BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 1/12 p. 4-5
  • Yon liv ou dwe konprann

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon liv ou dwe konprann
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YO EKRI L YON FASON POU NOU KONPRANN LI
  • LI DISPONIB POU TOUT MOUN
  • Ki sa Bib la ye?
    Repons Bib la bay
  • Poukisa Bib la dwe enterese w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Ansèyman veridik ki fè Bondye plezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Bondye pale avèk nou pa mwayen Bib la
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 1/12 p. 4-5
Kèk moun k ap li Bib la sou fòm enprime ak nan telefòn selilè

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | OU KA KONPRANN BIB LA

Yon liv ou dwe konprann

Pa gen dout nan sa, Bib la se yon liv ki ansyen anpil. Konbyen tan li genyen? Yo te kòmanse ekri Bib la nan Mwayenn Oryan, sa gen anviwon 3 500 ane. Lè nou fè yon konparezon, se te nan epòk dinasti Channg nan peyi Lachin, yon dinasti ki te pisan, e se te anviwon dis syèk anvan relijyon Boudis te kòmanse ann End. — Gade kare ki gen tit “Kèk enfòmasyon sou Bib la”.

Bib la bay repons ki satisfè moun pou kesyon ki pi enpòtan yo konn poze nan lavi a.

Si yon liv ka itil moun e li ka ba yo yon direksyon ki pwofitab, moun dwe konprann li e li dwe enpòtan pou yo. Se egzakteman yon liv konsa Bib la ye. Li bay repons ki satisfè moun pou kesyon ki pi enpòtan yo konn poze nan lavi a.

Pa egzanp, èske n janm mande tèt nou: ‘Poukisa nou la?’ Kesyon sa a ap twouble moun depi plizyè milye ane e l kontinye ap twouble moun. Sepandan, nou ka jwenn repons kesyon sa yo nan de premye chapit liv Jenèz la, premye liv ki nan Bib la. Nan chapit sa yo, Bib la fè bak, l ale “okòmansman”, sa gen plizyè milya ane, lè linivè nou an te vin egziste, sa gen ladan l galaksi yo, zetwal yo ak tè a (Jenèz 1:1). Apre sa, etap pa etap, Bib la esplike ki jan tè a te fè vin yon kote moun ka abite e ki jan divès kalite vi te vin egziste, epi ki fason lèzòm te vin egziste, e li fè n konnen poukisa tout bagay sa yo la.

YO EKRI L YON FASON POU NOU KONPRANN LI

Bib la bay konsèy pratik k ap ede nou rezoud pwoblèm n ap rankontre chak jou. Li fasil pou nou konprann konsèy sa yo. Gen de bagay ki ka ede n konprann sa.

Toudabò, langaj yo itilize nan Bib la klè, li dirèk e li atiran. Yo pa itilize yon pakèt ekspresyon ki difisil pou nou konprann oubyen ki gen sans kache, men yo sèvi ak yon seri mo ki gen rapò ak bagay reyèl e ki nan nivo nou ka konprann. Yo sèvi ak mo nou abitye itilize chak jou pou yo pale de yon seri ide difisil.

Pa egzanp, Jezi te konn sèvi ak egzanp ki senp ki baze sou bagay moun konn wè chak jou pou l anseye yon seri leson ki te touche kè moun yo. Nou jwenn anpil nan egzanp sa yo nan diskou yo konn rele Sèmon sou montay la. Li kòmanse nan chapit 5 e li fini nan chapit 7 nan liv Matye a, yon liv ki nan Bib la. Gen yon espesyalis ki rele diskou sa a “yon diskou pratik” ki remake objektif diskou sa a “se pa pou plen tèt nou ak yon pakèt ide, men se pou gide nou e pou ede nou korije fason n aji”. Petèt, ou ka li chapit sa yo nan 15 a 20 minit, e w ap sezi wè jan pawòl Jezi yo senp e jan yo pisan anmenmtan.

Yon lòt bagay ki fè Bib la se yon liv ki fasil pou moun konprann se sijè ki ladan l yo. Bib la pa yon liv lejann ak fab. Okontrè, jan yon liv di l la, an jeneral, Bib la pale “ni de moun ki enpòtan ni de moun òdinè” e li pale tou de “konba yo te mennen, espwa yo te genyen, echèk yo te pran ak viktwa yo te ranpòte”. (The World Book Encyclopedia.) Li fasil pou nou rakonte istwa sa yo ki konsène moun ki te egziste toutbonvre, evènman ki te pase vre ak leson enpòtan nou tire nan istwa sa yo e li fasil pou nou konprann yo. — Women 15:4.

LI DISPONIB POU TOUT MOUN

Pou nou konprann yon liv, yo dwe ekri l nan yon lang nou konnen. Jodi a, kèlkeswa kote n ap viv oubyen kèlkeswa nasyonalite nou, li posib pou Bib la disponib nan yon lang nou ka konprann. Annou wè sa sa mande pou yo rive fè yon travay estrawòdinè konsa.

Tradiksyon. Okòmansman, yo te ekri Bib la ann ebre, ann arameyen e an grèk. Nòmalman, sa te fè anpil moun pa t ka li l. Pou Bib la te ka disponib nan lòt lang, gen kèk tradiktè sensè ki te fè gwo efò. Grasa travay yo fè, jodi a, yo tradui Bib la ann antye oswa an pati nan anviwon 2 700 lang. Sa vle di gen plis pase 90 pousan moun sou latè ki ka li omwen kèk pati nan Bib la nan lang manman yo.

Piblikasyon. Okòmansman, yo te ekri Bib la sou bagay ki kapab deteryore byen vit, tankou kui ak papiris. Pou lòt moun te ka jwenn mesaj ki nan Bib la, gen moun ki te oblije rekopye l alamen anpil fwa e yo te dwe fè sa avèk swen. Kopi sa yo te chè, e se kèk moun sèlman ki te ka achte yo. Men, grasa près pou yo enprime Gutenberg te envante a, sa gen plis pase 550 an, Bib la te vin gaye pi vit. Selon yon ankèt, yo distribye plis pase senk milya Bib ann antye ou an pati.

Pa gen okenn lòt liv relijye yo ka konpare ak Bib la nan domèn sa yo. Li klè, Bib la se yon liv ou dwe konprann. Men, sa ka mande pou w fè efò pou w konprann li. Ou kapab jwenn èd nan sans sa a. Ki kote w ka jwenn èd sa a? E ki jan sa ka pwofitab pou ou? W ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

Kèk enfòmasyon sou Bib la

  • Bib la gen 66 liv sakre ladan l.

  • Bib la gen istwa, lwa, pwofesi, pwezi, pwovèb, chante ak lèt.

  • Yo te kòmanse ekri Bib la nan ane 1513 anvan epòk nou an e yo te fin ekri l nan ane 98 nan epòk nou an, sa te pran plis pase 1 600 ane.

  • Bondye te enspire anviwon 40 gason pou ekri l.

La vie a-t-elle été créée?

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou orijin lavi a, gade bwochi La vie a-t-elle été créée? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l. Li sou sit Entènèt www.jw.org/fr la tou.

La Bible — Quel est son message?

Pou w aprann plis bagay sou Bib la, gade bwochi La Bible — Quel est son message? la. Se Temwen Jewova ki pibliye l. Li sou sit Entènèt www.jw.org/fr la tou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje