè ki enterese nou (Filipyen 4:6, 7). Men, gen priyè ki pa fè Bondye plezi. Pa egzanp, lè moun ap resite priyè yo aprann pakè, sa pa fè l plezi. — Li Matye 6:7.

Anplis de sa, Jewova rayi priyè moun ki chwazi dezobeyi lwa l yo (Pwovèb 28:9). Pa egzanp, nan tan biblik yo, Bondye te refize koute priyè kèk izrayelit te fè, paske yo te konn fè zak asasinay. Sa klè, pou Bondye koute priyè nou, nou dwe ranpli kèk kondisyon. — Li Izayi 1:15.

Ki sa nou dwe fè pou Bondye koute priyè nou?

Nou pa ka pwoche bò kote Bondye nan lapriyè si nou pa gen lafwa (Jak 1:5, 6). Nou dwe kwè li egziste e nou dwe sèten li gen sousi pou nou. Nou ka fè lafwa nou vin pi solid lè nou etidye Labib, paske vrè lafwa a baze sou prèv klè, sou asirans nou jwenn nan Pawòl Bondye a. — Li Ebre 11:1, 6.

Nou dwe priye Bondye ak tout kè nou e nou dwe fè sa avèk imilite. Menm Jezi, pitit Bondye a, te konn priye avèk imilite (Lik 22:41, 42). Olye nou di Bondye sa pou l fè, nou dwe chèche konprann sa l mande nou fè lè nou li Labib. Konsa priyè nou fè yo ap ann amoni ak volonte Bondye. — Li 1 Jan 5:14.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 17 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

Ou ka telechaje l sou sit www.jw.org/ht

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje