BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/10 p. 3
  • Poukisa Bib la dwe enterese w?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa Bib la dwe enterese w?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa ou dwe etidye Labib?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Yon liv ou dwe konprann
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Ansèyman veridik ki fè Bondye plezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Bondye pale avèk nou pa mwayen Bib la
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/10 p. 3

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: SOU KI SA BIB LA PALE?

Poukisa Bib la dwe enterese w?

Bib la se liv yo pibliye plis pase tout lòt liv. Poukisa? Youn nan rezon yo, se paske lè moun li l, li fasil pou yo jwenn ladan l kèk sitiyasyon moun t ap viv nan tan lontan ki sanble ak sitiyasyon pa yo. Li rakonte istwa moun ki te egziste toutbon. Li pale sou fason moun sa yo te konn boule ak lòt moun e li bay detay sou relasyon yo te gen ak Bondye. Istwa sa yo aprann nou anpil bagay ki itil. Yo itilize mo ki senp e ki dirèk, mo yo ka tradui nan plizyè santèn lang. Kèlkeswa kote yon moun ap viv sou tè a e kèlkeswa epòk la li ka konprann yo. E prensip ki nan Bib la toujou itil.

Sa ki pi enpòtan, sèke Bib la pa di li se yon liv ki annik pale de Bondye men li di pawòl ki ladan l yo se pawòl Bondye. Li fè nou konnen non Bondye, pèsonalite l ak objektif li te genyen lè l te kreye tè a ak lèzòm. Objektif sa a pa janm chanje. Anplis de sa, Bib la pale de yon konba ki egziste depi byen lontan ant sa ki byen ak sa ki mal: yon istwa enteresan ki konsène tout linivè e k ap byen fini. Si w ouvri kè w lè w ap li Bib la, w ap poze baz pou w vin gen bonjan lafwa e w ap viv ak espwa.

Bib la bay yon seri enfòmasyon nou pap jwenn okenn lòt kote. Pa egzanp, Bib la fè nou konnen laverite sou yon seri sijè tankou:

  • Kote nou soti e poukisa n ap soufri

  • Dispozisyon Bondye pran pou l delivre limanite

  • Sa Jezi fè pou nou

  • Sa k pral rive ni tè a ni lèzòm alavni

Pran yon ti tan pou w li sijè ki vin apre yo pou w ka wè sou ki sa Bib la pale.

YON APÈSI SOU BIB LA

  • Tèm: Fason Wayòm Bondye a ki nan syèl la pral fè gen jistis ak lapè sou tè a

  • Sa k gen ladan l: Li gen 39 liv yo te ekri ann ebre (yo te ekri kèk vèsè ann arameyen), li gen 27 liv yo te ekri an grèk

  • Ekriven: Gen anviwon 40 moun ki te ekri l, yo te pran anviwon 1 600 ane. Yo te kòmanse an 1513 anvan epòk nou an e yo te fini nan ane 98 epòk nou an

  • Lang yo tradui l: Kounye a yo tradui l ann antye oubyen an pati nan plis pase 2 500 lang

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje